Post

Fam
Fam@The_Fewest·
@madsayiti, mwen renmen rapè ou ye a, mwen toujou ap di sa. E mwen dakò ak lefèt ke w bay soutyen ak yon militan kouwè Pastè Past (Pasa Pasa), moun ki fè kòmantè sa a ka panse se sou tiktok miche kale, epoutan... Men dezole, remak m fè ankò sè ke 2 definisyon ou bay pou tèm "underground" lan pa gen youn ki vrè, malerezman. Tèm Underground lan nan Rap vle di kisa ? Li vle di yon lifestyle : yon chwa lavi anndan kilti Hip-hop la ki li menm anbrase mizik la ki se Rap, ki limenm s on eleman anndan kilti a. Lifestyle sa a ka toujou yon kouran, men li rete yon chwa ak konviksyon, kidonk, yon rapè Underground se pa yon rapè moun poko dekouvri, men se pito yon rapè ki chwazi kreye lwen clout ak buzz, paske alaverite, zèv li yo se pa bagay gran piblik la pral anbrase vrèman. Se sa k fè souvan w ap wè yo pa kreye nan yon nivo estanda menm jan ak rapè mainstream yo, ki vle di yo pa toujou respekte nòm mizikal, yo pa respekte nòm sou fashion, sou konpòtman tou, elt... Lòt pwen ankò sè ke yon rapè Underground pa oblije yon atis angaje, li ka yon gangsta rapè, yon egotripè, epi wi, li kapab yon rapè angaje, elt... Epi, Kontrèman ak sa anpil moun ki pwo underground panse, rapè underground yo pa toujou pi fò pase rapè mainstream nan, sofke rapè underground yo g on avantaj nan kreyasyon, kote yo plis gen sousi mennen piblik yo a olye se piblik la ki mennen yo, e nan bagay sa a yo gen plis libète pou kreye nan yon nivo ki ka pi wòdpòt pase rapè mainstream yo. Menmsi tou, gen rapè mainstream ki fè anpil efò nan pwopoze bon jan kreyasyon. Ewa gran frè !
Fam tweet media
HT
6
10
19
3.4K
JOUALA ALBÒM
JOUALA ALBÒM@madsayiti·
@The_Fewest Tout sam di yo se sa , m jis wè ke wap eseye devlope gran pwen kem te mansyone nan komantè a kem pat vle long . Reli li , ou pap wè kem te di underground lan oblije fè mizik angaje sèlman , m bay plizyè lòt kritè ki rezime saw devlope yo . Ou te ka fè remakew on lòt jan 😎
HT
2
0
1
242
Fam
Fam@The_Fewest·
@madsayiti M pa gen sousi fè remake m, sinon m pa t ap adrese ak ou ak tout sajès sa a. Gwosè rapè w ye a pa anpeche w aprann e admèt erè oswa inyorans li sou yon bagay. Kounya se ou k ap montre konplèks ak siseptiblite. Men m dezole tou si w pran sa mal.
HT
1
0
2
225
Paylaş