Angehefteter Tweet

M pa t janm kwè nan lanmou a distans.
Jiskaske m te rankontre li nan yon ti club PV.
Li te konn di m:
“Pa janm kite m dòmi fache avè w. Si yon jou m pa reponn, rele m jiskaske m leve.”
Nou te vin tounen tout bagay youn pou lòt.
Pa t gen moun ki te konnenm mwen jan li te konnen m
Li te konn tout blesi m, tout laperèz mwen…
E li te konn kalme yo san bri
Men yon swa, nou te fè diskisyon
Yon ti bagay sòt. Jalouzi. Ògèy.
Li te rele m 7 fwa
Mwen te wè apèl yo
Mwen pa t reponn
M te di nan tèt mwen:
“L ap relem ankò demen.”
Li pa t janm rele ankò
A 3:33 nan maten, telefòn mwen sonnen
Se pa li
Se te sè li
Kap dim ke Yo tire sou machin li pandan li t ap rantre lakay li
Dènye notifikasyon li sou telefòn li se te konvèsasyon nou an.
Dènye mo li te voye ban mwen:
“Tanpri, pa fè sa… pale avè m cheri .”
Mwen pa t janm reponn.
Jodi a, chak fwa m wè 3:33 sou telefon mwen, kè m sote
Paske m reyalize gen moun k ap pèdi moun yo renmen…
Pa paske yo pa t renmen yo
Men paske yo te panse yo te gen tan
Si w gen yon moun ou fache avè l kounye a…
Vale ògèy ou
Rele li
Voye mesaj la
Paske pafwa, dènye mo w ap voye a ka tounen dènye chans ou
HT




















