Le beurre ou l’argent du beurre❓
66.8K posts

Le beurre ou l’argent du beurre❓
@Capel_PaGenDanG
Our second life begins when we realize we only have one 🧘🏾♂️


Saeta fè Ayiti plis mal ke byen pou mondyal lan. Saeta se jis yon konpayi k ap bay seleksyon an mayo epi fè kòb, yon bagay anpil jèn ti biznisman Ayisyen te kapab fè tou. Mayo seleksyon an difisil pou jwenn nan anpil peyi, sa ki vin lakòz anpil moun fè fo mayo yo, e sou pwen sa a nou pa ka twò blame moun yo. Yo pa menm gen yon bon nivo nan design. Pafwa pa gen gwo diferans ant kèk mayo Alibaba ak kalite twal yo itilize poi mayo nou yo. Saeta pa gen okenn vrè puisans maketing. Nou janm wè yon kanpay marketing Saeta pou seleksyon an ? Gen ti peyi ki pi mal pase nou nan pouvwa acha oubyen nan foutbòl, men Adidas, Puma oswa Nike rive jere imaj yo trè byen. Konsekans vizibilite Ayiti sou sèn entènasyonal la rete limite. Se paske nou gen mantalite “ede” a ki fè nou rete tèlman atache ak yo depi plis pase 10 an. Avèk jan seleksyon an vin popilè jodi a, nou pa t dwe rete ak yo ankò.



Ekip nap monte la , mondyal la se preparasyon kap fèt di ti lig nasyon an ak gold cup la aranje yo nap vini ! 🇭🇹







Antanke Ayisyen 🇭🇹 e analis sportif ki g on gwo nivo nan pale e detaye tout pati nan jwèt sa, mwen pap kache nou sa, mwen ta renmen wè Wilde-Donald Guerrier nan pré-lis seleksyon an. E sa pa sèlman pou kesyon nostalji. Se paske gen kèk jwè ki pote plis pase yon senp minit sou tèren. Yo pote eksperyans, emosyon, koneksyon ak jenerasyon ki grandi ap suiv yo. Mwen sonje epòk America des Cayes te konn vin jwe kont Cavaly AS. Guerrier te youn nan figi foutbòl ayisyen an ki te fè anpil jèn reve. Gen yon aura, yon enèji, yon grinta li toujou pote lè li gen mayo Ayiti a sou li. Kounye a, ann klè, pèsonn pa mande pou li vini kòm gran vedèt ekip la oubyen kòm titilè obligatwa. Men nan gwo tounwa yo, se pa sèlman 11 titilè yo ki fè diferans lan. Yon gwoup bezwen eksperyans, bezwen vwa nan vestyè nan, bezwen jwè ki konprann presyon drapo a epi yon jwè ki soti nan nannan peyi an. 👀 Anpil fwa yon seleksyon bati sou 15 oubyen 16 jwè reyèlman esansyèl e rès yo pote balans mantal, motivasyon ak pwofondè gwoup la. Mwen jis panse Guerrier merite respè sa. Paske gen jwè ki pa sèlman sèvi yon jenerasyon ak pye yo, yo make memwa yon pèp. Ann mete sa nan achiv GUERRIER nou an. Opinyon mwen jis sa.

Bon jodi a mwen gen yon ti tan disponib e talè konsa mwen pral lanse yon Space sou X paske gen yon diskisyon mwen santi anpil moun ap analize ak emosyon men pa ak menm lojik la. Mwen wè anpil moun ki pa vle Wilde-Donald Guerrier nan seleksyon Ayiti a pou pwochen gwo konpetisyon an. Yo pale de laj li, ritm li, chanpyona li, nivo aktyèl li e mwen respekte tout agiman teknik yo. Men kestyon mwen an senp: Poukisa menm moun sa yo konn pèdi tout kritè sa yo lè se gwo non entènasyonal yo renmen? Paske ann serye yon ti moman. Nou wè fanatik atravè mond lan toujou ap mande pou Neymar ale nan Mondyal la malgre blesi, mank ritm ak gwo kesyon sou nivo aktyèl li. Menm bagay pou Lionel Messi ak Cristiano Ronaldo, 2 lejand absoli jwèt la ki pa menm evolye nan pi gwo entansite foutbòl Ewopeyen an ankò. E mwen deja konnen repons lan: ‘Men yo se Messi ak Cristiano.’ Ebyen daprè konesans elve mwen nan jwèt la Wilde Donald Guerrier se MESSI, se NEYMAR JR ak CR7 pa nou an. Egzakteman. Se la menm pwen mwen an ye. Paske pafwa, nan foutbòl, yon jwè depase bagay ritm sèlman. Li pote eksperyans, lidèchip, emosyon, memwa, presyon vestyè ak koneksyon ak drapo a. Kounye a nou vin sou Guerrier. Wi, li pa nan Premier League. Wi, li pa nan Champions League. Wi, li jwe nan yon divizyon ki pa fè moun reve. Men lè nou itilize sa sèlman pou efase tout sa li reprezante pou foutbòl ayisyen an, mwen jwenn sa brital anpil. Paske si n ap sèvi ak bagay nivo chanpyona kòm sèl jijman ann rete onèt nan tout direksyon yo. MLS la, Campeonato Brasileiro Série A, Saudi Pro League la pa pi gwo nivo foutbòl mondyal la non plis. E sa pa retire grandè Messi ak lòt ti mesye ki fet 5 février yo. Donk poukisa yon lejand ayisyen pa ka jwenn menm minimòm respè emosyonèl ak foutbòl li bay peyi l pandan plizyè ane? Talè a nan Space la, n ap pale foutbòl seryezman. San emosyon aveugle. San ipokrizi. 🇭🇹🔥 E ou menm kote w kanpe fok LEJAND lan prezan oubyen non 🤭😀

M ta we yo rele DG77 epi yo pa rele ti Emerson😂😂😂 e depi la a pa gen peyi i

Haïti étant déjà qualifiée pour la FIFA World Cup 2026, la question se pose désormais autour de la participation des cadres de l’équipe, dont Wilde-Donald Guerrier. En grande forme avec son club, Guerrier enchaîne les bonnes performances avec des buts et des passes décisives. Son expérience et son impact sur le jeu font de lui un candidat sérieux pour figurer dans la liste finale. @Kirikounews


