
Pwosè Florida:
M ap swiv avansman pwosè a ak atansyon. Se yon opòtinite pou anpil pawòl pale, pou anpil non site, pou anpil pawòl verifye.
Konfyans mwen piti, men espwa m gran. M ap obsève an silans, m analize chak temwanyaj, chak prèv.
Lajistis ak diyite se de gwo pilye nouvo sosyete nou swete a, alò kontinye swiv, kesyone, analize, fè yo sonje ke n pa bliye.
Tout sa m ye, tout sa m genyen, dedye a konba sa, sou yon fòm oubyen sou yon lòt.
Mèsi
HT
























