
Jodi 22 me 2026 la, Ritshy Derilus (@ritchywmg) te rankontre ak plizyè abitan Dèlma 32 nan yon chita pale sou reyalite kominote a ak diferan defi popilasyon an ap fè fas chak jou. Rankont sa a te yon moman echanj ak refleksyon sou nesesite pou gen yon reprezantasyon ki pi pre sitwayen yo, ki baze sou dyalòg ak aksyon konkrè pou defann enterè popilasyon an.




















