Tweet Disematkan

Senaryo plozib aprè 7 fevriye. Kisa w vle ou menm? Si w reflechi youn, ki pa nan pa m lan, ajoute l. Sa ka ede.
1- EKZEKITIF AK 2 TÈT [PWOLONGASYON KPT]
KPT an jwenn konsansis ak aktè politik yo, san yo pa tenikont sou kijan pèp lan ap reyaji pou yo rete sou pouvwa a jiska dat similasyon kalandriye elektoral yo prevwa a.
Nouvo delè, nouvo tranch gato separe, negosiyasyon chanje minis, amandman nan akò 3 Avril lan sou pwolongasyon 9 malen yo. Nan faz sa a, tounesòl lan t ap sispann, dènye kowòdonatè an t ap rete nèt jiska (eleksyon). Nan ka sa a, nou t ap tou konfime nèg ak kòb yo pi entèlijan lontan pase nèg politik yo, vizyon lontèm yo an plase St Cyr an dènye nan wotasyon tikout lan.
2- EKZEKITIF AK YON SÈL TÈT
Senaryo Henry II. PREMYE MINIS TOUPISAN.
Politisyen echwe, sosyete sivil rate, (entèlektyèl parese), Blan ki gen enterè imedya k ap defann kontra miltinasyonal repibliken sou pretèks prensip demokrasi apiye premye minis [k ap anplas lan], pandan yo di yo konstate echeyans KPT an rive nan bout li. Nan sans sa a, KPT an ranvwaye Jan sa a te prevwa a 7 fevriye2026, gouvènans peyi an kontinye ak premye minis k ap anplas lan sou baz yon lòt akò jiska eleksyon. (AJANNDA BLAN KI SANKSYONE FRITZ JEAN YO).
3- 2 TÈT KANMENM AK MENM MOUN YO.
Desizyon pou yo kenbe yon sèl moun oswa 3 nan manm KPT yo ak premye minis ki an plas lan jiska eleksyon. Sa ki ap redui twòp enfliyans plizyè gwoup ak katèl politik genyen sou desizyon rasyonèl e imedya y ap gen pou pran pou eleksyon fèt ak gagòt pou yo pran ti rès ki te rete pou pèp lan.
4- 2 TÈT MEN Y ALE NAN KASASYON.
Akò ak fòs politik gwoup k ap reklame ale nan KASASYON an defini fòs yo ansuit yo enpoze akò sa a avèk fòs. Yo pral chwazi yon jij nan aparèy jidisyè an ki gen " repitasyon onèt" ak "konpetans", ki gen viza ameriken, kanada, pitit ak madanm yo pa p viv isit pou vin prezidan. Ansuit pou l nome yon premye minis, pou minis sa a fòme gouvènman l an separasyon ak tout manitou ki te pwomote ak envesti nan akò sa.
5- Viv ansanm gate jwèt lan, si pèp lan li menm kite jwèt lan fin jwe.
Ou gendwa di m, ou remake blan an pa nan senaryo m dekriw yo. Ansuit kote pèp lan nan tout sa yo? Èske sa posib?
Repons: Blan an nan tout senaryo yo nèt. Men se nèg ak fanm san kolòn vètebral yo k ap toujou devan e se figi yo k ap toujou reprezante.
Pèp lan stil an mòd obsèvatè. Deklik ki pou chavire tab lan poko aktive. Ann espere yo t a jwenn yon mouvman Patriyòt Otantik ak yon Lidè ki Angaje [POLKA] pou yo ta ralye fòs ak konviksyon yo pou yo chanje peyi an trajektwa.
6- Tout GAD ki nan peyi an frape pye yo atè, yo met Ayiti devan. Yo batay kont moun ki nan sistèm peze souse an, yo koupe fache ak blan ki pa zanmi Ayiti yo vre, yo redefini relasyon diplomatik yo, yo vann vizyon yo genyen pou Ayiti, ak yon plan etap pa etap, nou koupe pon tranzisyon ti pas kout lan, nou retounen nan konstitisyon an e nou defini sou pwochen 50 tan K ap vini yo men koman peyi an ap gouvène. Nou mare vagabon, nou ekzile sa ki merite ekzile, pèp lan jije sak tonbe Anba men l, nou ranfòse fòs frap ak suivi Leta. Nou lave Imaj peyi an, pandan n ap retire fatra nan LETA A, nan lajistis, nan lari an. Nou koupe fache ak koripsyon, nou mete prizon pou sa ki vle sanksyon lajistis, nou padone sa ki merite padone. Sa ki pi enpòtan an, se retabli Dessalines nan vrè plas li nan sosyete an. Rebay Ayisyen fyète l ak diyite l.
AYITI t ap rale yon souf ak ki senaryo?
Ki senaryo ou prefere?

HT

















