Negro 🇭🇹
29.7K posts

Negro 🇭🇹
@jwc509
Diversité dans toute sa splendeur

🇹🇷 Turquie: Une tentative d'assassinat dans la ville d'Antioche contre un bureau de change.

Saeta fè Ayiti plis mal ke byen pou mondyal lan. Saeta se jis yon konpayi k ap bay seleksyon an mayo epi fè kòb, yon bagay anpil jèn ti biznisman Ayisyen te kapab fè tou. Mayo seleksyon an difisil pou jwenn nan anpil peyi, sa ki vin lakòz anpil moun fè fo mayo yo, e sou pwen sa a nou pa ka twò blame moun yo. Yo pa menm gen yon bon nivo nan design. Pafwa pa gen gwo diferans ant kèk mayo Alibaba ak kalite twal yo itilize poi mayo nou yo. Saeta pa gen okenn vrè puisans maketing. Nou janm wè yon kanpay marketing Saeta pou seleksyon an ? Gen ti peyi ki pi mal pase nou nan pouvwa acha oubyen nan foutbòl, men Adidas, Puma oswa Nike rive jere imaj yo trè byen. Konsekans vizibilite Ayiti sou sèn entènasyonal la rete limite. Se paske nou gen mantalite “ede” a ki fè nou rete tèlman atache ak yo depi plis pase 10 an. Avèk jan seleksyon an vin popilè jodi a, nou pa t dwe rete ak yo ankò.

Pandan ekip la vin popilè a tou efase 13 lane envestisman yo nan plizyè ekip nasyonal nou genyen yo? Paske n kalifye nan mondyal la, li gentan fè nou plis mal pase byen? Li gentan se yon konpayi ki jis ap fè kòb pandan pyès lòt konpayi pat vle nou nan ane ki sot pase yo? Se kounya tijèn biznisman ayisyen ka fè l? Kote yo te ye ane avan yo? Poukisa yo pat di ba yo fè l men se pandan mondyal la, yo te gentan ka fè l paske nou wè l gen lajan? Konpòtman sa gen yon non wi P.S: ou ka toujou eksprime ensatifaksyon w san parèt engra

ÈSKE ALIX DIDIER FILS-AIMÉ KA FÈ ELEKSYON? NON. PM defakto Alix Fils Aimé avwe bay “Le Nouvelliste” ke l repouse eleksyon mwa out yo pou desanm akoz ensekirite. An desanm l ap ranvwaye yo “sine die”, paske li pa gen okenn plan estratejik pou konbat ensekirite a! Si se yon prèv kominote entènasyonal la t ap tann sou enkonpetans yon PM ilegal, ilejitim ke yo enpoze yon popilasyon viktim...yo jwenn! Nou redi sa ankò okenn ekzekitif monosefal p ap ka reyalize eleksyon an Hayti, kit gen sekirite ou pa. Enpoze peyi a yon PM pou fè eleksyon poukont li, se prepare yon kanaj tankou riyèl vayan. Nou paka mete abse sou klou ! Sa tout moun dwe konnen: Alix Fils-Aimé vyole ofisyèlman Atik 1.1 ak Atik 12.1 nan Akò Politik 3 Avril 2024 la, ansanm ak Atik 10 nan Dekrè 12 Avril 2024 la ki te pibliye nan jounal Le Moniteur. Tèks lwa sa yo te ba li yon sèl misyon fèm: mete sekirite ak òganize eleksyon san okenn pwolongasyon posib. Apre 18 mwa, li avwe echèk li, lè li ranvwaye eleksyon pou desanm, apre tantativ pou vyole endepadans KEP la. Ki donk, manda Fils Aimé bout! Li pa gen plas li nan tèt Leta ankò. Li montre iresponsabllte li tou, pandan Latibonit ak Plenn nan ap pran dife anba bal, li pran lajan Leta pou al chèche benediksyon pou li ak fanmi li, nan peyi Itali Yon ane apre kontra ak mèsenè Vectus Global yo, ensekirite a vin pi mal, plis teritwa pèdi, ki donk, se pa yon bon estrateji. Fòk gen chanjman estrateji ak yon ekzekitif bisefal. Pitit Dessalines p ap rete bwa kwaze, pandan Plan Estratejik Sekirite Nasyonal la ap dòmi nan tiwa Leta depi digdantan. Jan li prevwa nan PSSN nan, ekzekitif bisefal la gen obligasyon ekipe 2 Fòs Repibliken nou yo (PNH/FAD'H) ak Bidjè de Gè a epi fè konfyans ak ekspètiz veterans haysyen yo. Pèp la bezwen Sekirite, peyi a bezwen Eleksyon nan bon kondisyon ! @OEAHaiti @BINUHHAITI @Blackcaucus @caucusalerts





