Kellymix retweetet

𝕴𝖓𝖈𝖔𝖌𝖓𝖎𝖙𝖔
Mwen te renmen l pa enpridans,
se pa t pa aza ni pa feblès.
M ap avwe mwen pa t dwe fè sa.
Pandan m te konnen kisa sa ap fè,
m te gentan konnen kijan sa ap fini,
jan de istwa sa yo.
Men m te ale kanmenm, tankou timoun ki foure men l nan dife, epi ki pa espere li ap boule.
__
Li te dous, menm twò dous pou mwen,
li t ap pale kòmsi tout bagay te gen sans,
kòmsi mwen te genyen lejitimite a.
Li t ap koute m vrèman, pa menmjan tout lòt yo konn fè li a. Li t ap souri ak blag san sans mwen yo, li t ap sonde pwofondè panse m.
E mwen te wè sa tankou yon menas,
paske moun ki wè byen, konn souvan anvi wè klè. Alòs m detwi sa avan li konprann mwen t ap doute, avan li akize m, di m te okouran. Mwen sal tout sa ki te pwòp. Mwen fè l gade tèt li avèk mefyans, li menm ki te wè m avèk konsyans.
Mwen aprann li retni li, pa ak kòlè ni layèn, men avèk degou epi pè.
Pou tout move rezon yo, mwen fè l wè m se yon danje, paske m te enkapab pou m di l mwen renmen l.
__
Men kounya, li ale ak sa li te genyen ki te vrè, mwen rete ak sa mwen fè a. Ak vid la, ak gou anmè a, ak sètitid silansye li p ap janm wè m menmjan ankò.
Mwen pa pèdi anyen, men mwen gache tout bagay. Si li padone m sa, se ap yon envitasyon pou n kontinye mache sou min, pou n kontinye frajilize ego nou.
Mwen te renmen l pa enpridans,
e menmjan ak tout sa mwen touche,
san rann kont, kè li mwen rive brize.
©️ Ekritize05 🥀

HT


















