Kellymix

514 posts

Kellymix

Kellymix

@kellydadm

参加日 Aralık 2024
73 フォロー中18 フォロワー
Kellymix がリツイート
𝑬𝒌𝒓𝒊𝒕𝒊𝒛è ♓︎ «
𝕴𝖓𝖈𝖔𝖌𝖓𝖎𝖙𝖔 Mwen te renmen l pa enpridans, se pa t pa aza ni pa feblès. M ap avwe mwen pa t dwe fè sa. Pandan m te konnen kisa sa ap fè, m te gentan konnen kijan sa ap fini, jan de istwa sa yo. Men m te ale kanmenm, tankou timoun ki foure men l nan dife, epi ki pa espere li ap boule. __ Li te dous, menm twò dous pou mwen, li t ap pale kòmsi tout bagay te gen sans, kòmsi mwen te genyen lejitimite a. Li t ap koute m vrèman, pa menmjan tout lòt yo konn fè li a. Li t ap souri ak blag san sans mwen yo, li t ap sonde pwofondè panse m. E mwen te wè sa tankou yon menas, paske moun ki wè byen, konn souvan anvi wè klè. Alòs m detwi sa avan li konprann mwen t ap doute, avan li akize m, di m te okouran. Mwen sal tout sa ki te pwòp. Mwen fè l gade tèt li avèk mefyans, li menm ki te wè m avèk konsyans. Mwen aprann li retni li, pa ak kòlè ni layèn, men avèk degou epi pè. Pou tout move rezon yo, mwen fè l wè m se yon danje, paske m te enkapab pou m di l mwen renmen l. __ Men kounya, li ale ak sa li te genyen ki te vrè, mwen rete ak sa mwen fè a. Ak vid la, ak gou anmè a, ak sètitid silansye li p ap janm wè m menmjan ankò. Mwen pa pèdi anyen, men mwen gache tout bagay. Si li padone m sa, se ap yon envitasyon pou n kontinye mache sou min, pou n kontinye frajilize ego nou. Mwen te renmen l pa enpridans, e menmjan ak tout sa mwen touche, san rann kont, kè li mwen rive brize. ©️ Ekritize05 🥀
𝑬𝒌𝒓𝒊𝒕𝒊𝒛è ♓︎ « tweet media
HT
0
5
10
324
Kellymix がリツイート
𝑬𝒌𝒓𝒊𝒕𝒊𝒛è ♓︎ «
Gen de nwit m pè dòmi, paske l ap kite m vilnerab. Se la lespri m ap pèdi kontwòl ou, se lè prezans pase nou vin twò lou. Gen de nwit m pè dòmi Jis pou m sispann kwaze w ak figi zanj, poutan entansyon w se fè m peche. Gen de nwit m konsyan m se sib sibkonsyan m, nan admèt si rèv nou pa asiste tiraj se paske w te pran lanmou pou aza. Gen de nwit m pè dòmi pou evite louvri parantèz m te fèmen ayèreswa, Epi pot atansyon ak silans ou ki debride, pandan kè w kontinye fè lasoudorèy. Gen de nwit ou abite m m santi w la, jan m te toujou swete I la. Poutan m souvan pantan ak yon revèy ki brital. Malgre m fè dèy absans ou, lè w moute nan lespri m, sa pa yon abitid pou m pase yon nwit ki trankil. Gen de nwit remò vle mete m ajou. fè m rann kont imaj ou se maji. Jan w tache anba popyè m lèswa pa dikte m lòt fason pou m aji, ke re trennen w nan reyalite m. ©️ Ekritize05 🌹💔
𝑬𝒌𝒓𝒊𝒕𝒊𝒛è ♓︎ « tweet media
HT
0
7
16
481
Kellymix がリツイート
N E C K
N E C K@Papi_neckquotes·
Lòt yo di “Se ou m chwazi”, mwen m di “Menmsi m ta jwenn opòtinite poum briye bò kote solèy la,map prefere chwazi kouri avèw anba lapli a!”❤️
HT
0
3
17
401
Kellymix がリツイート
Ti_jezi 🖤…🚶🏿
Ti_jezi 🖤…🚶🏿@MRCLN29·
Gen moun kap prefere pèdiw olye yo admèt avèw 🥹📌
HT
1
11
54
1K
Kellymix がリツイート
||_𝗠𝗿_𝗫𝗡𝗔𝗧𝗜𝗢𝗡.!•🦅🇭🇹❤️🐜
Bro to Bro : Kèlkeswa fanm ou avè l la, ou pa bezwen touye tèt ou nan ba l prensip oubyen blame l. Depi se ou l renmen e se ou l vle l ap jis bay tèt li limit ak lòt gason. Ps : Ou pa bezwen pran senti nwa nan goumen pou respè w nan yon relasyon.
HT
3
13
49
1.3K
Kellymix がリツイート
𝓁ℯ𝓁ℯ-Ⓑⓡⓘⓩ♏️
Pandan tout lòt yo anvi al monaco a paris, mwen m anvi mennenw sou la lune paske tè modi sa pa gen plas pou moun tankouw. Moun kew ye a pa pèmet pou wap viv pami tout humain stupid sa yo, yon mond mechan kote ou gen yon coeur ki pròp. Oui...mond sa pa fèt pou moun tankouw🥺❤️
HT
0
8
16
728
Kellymix がリツイート
Wilnise Chery
Wilnise Chery@wilnise_chery·
Nou pa janm poste men nou pi damou pase yo ❤️lanmou nou an pa pou fè moun wè , nap jere konfli yo an prive nap avanse ansanm an prive , nou pap fè yo favè pou mete bouch sou relasyon nou❤️.
HT
0
2
11
540
Kellymix がリツイート
𝓁ℯ𝓁ℯ-Ⓑⓡⓘⓩ♏️
Li evidan ke mo yo pa sifi ! E jès yo pa ase pou m montre w ke m renmen w ! Men sa m vle w konnen ! chak jou m ap batay pou m vin yon pi bon moun pou ou, si w akòde m konfyans ou m p ap pwomèt ou mond lan, men m ap pwomèt ou yon moun k ap toujou fè w pase avan tèt li🥺✋♥️
HT
0
11
29
1.1K
Kellymix がリツイート
Pitit Bondye🧎‍♀️💡🙏🏾🥰
#Som 51: 3-5 📖 Gen pitye pou mwen , BonDye. jan ou gen bon kè saa , tanpri ! Efase tout sa mwen fè ki mal , paske ou gen kè sansib . Lave’m , foubim pou wete fot mwen te fè a.Netwayem pou efase pechem lan . Mwen rekonèt sam fè a pa bon , se tout tan pechem lan devan jem.😔🙏🏾
HT
2
6
24
353
Kellymix がリツイート
🐼Evans Le panda🇭🇹🐼
🐼Evans Le panda🇭🇹🐼@EvansLepanda52·
Gen fanm tèlman dwòl, li konn ap relew nan téléphone Lap priye bondye pou pa pran apèl la wi Poul kafè zen avèw🙏😂👃🏻
HT
0
4
15
658
Kellymix がリツイート
Ada Ada 🌻
Ada Ada 🌻@AdaAda__11·
Ou pa gen lajan Pa fè timoun Timoun pa pou gason okipe selman Ou pa gen kòb Pa fè Timoun.
HT
7
30
159
12K
Kellymix がリツイート
Mr Roldy🕴️🥇
Mr Roldy🕴️🥇@DjRoldymixTM01·
Bro To bro : 🔹️-Pa janm kouche ak yon fanm marye 🔹️-Pa ianm kouche ak kolèg travay ou 🔹️-Pa janm kouche ak ex zanmi ou. 🔹️-Pajanm kouche ak yon manman selibatè. 🔹️-Pa janm kouche ak mennaj frè ou. 🔹️-Pa janm kouche ak yon fanm ki pi gran pase W. 🔹️-Pa janm kouche ak yon fanm ou pa fe konfyans ▫️Gen kek erreur ki koute plis pase yon nwit plezi📌
HT
56
13
117
18.2K
Kellymix がリツイート
Jeff 2.0
Jeff 2.0@JeffersonM10857·
Sonje sa: ou pa oblije fè gwo pa chak jou… men ou pa dwe janm sispann mache. 🚶‍♂️🔥 Menm lè lavi a lou, menm lè ou fatige se la fòs ou ap bati. Demain se pou sila yo ki pa lage jodi a. Kenbe fèm. Kontinye. Ou prè pou briye. 💫
HT
2
8
25
554
Kellymix がリツイート
🐼Evans Le panda🇭🇹🐼
🐼Evans Le panda🇭🇹🐼@EvansLepanda52·
«Just yon konsey»☑️ *Montre fan'm nan Reyalite'w😒 Pou'l pa mande'w sa'w pa kapab ofri têt ou🫰🏼😊*ti mesye pa baw fanm manti aprann viv ak sa nou gen pa nan prete nan men moun`` pou demen poum pa wont 👃🏿👃🏻💥
HT
0
6
11
469
Kellymix がリツイート
DADE
DADE@josephvergentz·
Nan yon ti lonbraj, li respire san bri, Li kanpe ant nwit ak limyè. Rad li tache sou kò l, li fè pli, Tankou yon sekrè ki tache nan fon kè. Bra l leve, l ap pale pou kont li, Tankou l ap chèche sekou, Yon zetwal pèdi, Yon nèg li te damou. Li pa ni estati, ni rèv, Li anvi yon bizou sou lèv. Li bezwen sekirite, L ap tann… pou tout letènite.
DADE tweet media
HT
1
10
22
1.1K
Kellymix がリツイート
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠
Ou son Biblo☺️Yon Dyaman💎 Yon Art Ke'm pap Janm Sispann Admire🌌Ou Son Reyon Solèy🌅Ou se Tout sak Anbeli Anviwònman'm😌Ou se Yon Anvi,Yon Batman,Yon Motivasyon e 100 Rezon poum pa Janm Abandone😌❤️Ou se Yon Kontantman🥰Yon Lajwa🥰Yon Bonè Melanje ak yon Paradi❣️
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠 tweet media
HT
5
23
164
9.8K
Kellymix がリツイート
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠
Lavi Banm Yon Kado Ke'm Panse'm pat Merite se Posede Yon Trezò Tankou'w💎😌Mwen pa Yon Jènjan men pou Wou Mwen Prè poum Vin yon Jènjan yon Fason poum ka Chame'w ak Chak Segond😌💘Yon Fasonm Pou'n ka Dekri'w ak Ekri'w poum Di'w Kijan ou Jwè nan May mwen e se Sèl Wou Mwen Fokis😻❤️
HT
0
6
18
1.2K
Kellymix がリツイート
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠
Mw Prè a Tou Pou Wou☺️❣️Sèlman Jus Pwouvem ou Meritem ak Sakrifis Mwen yo😌Mw pa Bezwen Konn sa Demen ap Pote😌Yon Sèl Bagay Mw Vle ak Anvi se Kotew Demen❣️📌M'Anvi Make'w🥰Met So'm Sou Wou Yon Fason Pou'm fè Tout Moun Konnen se pou Mw ou ye😌❤️Se Zo Kòt Pam ou Ye donk pa Pwoche
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠 tweet media
HT
1
16
77
5.5K
Kellymix がリツイート
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠
Pafwa mwen anvi di anpil bagay de wou men'm pakapab koz pa gen Ase mo pou'm pale de wou🥰❤️ Pa gen ase mo pou'm dekri'w💎❤️ E mo ki la yo trò fèb pou'm itilize yo pou'm ekri pou wou😍❤️ K I N G D E E L L E 👑✊
🅱️ÈL Tℹ 🅿️AW🅾️L🧠 tweet media
HT
1
11
53
2.6K