Diyad Mario
65 posts



Ti mesye leta ap finanse yo rive nan sidès peyi a 🤦🏾♂️🤦🏾♂️ Mjis poko konnen ki objektif Ki kote nèg ki nan tèt peyi sa yo vle rive lè yap kontinye bere ti mesye (teworis) yo

Koze Ariana a son opòtinite pou nou ta lanse yon deba nan sosyete a . Gen moun ki apresye fason pèp la akeyi Ariana a etc gen lòt ki estime pa oblije gen tout sa pou yon jwèt TikTok . Ebyen olye nou ap tire Toya sou lòt ki se reyaksyon parese paske n ap pèdi tan e nou pap abouti a anyen pandan nou wè gon pwoblèm sosyal la ki merite rezoud ebyen an nou chita sou li e diskite pou wè sa ki pase . Son pèp inosan , dezespere e ki pa vrèman gen je li louvri sou lemonn , son dal moun ki pa menm konnen nan kisa yo pran la 🤷🏽♂️ moun yo kondane e pitit yo pitit pitit yo sistèm nan tou bwè yo tou donk li lojik pou swadizan viktwa li jwenn nan pou li selebre li e se pa fòt moun yo . gon pwoblèm donk si nou chita ansanm nou ka idantifye pwoblèm nan e jwenn yon solisyon a lon tèm . sa ki koz nou emèveye pou ti bagay ? Sa ki koz nou paka mobilize pou pitit nou gon meyè peyi ? oubyen eske 2 santiman sa yo ka kowabite ? 🤷🏽♂️ m panse diskite ap pi bon .




@KEPANKEP Cap, there's no way yo fe lwanj pou nou



Enjoying the vacations.









