Me. POMPILUS 🇭🇹

7.5K posts

Me. POMPILUS 🇭🇹 banner
Me. POMPILUS 🇭🇹

Me. POMPILUS 🇭🇹

@frantzcell22

TRAVAILLEUR SOCIAL (FASCH) JURISTE,JOURNALISTE INVESTIGATEUR,Manb Fondatè GAD, INISYATÈ Haïti-Perspective2030IPR Entrepreneur, PDG LES ENTREPRISES POMPILUS

cap-haitien 가입일 Şubat 2011
3.6K 팔로잉7.1K 팔로워
고정된 트윗
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Senaryo plozib aprè 7 fevriye. Kisa w vle ou menm? Si w reflechi youn, ki pa nan pa m lan, ajoute l. Sa ka ede. 1- EKZEKITIF AK 2 TÈT [PWOLONGASYON KPT] KPT an jwenn konsansis ak aktè politik yo, san yo pa tenikont sou kijan pèp lan ap reyaji pou yo rete sou pouvwa a jiska dat similasyon kalandriye elektoral yo prevwa a. Nouvo delè, nouvo tranch gato separe, negosiyasyon chanje minis, amandman nan akò 3 Avril lan sou pwolongasyon 9 malen yo. Nan faz sa a, tounesòl lan t ap sispann, dènye kowòdonatè an t ap rete nèt jiska (eleksyon). Nan ka sa a, nou t ap tou konfime nèg ak kòb yo pi entèlijan lontan pase nèg politik yo, vizyon lontèm yo an plase St Cyr an dènye nan wotasyon tikout lan. 2- EKZEKITIF AK YON SÈL TÈT Senaryo Henry II. PREMYE MINIS TOUPISAN. Politisyen echwe, sosyete sivil rate, (entèlektyèl parese), Blan ki gen enterè imedya k ap defann kontra miltinasyonal repibliken sou pretèks prensip demokrasi apiye premye minis [k ap anplas lan], pandan yo di yo konstate echeyans KPT an rive nan bout li. Nan sans sa a, KPT an ranvwaye Jan sa a te prevwa a 7 fevriye2026, gouvènans peyi an kontinye ak premye minis k ap anplas lan sou baz yon lòt akò jiska eleksyon. (AJANNDA BLAN KI SANKSYONE FRITZ JEAN YO). 3- 2 TÈT KANMENM AK MENM MOUN YO. Desizyon pou yo kenbe yon sèl moun oswa 3 nan manm KPT yo ak premye minis ki an plas lan jiska eleksyon. Sa ki ap redui twòp enfliyans plizyè gwoup ak katèl politik genyen sou desizyon rasyonèl e imedya y ap gen pou pran pou eleksyon fèt ak gagòt pou yo pran ti rès ki te rete pou pèp lan. 4- 2 TÈT MEN Y ALE NAN KASASYON. Akò ak fòs politik gwoup k ap reklame ale nan KASASYON an defini fòs yo ansuit yo enpoze akò sa a avèk fòs. Yo pral chwazi yon jij nan aparèy jidisyè an ki gen " repitasyon onèt" ak "konpetans", ki gen viza ameriken, kanada, pitit ak madanm yo pa p viv isit pou vin prezidan. Ansuit pou l nome yon premye minis, pou minis sa a fòme gouvènman l an separasyon ak tout manitou ki te pwomote ak envesti nan akò sa. 5- Viv ansanm gate jwèt lan, si pèp lan li menm kite jwèt lan fin jwe. Ou gendwa di m, ou remake blan an pa nan senaryo m dekriw yo. Ansuit kote pèp lan nan tout sa yo? Èske sa posib? Repons: Blan an nan tout senaryo yo nèt. Men se nèg ak fanm san kolòn vètebral yo k ap toujou devan e se figi yo k ap toujou reprezante. Pèp lan stil an mòd obsèvatè. Deklik ki pou chavire tab lan poko aktive. Ann espere yo t a jwenn yon mouvman Patriyòt Otantik ak yon Lidè ki Angaje [POLKA] pou yo ta ralye fòs ak konviksyon yo pou yo chanje peyi an trajektwa. 6- Tout GAD ki nan peyi an frape pye yo atè, yo met Ayiti devan. Yo batay kont moun ki nan sistèm peze souse an, yo koupe fache ak blan ki pa zanmi Ayiti yo vre, yo redefini relasyon diplomatik yo, yo vann vizyon yo genyen pou Ayiti, ak yon plan etap pa etap, nou koupe pon tranzisyon ti pas kout lan, nou retounen nan konstitisyon an e nou defini sou pwochen 50 tan K ap vini yo men koman peyi an ap gouvène. Nou mare vagabon, nou ekzile sa ki merite ekzile, pèp lan jije sak tonbe Anba men l, nou ranfòse fòs frap ak suivi Leta. Nou lave Imaj peyi an, pandan n ap retire fatra nan LETA A, nan lajistis, nan lari an. Nou koupe fache ak koripsyon, nou mete prizon pou sa ki vle sanksyon lajistis, nou padone sa ki merite padone. Sa ki pi enpòtan an, se retabli Dessalines nan vrè plas li nan sosyete an. Rebay Ayisyen fyète l ak diyite l. AYITI t ap rale yon souf ak ki senaryo? Ki senaryo ou prefere?
Me. POMPILUS 🇭🇹 tweet media
HT
0
1
0
923
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Lwayote, sans responsabilite, angajman ak disiplin sipoze kalite endispansab ki dwe ratache yon ajan sekirite oswa yon sekirite rapwoche yon ofisyèl. Si w pa santi w ankadre pou w fè ejòb lan, pi bon bagay lan se remèt demisyon w. Si w pran mil (1000$) USD pou w trayi Moun lan, ou pa diy pou w te gen responsabilite sa a. Sa a senp!
HT
1
0
1
10
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Jwenn moun ki finanse asasina Prezidan Jovenel Moïse yo pa pi difisil pase sa. Aprè asasina a, yo voye foto kadav lan bay Moun san dout ki kòmandite krim lan. Y ap di: "misyon an akonpli kanmenm." FBI gen prèv sa yo! DCPJ te ka fè sa tou wi, men yo kite teknik lan, anpil fwa se politik ki mennen ankèt pa yo a. Se domaj sa Nou genyen isit yo ki rele jij enstriksyon yo pa nan nivo responsabilite yo konfye yo an. Kounya pou se lòt tribinal lòt peyi k ap fè limyè sou yon krim konsa.
Me. POMPILUS 🇭🇹 tweet mediaMe. POMPILUS 🇭🇹 tweet media
HT
9
3
23
3.6K
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
@richardsenecal M pa plis rete nan konfizyon an non Senecal. Mwen wè absans kreyativite nan chwa non an pa rapò ak sila ki te gen non jenerik lan avan an.
HT
1
0
0
161
Richard Senecal
Richard Senecal@richardsenecal·
Te gen AyiboPost, kounye a gen AyitiPost tou.😀 Gen anpil lòt ekzanp konsa. Èske se orijinalite nou manke, oswa se renmen nou renmen pran woulib sou travay lòt moun? Nou ka panse se entelijan nou entelijan men an reyalite se yon plajya n ap fè, e li pa onèt.
HT
9
6
51
6.3K
Windy Phele
Windy Phele@windyphele·
Kiyès ki te jwenn nan kòb PWOJÈ BOLIVI A ?
Windy Phele tweet media
HT
11
9
36
5.9K
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Bagay sa depatcha m Pak an Pak depi lè m wè videyo a. Bouwo yo rete bouwo jis paske konplisite an depase nivo pasivite, yo vin konplisite aktiv. Yon konplis ki di sa pa ase, ranfòse krim lan, e li bay lejitimite tanporè akt ki poze an. An verite, si sosyete an pa leve kanpe pou n di non ak enpinite, n ap pèdi Ayiti avan lontan. N ap disparèt antanke pèp.
HT
1
1
3
262
@SkasonBaptiste
@SkasonBaptiste@SkasonBaptiste·
🚨🇭🇹 HAYTI - URGENT : JODI A SE « LILIN ». DEMEN, S KA CORA-LYNN OSWA PITIT OU Tout pandan m ap gade videyo a, se pa menm doulè viktim yo ki plis rache kè m, se sitou vwa moun ki te bò kote bouwo a, ki, — olye yo t ap di l sa sifi, — men ki t ap di l sa pa sifi. Ebyen moun sa yo otomatikman konplis lè yo t ap di l literalman : « Ou pa bay Lilin ase non. Apa se 2 kout bwa sèlman ou bay Lilin… » Pawòl moun (konplis) ki te la yo fè m tranble pi mal pase kout bwa depakat yo. Pou mwen, sa vle di klèman, Hayti cheri nou an rive nan yon pwen kote mechanste pa sèlman egziste ankò, li jwenn espektatè, kameraman pou filme, montè pou byen chwazi sekans yo, epi responsab rezo sosyal pou pibliye zak baba sa yo nan lide pou ensite plis vyolans, jiskaske n rove nan gè sivil. Wi, jodi a, zak vyolans k ap komèt sou moun, lè zak sa yo rive lakay nou, gen moun ki mete yo disponib pou ankouraje yo, genyen lòt ki la pou ri yo. E sa se prèv pa kat, nou prèske pa moun ankò jan KAÏ chante mizik la. M vrèman pa konn ki sen m ta priye pou sosyete a ta ka dezabitye ak mechanste, pou n sispann gade vyolans kòm yon aksyon nòmal ki dwe repwodui. PA gen anyen ki nòmal nan sa, keseswa mare de medam yo, pandye yo, joure yo, bat yo, ankouraje bouwo a ba yo plis, filme yo, epi pibliye videyo a sou rezo sosyal. Non, yonn nan aksyon sa yo mwen site la yo pa nòmal, menm si mesye ak mayo jòn nan ta manm #PNH, epi de medam yo ta manm #VivAnsanm. Paske depi yon moun mare, li pa yon menas ankò. Depi yon moun anba kontwòl ou, sa w fè l apre sa ka gen tout non, sof jistis. Kidonk, videyo n ap gade la sa, se yon zak mechanste ki gen « tòti » oswa « krim » kòm lòt non. Janbèna, ou pa menm bezwen poze kesyon pou w konnnen kisa de medam yo te fè mesye a. De medam yo se viktim, mesye a se agresè. Sa vle di, kèlkeswa zak 2 medam ta komèt, menm si yo ta reprezantan Lisifè sou latè, e menm si yo ta komèt zak ki pi mal la, yo pa merite sibi britalite sa. Dayè, pa gen anyen nòmal lè yon moun santi li gen dwa kraze zo yon lòt moun anba kout pye, kout pwen, kout bwa, anba imilyasyon, tankou lavi ak diyite lòt moun sa pa vo anyen. Antouka, jodi a se yo… demen, se ka pitit ou, sè ou, frè ou, zanmi w, oswa ou menm an pèsòn. E se egzakteman konsa sosyete nou an ap degrenngole. Se pa lè gen bouwo tankou mesye ak mayo jòn nan sèlman, men se lè gen yon gwo kantite moun ki wè, ki tande, epi ki antann yo tasitman pou yo fè silans paske se pa yon moun yo konnen, sa pa regade yo. Lòt bagay ki plis endinye m nan videyo a, jodi a se anivèsè Premyè Dam mwen an, Cora-Lynn k ap selebre 11 ane egzistans li. Pandan l ap resevwa jwèt, flè, tout kalite kado, lanmou ak konsèy nan men paran ak zanmi l, nan menm moran an mwen al tonbe sou videyo sa kote aparaman « Lilin », yonn nan viktim yo, se yon ti fiyèt ki petèt gen 11 lane tou. Yon timoun ki ta dwe ap jwe, ap ri, ap reve. Olye de sa, yo pandye l, y ap maspinen l, y ap imilye l, epi gen moun k ap ankouraje sa. Se grav ! Se poutèt sa, m ap mande pou nou rann mwen yon sèl sèvis. Tanpri, ede m souple pou videyo sa pa disparèt nan endiferans. Pa kite videyo sa mouri san bouwo a pa peye pou zak baba ak brital sa li komèt sou 2 medam yo. Tanpri souple, ede m fè l rive kote li dwe rive. Paske si nou pa di anyen jodi a, bouwo yo ap santi yo gen dwa kontinye maspinen nou. Nan sans sa, si ou rekonèt omwen yonn nan viktim yo, kontakte m an prive nan mesaj WhatsApp : +509 37 19 6191. Paske si yo vle pote plent, m ap mete avoka mwen a dispozisyon yo san okenn frè ak depans pa depann de yo. Yon lòt bò, si ou rekonèt mesye k ap komèn zak sal sa, ou kapab voye enfòmasyon an an prive tou. M ap depoze yon plent fòmèl kont li, sitou si li pa deja yonn nan manm gang oswa gwoup teworis ki deja anba gwo plent ak sanksyon yo. 1/2
HT
35
34
59
21K
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Leta Ayisyen pa touye Jovenel Moïse. Pa di bagay konsa! Gen visye ki te nan Leta a ki pa nan dimansyon responsabilite yo te konfye yo a. Se yon pakèt trèt yo ye. Yon polisye pa ka pran 1000$ ameriken nan men yon kriminèl pou w sispann sekirize yon prezidan. Sa a se yon refleksyon Nou dwe fè pou n konnen si l nesesè pou kò sa yo gen rezon ekzistans yo nan lapolis lan. USGPN, CAT TEAM, USP
HT
3
0
0
106
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Gen yon chef Gang an Ayiti ki te opoze ak Ariel Henry paske l estime yo te blo l e kite l deyò nan pouvwa a. Li di se sou san, pouvwa sa a te chita. Li te konnen byen sa l di an. Li te piblik. Kounya, revelasyon kriminèl yo ap fè nan tribinal Miami an ede n wè e konprann pi byen patisipasyon l nan krim lan. E li menm site non aktè politik ki te konn chita avè l pou yo planifye strateji politik yo ak li pou destabilize peyi an. A kiyès krim lan pwofite? Repons: 1- Claude Joseph ki te kenbe pouvwa a tousuit âpre asasinay lan. Menmsi ou ka toujou di l te oblije paske peyi an te ka sonbre pi plis si l pa t fè sa. 2- Ariel Henry ki vin premye minis tousuit aprè. 3- Tout pati politik ki te siyen akò ak Ariel pou yo te pran pouvwa a. SDP #1 4- KPT, asosiyasyon pati politik ak sektè prive ki met têt yo ansanm nan yon akò politik pou yo te kenbe pouvwa a. Nan kowalisyon sa a: ou jwenn EDE, SDP, FANMI LAVALAS, OPL, PITIT DESSALINES, RED, ak anpil lòt ankò. 5- Alix Didier Fils aimé, INITE- VERITE elatriye.
HT
0
0
0
33
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Si n pouse refleksyon an pi pwofon toujou. Plan asasinay prezidan Jovenel Moïse lan te gen plizyè Faz. Asasinen karaktè an te gen yon kantite kòb ki te bay pou sa: M panse gen anpil patwon medya, jounalis senyò ant parantèz ki te finanse nan Faz sa a. Liliane Pierre Paul, Jean Monard Metellus, Elia Josué, ak anpil lòt ankò. Faz peyi lòk lan, destabilize peyi an te gen yon lòt finansman. Nan Faz sa a: te gen Fantom 509, sendika SPNH, Grèv, suivi manifestasyon sendika transpò, pwofesè ak ouvriye. Faz Mach an blan atis yo, a la tèt Izolan. (Operasyon Bolivi) Faz (tantativ) koudeta rate nan tibwa. Faz (tantativ) Gètapan nan delma 75. Faz (tantativ) anpwazone l nan palè. Faz (tantativ) arete l pandan l ap sot nan peyi Tiki. Finalman Faz e ekzekisyon 6.7 jiyè 2021 nan chanm li an. Chak Faz sa yo gen finansè. E li pa t ap ka Jaar Rudolph sèlman.
HT
0
0
0
28
Jean Colson Stimphat
Jean Colson Stimphat@JeanStimphat·
@Jessondesign @frantzcell22 Sa w di an klè wi, moun yo just pa satisfè de Jaar kòm otè entèlektyèl. Yo ta plis renmen tande non Boulos ak Dimitry Vorbe se sa k fè y ap mande moun toujou men si te gen lòt moun nèg yo t ap gentan avwe sa pou diminye pèn yo
HT
1
0
0
31
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
@ElMaestroPedri Verite an pi senp. Se jij yo ki fè pa gen sekirite nan peyi an. Se pa ensekirite ki fè jij yo KOWONPI. Se paske jij yo KOWONPI ki fe vin gen Ensekirite.
HT
2
0
0
19
Ayiti Leve
Ayiti Leve@ElMaestroPedri·
@frantzcell22 Majorite jij yo grangou, yo nan mizè e yo pa gen sekirite nan yon peyi se ensekirite ki fè lalwa.Ou paka jwenn jistis la zanmi m. Nenpòt gwoup moun serye ki pran tèt peyi a se pran 10 jij ki konpetan epi ba yo mwayen ak sekirite tankou yon prezidan pou yo fè Auisye respekte lwa
HT
1
0
0
13
Gianni Lerk
Gianni Lerk@Gianni_Lerk·
@frantzcell22 M kondane sak fet la. Men kiyès ki ba yo otorizasyon ? Yo dim se sou 3eme edisyon yo ye Sa vle di otorite yo te okouran ?
HT
1
0
0
4
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
•Kòman pou Dj vin ap jwe anndan sitadèl lan menm? •Epi ki mizik? Pou ki okazyon? ISPAN te apwouve evēnman sa a? Meri komin lan te apwouve l? ✓[Mezanmi, patrimwàn yon peyi, Nou pa serye ak (tètan) Nou non]! ✓Espas sa a sakre pou limanite, senbòl yo gen valè, vagabondaj sipoze gen limit. Espas sitadèl lan sipoze envyolab!
Me. POMPILUS 🇭🇹 tweet media
HT
3
6
6
653
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Nou voye l kolonbi pa vre? Se pa konyensidans ? Si Nou pa twonpe, se la mèsenè ki te gen misyon asasinen prezidan Jovenel Moïse yo sòti tou? Pyès yo ap reyini pou Puzzle lan fin konplè nèt. Delimart te boule 6,7 jiyè 2018. Jovenel asasinen 6 pou rive 7 jiyè 2021. Konyensidans?
HT
0
0
2
167
U.S. Embassy Haiti
U.S. Embassy Haiti@USEmbassyHaiti·
L'administration Trump ne permettra à personne qui soutient les gangs brutaux terrorisant les Haïtiens de rester sur le sol américain. Cette semaine, Reginald Boulos a été expulsé des États-Unis pour avoir déstabilisé Haïti. ___ Administrasyon Trump la pap pèmèt pèsonn ki sipòte gang brital k ap terorize Ayisyen yo rete sou tè ameriken an. Semèn sa a, yo te depòte Reginald Boulos Etazini paske li te destabilize Ayiti.
Bureau of Western Hemisphere Affairs@WHAAsstSecty

The Trump Administration will not permit anyone that supports brutal gangs terrorizing Haitians to remain on American soil. This week Reginald Boulos was deported from the United States for destabilizing Haiti.

Français
58
8
47
18.3K
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
@RTVCHAITI voye repòtè al kouvri pwosè k ap fèt nan tribinal (Miami) an sou asasina prezidan Jovenel Moïse lan? #tnh Jean Monard toujou Canada? Ni Roger Noelcius tou?
HT
0
0
3
307
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Li posib pou lajistis trase ekzanp sa n ap pale an. An itali, te gen yon epòk, bagay yo te osi grav jan ou wè oligak Ayisyen yo pran ekonomi ak politik peyi an Otaj, mafya italyen yo te osi puisan nan nivo oligak pa Nou yo an Ayiti an. San ekzajerasyon, yo te pi puisan pase predatè pa Nou yo. Te gen 2 jij antimafya ki make listwa ki te chanje dinamik enpinite an. Yo rele : Giovanni Falcone ak Paolo Borsellino. Mesye sa yo te mare anpil kowonpi ki te konpoze klas mafya entouchab nan yon epòk avan sa. E tou 2 jij sa yo te pwouve sistèm lan pa pouri nèt, yo te fè diferans lan. Ou panse n pa ka fè sa tou? Gen anpil Polka, si yo te jij, nan dosye asasina Jovenel Moïse lan, yo t ap make listwa Pozitivman!
HT
0
1
1
62
Me. POMPILUS 🇭🇹
Me. POMPILUS 🇭🇹@frantzcell22·
Pwosè sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lan ta sipoze fin fèt avan eleksyon fèt nan peyi an. Sa k ap fèt nan (Floride) etazini an pou m pi presi. Pwosè sa a sipoze ede a demaske tout politisyen koupyon, kriminèl, san ideyoloji politik ki kwè asasinen yon prezidan an fonksyon se te pi bon bagay pou w batay kont li. L ap ede Nou idantifye san voye monte, biznizmann malonèt, ki itilize lajan yo fè nan peyi an pou destabilize e sape avni politik, sosyal e ekonomik Ayisyen k ap viv ni nan peyi an ni deyò peyi an. Asasina prezidan an se yon bagay grav, men prèske 5 lane aprè, pouvwa a tonbe nan men kowalisyon politisyen kriminèl melanje ak biznizmann k ap toufe ekonomi an, yo pa regle anyen, bagay yo vin pi mal. Sa vle di, yo pa t gen ni plan, ni vizyon sou kòman pou yo dirije aprè asasina a. Pèp Ayisyen gen obligasyon pou yo aprann fè lagè! Paske politisyen sa yo fouye dwèt yo nan je pèp sa twòp.
Me. POMPILUS 🇭🇹 tweet mediaMe. POMPILUS 🇭🇹 tweet media
HT
1
5
12
991
Carel Pedre
Carel Pedre@carelpedre·
E si m ta di nou Bal pa egziste ankò nan kominote a? Nou nan yon deba 'Bal vs Konsè', alòske sa n’ap fè la a depi kèk tan, se pa bal li ye.
HT
18
29
292
26.1K