
CAPTEH
84 posts

CAPTEH
@capteh_edu
Expertise en éducation


MENFP/REFÒM KOURIKOULOUM Madi 3 septanm 2023 a, @MENFP_Education lanse yon atelye 2 jou pou finalize dokiman ki defini fason pou refòm kourikouloum lekòl la fèt nan peyi a. Nan lansman echanj yo, Minis edikasyon an, pwofesè @nesmymanigat, ensiste sou nesesite pou adapte lekòl la ak reyalite peyi a ansanm ak kreyòl ayisyen an. Minis lan montre avantaj ki genyen pou gen edikasyon fizik ak espòtif; edikasyon estetik ak atistik; Inisyasyon Teknoloji ak Aktivite Pwodiktiv depi nan klas ki pi ba yo. Travay atelye a se analize dokiman ki di jan refòm nan pral fèt la pou transfòme lekòl la, adapte li ak reyalite peyi a pou rann li itil ak peyi a. Atelye sa a k ap dewoule nan otèl Karibe, Petyonvil, ap bout mèkredi 4 septanm 2023 a. Li reyini plizyè patnè @MENFP_Education, aktè ansanm ak òganizasyon nan sistèm edikatif ayisyen an. Demach la vize etabli yon akò solid k ap pèmèt "fèy wout refòm nan" aplike pou transfòmasyon sistèm edikatif ayisyen an tout bon vre. @MENFP_Education @nesmymanigat @unesco_haiti #BID





Education/Curriculum Présentation de la Feuille de route de la réforme curriculaire 3 octobre 2023 «L’école haïtienne a besoin d’un curriculum endogène pour former des citoyens et des citoyennes compétents capables de participer pleinement à la transformation du pays, mais aussi des hommes et des femmes, dotés de compétences universelles, pouvant mener dignement leur vie professionnelle un peu partout à travers le monde », a déclaré le ministre de l’Education nationale et de la Formation professionnelle, @MENFP_Education à l’ouverture, ce mardi 3 octobre 2023, à Pétion-Ville, d’un atelier de deux jours sur la Feuille de route de la réforme curriculaire. Dans le contexte de la transformation de l’école haïtienne, il est bien indiqué de réaliser un tel exercice afin d’offrir aux enfants et aux jeunes une éducation qui soit adaptée à leur vécu et qui échappe aux modèles importés et imposés, a fait remarquer le ministre @nesmymanigat défendant l’idée que ce document-cadre de la réforme aligne tous les cycles de formation y compris le préscolaire et l’éducation non-formelle. Lisez l'article 👇 m.facebook.com/story.php?stor… @nesmymanigat @ONAPEHT @DAEPP_MENFP @unesco_haiti #BID #BCOM









Depi 2 syèk, se sèlman 7% elèv ayisyen ki rive fini lekòl segondè. Anpil nan elèv ki reyisi yo pa rive konprann defi Ayiti. Moman an rive pou elèv ayisyen li e konprann "Dezafi" Frank Etienne, reflechi sou "Sentaniz" Maurice Sixto, kapab analize "Kokorat" @bictizondife, apresye "Nan lakou a" @SoleilTafa, epi "Dyaman nan bidonvil" @zafemmusic, pandan n ap kontinye apresye "Le vieux Piquet" Louis Joseph Janvier oubyen "Le Cid" Corneille. Moman an rive pou edikasyon militilang la pèmèt apre 13 ane lekòl, tout elèv ka ekri e metrize kreyòl. Konsa y ap ka aprann franse, angle oswa panyòl pi byen. Moman an rive pou tout elèv ayisyen gen menm chans pou reyisi lavi yo. Moman an rive pou lekòl la pèmèt Ayisyen ak Ayiti reyisi. #InifòmInik #BakalorayInik #LivInik






@MENFP_Education/ BSEA-ENF Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl. Selebrasyon 57èm jounen entènasyonal Alfabetizasyon an dewoule, an Ayiti, jounen vandredi 8 sektanm 2023 an prezans minis edikasyon an, Pwofesè @nesmymanigat ak reprezantan @UNICEFHaiti, @unesco_haiti ak plizyè kad @MENFP_Education. Se nan Otèl Caribe ak nan lokal Sekreteri Deta Alfabetizasyon ak Edikasyon nonfòmèl (BSEA-ENF) aktivite yo reyalize sou pilotaj BSEA-ENF, patnè teknik ak finansye li yo, nan tèt kole ak Direkson Ansèyman Fondamantal (DEF) k ap pilote edikasyon nonfòmèl pou @MENFP_Education. Tèm nasyonal la se: "Alfabetisazasyon ak Edikasyon nonfòmèl, men nan men ak lavni sou chemin lavi." Sekretè Deta a, Madam Sandra Jacques Suzette Michel SAINT GEORGES, nan diskou sikonstans lan eksprime satisfaksyon li pou jan li menm ak ekip li ap dirije a chanje estrateji #BSEAENF, ki pèmèt, selon sa l di, plis moun kòmanse apresye travay k ap fèt pou marye alfabetizasyon, teknoloji ak reyalite moun yo pou fè yo fè, yo menm menm, tout sa k ap pèmèt yo devlope konpetans yo.

@MENFP_Education - 3yèm jounen atelye travay sou referansyèl konpetans pwofesyonèl anseyan yo, ak politik nasyonal fòmasyon anseyan yo. Nan twazyèm ak dènye jounen atelye a, Minis Edikasyon Nasyonal la, Pwofesè @nesmymanigat anonse 7 gwo aksyon @MENFP_Education prevwa reyalize pou ane akademik 2023-2024 la; ladan yo nou jwenn: akonpayman pou paran, akonpayman pou elèv lekòl ki deplase akoz ensekirite ki gen nan zòn yo, akonpayman nan aprantisaj. @MENFP_Education vize tou travay sou enklizyon tout timoun, fòmasyon pou pèsonèl edikatif yo, dyalòg sosyal ak sendika anseyan yo, travay sou modènizasyon sèvis pou itilizatè yo.






Madi 5 septanm, ouvèti dezyèm jounen atelye travay la te fèt anprezans Minis @nesmymanigat, DG @ONAPEHT, Doktè @rvbquot, ak plizyè lòt aktè nan sektè edikatif la. Refleksyon ak diskisyon yo te plis chita sou Politik nasyonal fòmasyon anseyan yo... instagram.com/p/Cw1HdzzL2M4/…

























