Sabitlenmiş Tweet
Chery Jackson Vpl Still
8.8K posts

Chery Jackson Vpl Still
@CheryVpl
Gen ase plas pou nou tout, chak moun ka limen san l pa tenyen limyè lòt la. Nou kondane pou n makonnen desten nou 🇭🇹 #powèt #Argentine 🇦🇷 #Barcelone 💙❤️
Katılım Ekim 2020
800 Takip Edilen614 Takipçiler
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

tout pòt louvri , bèt yo antre,
labrenn mare
Bwa sèch te fin sanble,
konpe sot larivyè Epi metel byen fre
, paske pita komè ap antre
sou on bout bankèt
on ansyen vinil k ap tounen, tounen , tounen san rete,
konpa ap tonbe
egwi a ap balanse
gen bouk sentiwon ki pra l klere
shleu slheu , tabou , SKAH SHAH
kout saksofòn yo tankou ochan palè nasyonal
on bwat katon chaje plak
anba fenèt la kèk mesye byen bòzò ap kale blag
tankou devan kazèn dessalines ou pata di se gad nasyonal
Soti nan TOTO Bissainthe ,Fam Se La Rèn Soley ki tap woule .
Tonbe sou on Roger colas “tête a tête “ kap jwe Tout bouk la ka tande
tèt ap souke
galon kleren ap dilate
arebò tab la
On ti bichèt ki gen fig,rezen fre
On ti poban siwo myèl ki pa mele
on ti bòbèch byen klere
tab la chaje,
mouche tèlman chelbè pye l paka pile tè
l ap defile tankou manbouya
Tankou lannuit k ap mache sou tèt kay.
bon atò pòt rale , la sal la vid kou tonb blanch
fenèt sele, konpè rale on gòjèt sen michèl tou blanch
tout kanmoken tanmen bay talon
Yon bri krikèt ap fè son,
kòmè taye banda
l ap kase filè
l ap montre konpè bèl jipon
Nan chak kwen, mizik la antre,
Se kò k ap marinnen , se senti k ap platonnen
Bouch fèmen
men nan men
moun yo makonnen
konpè abiye pou tout pyas li
Chemiz blan wayabèl , lenn byen repase
Pantalon blan kou let bèf byen eskanpe
tou twaka ki pa kole a soulye ,ki deja byen
klere
Cheve men wotè gaye tankou dyondjon mawon
pa mande pou boubout li
wòb karabela
Cheve an boul, kouvri ak mouchwa
tèt dyòl li wòz kou kòk chen
Wòb koton an gaye nan van an
anba l on bel jipon Blan
pi kòkèt ke sa pa genyen
ala on dimanch swa papa
Kay la pafemen tankou l te lave a bazilik
Ak fèy mant
Nan chak kwen bouji limen nan bokal
Aswe a se on bal lokal
Nanpwen lapopilas , nan siye sentiwon pa gen mank
De bò fenèt rale , pòt rale dèyè l bwa pase
Lanbrenn mare ,bri krikèt pa travèse
Manzè mande woule on plak” ANNA PIERRE “
Se on kesyon de SIK SOU BONBON
Se yon bal fèmen, nanpwen envitasyon
Yon lodyans kò ki konprann kò,
Pa gen pale, pa gen eksplikasyon.
kòman pran latranblad kou fèy fêy palmis
Men mouche anba jipon
Nanpwen kò ki ka kenbe
Nanpwen rèl ki ka sere
Nanpwen je ki ka kale
Nanpwen bouch pou pale
kòmè ap fè siplis
Se on gwo devosyon
se de kò ki nan konfèsyon
Granmoun a granmoun vaksine pa bezwen pil pale pou konprann
se siwo kòmè vin bwè li pa vin kontwole koulè moulen , ni konte baton kann
Kò bwase tanmen tankou vètèb nan sann
se konpa k ap tonbe pa gen kwèdèk
Menm bet nan bwa konn kole tèt
Se konsa lanati fè fèt
se konsa manzè janètte
te gwòs pou elifèt
on dimanch 7 dawout 1977.

HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

Anpil moun itilize maryaj tankou yon prèv lanmou, men li plis pase sa. Se yon desizyon ki di: mwen chwazi w pou nou konstwi ansanm. Santiman an la, men li makonnen ak volonte epi chwa nou fè a. Lè santiman bese, lòt yo bali jarèt.
Afeksyon, respè, konfyans ak kapasite pou grandi ansanm, se pi bon baz desizyon nou an ka genyen.
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

@Kaly973 Fasil gen yon mizik ki rele koze fanm ak gason ki trete sijè sa m envite w koute l frèm
M renmen enèji pozitiv ou vre men la m pa fin dakò avèw. Mèdam yo pa merite sa
HT

Ou li epi se dediksyon sa ou fè ? Nangyèt mesye . Ou li sa m di a epi se sa menm ou wè pou w di . Ki rapò ? Komabo
Chery Jackson Vpl Still@CheryVpl
Mesye finalman ret pou kont nou Ou file fanm nan ou mande l kraze, li baw ou gen pwoblèm
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

@AdoAdo02 Pi souvan maryaj yo benefik pou mèdam yo, ke mesye yo
Laprèv : aprè maryaj fanm nan gra anfòm, li fenk demwazèl kwè m siw vle se pou mesye marye a non, tout nèg te gentan renmen l
Mesye a men m ap megri l ap goumen ak lavi poul pakite madanm li soufri
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

Ayiti se tout yon pwezi !
Yon powèm k ap dewoule
sou twal tan an,
anndan yon selera silansye
kote bri akalmi toudi.
Ayiti sou tout yon pwezi !
Lè vag ak van s on melodi
pou lonbraj ponyen kakofoni.
Lè lorizon pran eskanp figi l
nan imajinasyon.
Ayiti se tout yon pwezi !
Repozwa tout lèzondi
pou fè tripotay gwo midi
wangatwa tout inisye
pou fè espedisyon a minwi.
Ayiti se tout yon pwezi !
Mistè nan chak koudèy
pou sele pwofondè atizay.
Kote chak kè se yon rivay
pou lanmou pa fè lasoudorèy.
©️ Ekritizè05
Mrs.Dezod🇭🇹🌱@sndra_l
Bonjou, Bon Dimanche ✨ 📍 Ayiti 🇭🇹
HT

Mesye finalman ret pou kont nou
Ou file fanm nan ou mande l kraze, li baw ou gen pwoblèm
kaly@Kaly973
Ou te konn twonpe misye avèm , kounya sa kraze epi se mwen ou oze vle ki pou vin mennaj ofisyèl
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

Evite moun ki toujou panse moun nan konpetisyon ak li.
Evite moun ki toujou mete tèt li nan konpetisyon ak on lòt nan kèlkeswa fason an.
Evite moun ki toujou pran/panse tout sa w fè kòm on repons pou konbat li.
⚠️ W ap detekte l nan konpòtman l afiche parapò ak sa ou fè, se "égo" k dirije moun sa yo.
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi

MICRO-CHEATING
Èske w tande pale de MICRO-CHEATING deja ?
E si kèk jès nou te konsidere ki nòmal, men depi w an koup yo vle di byen plis pase sa ?
YON LIKE tanzantan, yon MESAJ nou pa vle montre, yon FLIRT ki pa vle di anyen.
ÈSKE SE AVÈK INOSANS YO FÈT OUBYEN SE YON LIMIT KI FRANCHI ?
Alòs :
• Jis ki kote nou ka ale san trayi ?
• Èske n oblije KOUCHE pou nou TWONPE ?
• Èske tout sa nou kache gentan di yon bagay ?
Vini nou pale sa aswè a, 9è pil !
Vin bay avi ou, osinon vin koute pou w ka aprann.
#tableronde #microcheating
HT
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi
Chery Jackson Vpl Still retweetledi







