

Me. POMPILUS 🇭🇹
7.5K posts

@frantzcell22
TRAVAILLEUR SOCIAL (FASCH) JURISTE,JOURNALISTE INVESTIGATEUR,Manb Fondatè GAD, INISYATÈ Haïti-Perspective2030IPR Entrepreneur, PDG LES ENTREPRISES POMPILUS






















The Trump Administration will not permit anyone that supports brutal gangs terrorizing Haitians to remain on American soil. This week Reginald Boulos was deported from the United States for destabilizing Haiti.



Pwosè sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lan ta sipoze fin fèt avan eleksyon fèt nan peyi an. Sa k ap fèt nan (Floride) etazini an pou m pi presi. Pwosè sa a sipoze ede a demaske tout politisyen koupyon, kriminèl, san ideyoloji politik ki kwè asasinen yon prezidan an fonksyon se te pi bon bagay pou w batay kont li. L ap ede Nou idantifye san voye monte, biznizmann malonèt, ki itilize lajan yo fè nan peyi an pou destabilize e sape avni politik, sosyal e ekonomik Ayisyen k ap viv ni nan peyi an ni deyò peyi an. Asasina prezidan an se yon bagay grav, men prèske 5 lane aprè, pouvwa a tonbe nan men kowalisyon politisyen kriminèl melanje ak biznizmann k ap toufe ekonomi an, yo pa regle anyen, bagay yo vin pi mal. Sa vle di, yo pa t gen ni plan, ni vizyon sou kòman pou yo dirije aprè asasina a. Pèp Ayisyen gen obligasyon pou yo aprann fè lagè! Paske politisyen sa yo fouye dwèt yo nan je pèp sa twòp.



