🎉Don't miss this hot deal on SHEIN!
😱Can’t believe it! SHEIN now offers up to 40% OFF on top brands 💕👉 Search K3982JV or 🌟 Click the link to grab the deal!
onelink.shein.com/24/5b2jzrb9irdf
Se vre nou gen ijans men tanpri pa fè tèt cho, pou w pa mete absè sou klou jan Bòs Raynold toujou di l lè tèt li klè. Gen 5 rezon ki kalifye moun anba azil: Ras, Relijyon , Nasyonalite, Fè pati yon gwoup Epi rezon politik.
Kèlkeswa moun ki tonbe omwens anba youn nan rezon sa yo — Ki jwenn menas poutèt youn ladan yo oubyen plis — kapab aplike pou azil daprè Immigration and Nationality Act seksyon 208
Men atansyon avoka oubyen moun kap prepare l pou ou pa vwazen ou, li pap kesyone sa w di l nan rapò ou an, ou dwe sèlman di l sa ki verite epi dekri sa ki te rive ou an ekzakteman.
Li enpòtan tou pou nou konnen, pa fè azil pou azil fè li pou genyen case lan epi benefisye avantaj li bay yo.Kelkeswa
evidans ou ka jwenn pou kore written statement ou an enpòtan epi pi enpòtan toujou asire w jwenn yon avoka genyen ki travay gratis (pro bono), yon biwo oubyen yon moun ki konnen sa lap fè a.
Ofinal, verifye dosye ou an avan li ale jwenn USCIS oubyen Tribinal paske se mèt kò ki veye kò pou nou pa tonbe nan ka zanmi sa kote dosye l tounen 2 fwa deja paske ajan pa konnen pou li tyeke youn nan rezon ki sot esplike pi wo a. 👇
Diclaimer: Mwen pa avoka men ou pa bezwen avoka pou fil fòm I-589 lan nonplis. Pou kontakte yon avoka tyeke lis pro bono a, tyeke avoka ou pou plis enfòmasyon ki konsène ou pèsonèlman.
Na pataje sa si nou twouve li ka itil yon lòt! Pou mwen plis ou konnen plis evite tonbe nan pwoblèm.
#immigrationtips