Centre à la Une
4K posts

Centre à la Une
@Centrealaune
Centre à la UNE, se yon medya an liy ki fonde 9 jiyè https://t.co/LZKJDaA080 bay nouvèl nan lang kreyòl.
Rennes, France Katılım Ocak 2024
596 Takip Edilen413 Takipçiler

Ayiti: Salè minimòm pa jou pou ouvriye nan sektè sou-trètans lan fikse kounye a ak 1 000 goud, daprè anons Minis Ekonomi ak Finans lan, #Serge_Gabriel_COLLIN, te fè lendi 4 me 2026.

HT

AYITI: Aprè yon mwa, Minis Defans lan Mario Andrésol pa ko onore pwomès plizyè santèn militè li te anonse pou Plato Santral
Li atik la 👇🏼
centrealaune.com/2026/05/03/ayi…

HT

Leta pran mezi kont dlo kontamine pandan li vle soutni antreprenarya: 22 jou pa machann dlo yo konfòme yo
👇🏿
centrealaune.com/2026/05/02/let…
HT

Tansyon monte nan Sen Mak: popilasyon an leve kont ensekirite nan Bas Latibonit👇🏿
centrealaune.com/2026/05/02/tan…
HT

500 pwofesyonèl lasante resevwa, vandredi 1e me 2026, nan okazyon Jounen Agrikilti ak Travay, lèt nominasyon ak pwomosyon yo."Dèyè chak lèt, gen yon figi, yon istwa, yon rèv ak yon sèman: sèman pou sèvi, pou bay swen epi pou soulaje,” se sa PM @citoyendidier di.

HT

Savanèt yon vil ki riske pou disparèt akoz menas inondasyon : silans Leta a ogmante kè sote popilasyon an👇🏿
centrealaune.com/2026/04/30/sav…

HT

Depatman Sant: @cep_haiti fòme jounalis pou amelyore kouvèti elektoral la ann Ayiti👇🏿
centrealaune.com/2026/04/30/dep…
HT

Jounalis #Jerry_Larson_Xavier ki se repòtè radyo trajik 89.9, denonse agresyon li sibi 29 avril 2026 la, anba men yon anjan sekirite DG ladwàn Ayiti a #Gerald_Remplais, pandan li te vin kouvri yon mouvman pwotestasyon anplwaye dwàn yo ki gen 8 mwa yo pa touche t ap fè.

HT

Nan yon kominike ki date 28 avril 2026, Asosiyasyon Profesyonèl Majistra yo #APM di li kondane ak tout fòs li menas lanmò jij enstriiksyon #Nesly_Phele ap sibi aprè li te òdone pou voye grefye Wilfrid Elie ak ansyen Senatè Wilot Joseph jije devan tribinal kriminèl pou fo.


HT

Depatman Sant: Ansyen #Senatè_Wilot JOSEPH fè apèl madi 28 avril 2026 la nan kad òdonans jij #Nesly_Phele te rann kont li ki te voye li jije nan tribinal kriminèl pou fo nan ekriti piblik.

HT

Petrogaz Ayiti: yon konpayi petwòl ki baze nan Florid, te resevwa 12.5 milyon dola nan men Ministè Ekonomi ak Finans Ayiti. Konpayi an te transfere plis pase 725,000 dola bay de sosyete ki t ap benefisye kanpay #Cherfilus_McCormick, selon ankèt Komite Etik Lasanble Depite a.

HT









