Dr. Marc-Ansy Laguerre
111 posts

Dr. Marc-Ansy Laguerre
@AnsyMarc
Postdoctoral Researcher at Rice University | PhD in Earthquake Engineering












Jodia mwen soutni tèz doktora mwen ak siksè nan @Penn. Rechèch mwen te chita sou yon pwoblèm pratik: Migrasyon, Konfyans Enstitisyonèl ak Fintech. Mwen te eksplore Enklizyon Finansyè Imigran Ayisyen k ap viv Etazini nan kontèks chanjman politik piblik migratwa tankou fen TPS ak Program Biden Rechèch sa a te egzamine kijan imigran ayisyen k ap viv Etazini konstwi konfyans nan sèvis teknoloji finansyè, epi kijan pwogram tankou CHNV (Biden) ak Temporary Protected Status (TPS) enfliyanse konfyans sa a ak fason yo pouswiv enklizyon finansyè. Nan fon li, se te yon etid sou konfyans enstitisyonèl nan moman ensètitid. Sou kijan moun deside ki sistèm ki merite lajan yo, done yo, ak konfyans yo. M ap ofisyèlman resevwa diplòm mwen nan an Me. Travay la ap kontinye nan kwazman migrasyon, finans, enfrastrikti dijital ak konfyans enstitisyonèl. Ak anpil gratitid m ap di kominote m, vilaj ki antoure m e ki rann eksplwa sa posib MÈSI!



📌 Si vous êtes à Houston, passez nous voir cet après-midi à l’Alliance française de Houston à 17h pour un échange inédit sur Haïti à travers sa culture, ses réalités linguistiques et sa diaspora. Vous êtes bienvenu.e.s !











