DOR VISIO-COM

232 posts

DOR VISIO-COM banner
DOR VISIO-COM

DOR VISIO-COM

@Visiocomsa

Compte officiel de Vision Marketing et Communication : DOR VISIO-COM 🎙 Agence de communication digitale - audiovisuelle...

Katılım Haziran 2025
82 Takip Edilen54 Takipçiler
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #Reveye_w #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #21
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽@SherlyTanis

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : Pa_gen_pran_tan_ nan_ pèdi_tan #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #20

HT
2
12
13
222
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : Pa_gen_pran_tan_ nan_ pèdi_tan #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #20
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽@SherlyTanis

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #PITO_M_PE #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #19

HT
1
9
12
468
DOR VISIO-COM retweetledi
DOR VISIO-COM retweetledi
MENFP Education Haiti
MENFP Education Haiti@MENFP_Education·
Communiqué de Presse Le MENFP salue l’impressionnante victoire d’Ariana Milagro LAFOND Le Ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) salue avec une immense fierté la victoire éclatante de la jeune Haïtienne Ariana... facebook.com/share/p/1bcZ17…
MENFP Education Haiti tweet media
Français
2
8
27
1.2K
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹#Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Tout bagay sou kontwòl ? Ou fè kòmsi ou pa wè jan mantalman nou fin depatcha Gade byen pou w wè jan majorite nan nou ap kilbite nan espere chanjman k ap fè nou filalang Epi nou tèlman fin delala Nou sanzabri Nou delabre N ap fè lèsanpa Pale koze tèt anba Yon bann pawòl san adrès Ou fè kòm si w pa tande se yon gwo kri detrès... Pa di ou pa remake nou pèdi lisidite nou anba pil bri katouch gwo kalib k ap maspinen nou anndan kou deyò Laperèz tèlman enstale nan mantal nou se tankou nou tande y ap di nou pou nou : - Rete lakay nou - Pa al chita lekòl - Pa ale nan inivèsite - Pa fè komès pou nou viv ale wè pou n ta viv tankou moun Pandan y ap fè nou kouri pasi pala Nou retounen nan jwe kach kach san nou pa anvi jwe vre Nou bouke kouri mezanmi ! Briganday fè menm kadav nou yo pa alabri Kòman ou ta vle pou nou menm ki vanyan ta jwenn mwayen pou n mete n alabri lè bal pèdi ap chache nou kou chen fou ? Menm si nou konnen trè byen bal yo pa janm pèdi vre Se sèl nou menm ki pèdi nan kafou pèdisyon Konpatriyòt Se pa de alabri w ap pale ? Alabri ki bò ? Alabri ki kote ? Ou pa wè menm alabri pou tèt pa li nan kouri Se nou menm k ap pèdi tout bon sans nou lè nou pa konprann se sèvèl nou yo vize Nou pa wè se nou menm y ap brize Domaj nou pa menm ka analize konbyen mantal ki prale tikal pa tikal ak kalite krèm sèvo n ap pèdi pa banm ak pa pakèt Ebyen gade pou nou wè si tout bagay pa sou wout pou fini Apre yo fin pase men pran lekòl Inivèsite vin pa ka jwe wòl li tout bon vre Lopital yo plat atè pandan maladi ap pete fyèl manman, papa ak pitit Bibliyotèk nou yo tounen pousyè Men, èske se yon mannèv pou tout moun rete bèkèkè ? Mezanmi Si se kòmsi Pwofesyonèl nou yo te mèt al kenbe kwiy ? Epi... kisa yo pral di nou apre sa ? Tout bagay sou kontwòl. #SHERLY_TANIS_CATOR ✍🏽
HT
0
3
9
70
DOR VISIO-COM retweetledi
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
#Ou_kwè_se_ta_sa ? Sa ka pa sa Sa gen dwa menm pa janm rive sa Men jan m wè sa ap dewoule la a se posib pou se yon bagay konsa Bon, si sa se ta sa sa pa t ap parèt pi mal pase sa Men kòm pesonn pa pi fò pase sa ou pa ka fin twò kwè nan sa apre sa pou w di w pa t panse sa Paske nou pa moun konsa konsa. #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 tweet media
HT
0
8
13
385
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
Gen kèk jou ki pase tankou van lapli k ap pote ale tout san n te mete nan tè lavni pou al mennen nan balanyen jouk li rive tenyen tout bren limyè Pa mande m si m viv youn nan yo Se poutèt sa lè mwen pa jwenn okenn branch solid pou m kenbe se lè sa mwen tanmen chache gwo rasin ki anndan m yo pou m pa tounen youn nan pay ki prale nan mitan toubouyon an. @Sherly_Tanis_Cator ✍🏽
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽 tweet media
HT
2
9
24
353
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #WI_NOU_KAPAB #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #17
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽@SherlyTanis

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #Limyè_pa_konn_pèdi_wout_li #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #16

HT
3
11
15
551
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bon_Jou_Konpatriyòt 🇭🇹 Limyè pa konn pèdi wout li Menm si ou ta wè dènye kout zèklè traka lavi vle frape ou nan mitan gwo tanpèt Move tan pa dwe fè ou retire je ou sou reyon limyè plen lespwa ki te deja trase pou destine ou Konpatriyòt Mete chapo bon konprann ou nan tèt ou pou w ka wè klè lè flanm solèy mitan jounen ap toufonnen ou Konsa ou va keyi bèl grenn lawouze lè bon jou yo va gen pou yo pwente pou souri ou ka retounen... Paske souvan bèl pwomès ki tounen van koze met la ak lespwa ki fonn tankou lafimen konn fè ou fè bèl rèv pou granmesi Epi bat pou w pa rate sa ou te bay tout san ou ak tout tan ou pou w bati Konpatriyòt Rete veyatif pou w pa dezoryante lè w ap chache limyè ki anndan w lan. Li pa lòt kote ! #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
HT
0
6
8
88
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹#Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Pa kanpe ! Kite m di ou yon ti koze ! Li nòmal pou w santi ou fatige Si ou anvi fè yon ti poze Respire... Chache nan pwofondè souf lavi BonDye bay gratis Epi pa gade ni agoch, ni adwat Kontinye vanse ! Pa kanpe ! Pito ou eseye vole pi wo Plane ak lespri ou byen louvri sou tout kwen latè Paske pi gwo sekrè ki kenbe moun solid malgre tout kalite tanpèt se yon nanm ki rete limen san tenyen Menm nan moman ki pi fè nwa yo. Konpatriyòt Pa sispann konbat sa ki pa dwat Sinon plede tonbe leve nan madebat ka fè ou rete konsa ou wè rèv ou tonbe san bat. Toujou kenbe flanblo ou san tranble bay tout ou menm lè sa nesesè Pandan w ap prezève sa ki pi enpòtan pou ou Ajisman sa yo va kondui ou nan dènye bout limyè ki pare ap tann ou nan bon lè. Konsa wa vibre san rete tout kote Sèlman kwè ou se yon bèl zetwal ki fèt pou klere. Devwa ou se briye. Pa kanpe ! #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
HT
0
7
10
78
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 #Fè_yon_pa_anplis Si sa rive ou santi w anviwonnen avèk enèji ki pa favorab pou ou grandi Epi ou reyalize nan antouraj ou gen move kouran k ap pwopaje Si malgre tout jefò ou fè Ou wè w ap make pa sou plas Sa vle di ou dwe fè yon pa anplis Poze tèt ou kesyon sou ou menm menm Èske misyon ou kadre ak vizyon ou ? Si de eleman sa yo fè ekilib tout bon vre w ap jwenn amoni w ap chache a Paske se pa espas la ki pa bon vre Anpil fwa se moun ki nan espas la ki rann li toksik wi nan pa vle wè youn lòt vanse Men kouman nou ka rive pwogrese nan yon anviwonman konsa ? Konpatriyòt An nou sispann tounen dezagreman youn pou lòt Bay chak moun ki ap viv bò kote ou yon chans pou li temwanye sou bonte ou ak kalite moun ou ye a san ipokrizi san flatri san pas pouki #Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽
HT
0
7
9
99
DOR VISIO-COM retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #Limyè_pa_konn_pèdi_wout_li #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #16
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽@SherlyTanis

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #FÈ_YON_PA_ANPLIS #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #15

HT
1
9
10
677
DOR VISIO-COM retweetledi
TJ PAG
TJ PAG@Talyjardin·
TJ PAG tweet media
ZXX
0
2
4
47
DOR VISIO-COM retweetledi
TJ PAG
TJ PAG@Talyjardin·
TJ PAG tweet media
ZXX
0
2
7
51
DOR VISIO-COM retweetledi
Fondasyon Mantal Ayiti (Jedimantal).
Jedi sa k ap 5 mas 2026, 4 è apre midi nan lokal MIEFH la ri 21 K, Jedimantal ap prezante w yon sijè enpòtan sou : "Byen konprann kòman transfòme soufrans mantal vyolans sou moun/Fanm bay", se yon fanm k ap entèvenan, yon fason pou n make Jounen Entènasyonal Dwa Fanm avan 8 mas.
Fondasyon Mantal Ayiti (Jedimantal). tweet media
HT
0
11
13
277