KAMOKEN NEWS

5K posts

KAMOKEN NEWS banner
KAMOKEN NEWS

KAMOKEN NEWS

@KAMOKENNEWS

Page officiel Journal Kamoken news. ki prezante jounal sou Tweeter chak jou. Nou bay scoop pandan tout jounen. lwazi. E-mail:: [email protected]

Katılım Eylül 2017
4 Takip Edilen3.4K Takipçiler
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
L'équipe d'émission Analiz Kay D-gust est ravie d'annoncer la présence de Ralph Ganthier en tant qu'invité spécial de la prochaine édition. @ralphganthier 📅 Date : Dimanche 3 mai 2026 🕙 Heure : 10:00 AM 📍 Émission : Analiz Kay D-gust
KAMOKEN NEWS tweet media
Français
0
1
3
220
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Bonswa tout oditè ak oditris Analiz Kay D-gust 26 Vril Emisyon Analiz Kay D-gust ap gen chans Resevwa @atrosrockfam pou yon dyalòg sensè.
KAMOKEN NEWS tweet media
HT
0
0
2
73
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Tony mix anonse lap live pita a 10h sou dosye ki ta fè kwè li te gen pou jwe anndan citadelle dimanch ki te 12 avril la. Dj a fè konnnen kanpay boykotaj sa pap pase sou li fwa sa.
HT
1
1
6
2.3K
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Abigail Alexandre kontinye trase chemen ekselans li sou sèn entènasyonal la. Dòt yon talan ki pa neglijab ak yon avni ki parèt pwomèt, li te deja make listwa pa kouwòn li kòm chanpyòn nan yon konkou elokans an Frans, sa ki konfime kapasite li pou briye nan domèn entèlektyèl ak kiltirèl. Nan yon jès solidarite ak fyète nasyonal, Abigail pa t ezite voye mesaj felisitasyon li bay Ariana, apre prestasyon remakab li nan peyi Togo kote li te enpresyone piblik la pandan konkou House of Challenge la. Mwa avril la sanble make pa yon dinamik renouvèlman nan mitan jèn ki fèt nan lane 2000 yo. Lwen estereyotip negatif ki souvan asosye ak jenerasyon sa a, plizyè nan yo ap voye yon siyal klè bay kominote entènasyonal la: jèn yo pa limite ak dezòd oswa derive sosyal. Okontrè, yo ap miltipliye aksyon pozitif, pran inisyativ konstriktif, epi sèvi kòm modèl enspirasyon pou ankouraje lòt jèn angaje yo sou chimen devlopman pèsonèl ak pwogrè kolektif. Nan yon kontèks kote imaj jenès la souvan sibi kritik, reyalizasyon sa yo vini kòm yon rapèl fò sou potansyèl ak detèminasyon yon jenerasyon ki deside redefini naratif li.
HT
0
1
13
798
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Jenn enfliyansèz ayisyèn Ariana kontinye make prezans li ak otorite sou kontinan afriken an, pandan li ap leve byen wo drapo bikolò a apre viktwa remakab li nan konkou House of Challenge, kote li ranpòte premye pri pou 9yèm edisyon an. Siksè sa a pa sèlman konfime talan li, men li mete l tou nan sant atansyon plizyè gwo medya afriken, ki pa sispann salye pèfòmans li ak enpak li sou sèn dijital la. Ariana parèt kòm yon veritab anbasadè kilti ayisyèn, pandan li fè briye imaj Ayiti ak diyite sou tout fòm atravè kontinan an. Avèk yon karism natirèl ak yon kapasite pou konekte ak piblik la, li ap trase yon chemen enspiran pou yon nouvo jenerasyon kreyatè kontni ayisyen ki vize depase fwontyè yo.
HT
2
8
43
3.3K
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Majistra enterim Delma a, Wilson Jeudy, fè konnen ak tout otorite ak fyète li, li pare pou resevwa Ariana, jèn Ayisyèn ki sot pote lakay la yon viktwa istorik sou tè entènasyonal. Li anonse ofisyèlman ke chanpyòn nan ap resevwa yon akèy espesyal nan Palè Minisipal Delma a, kòm rekonesans pou ekselan pèfòmans li. Nan menm sans lan, Majistra a ensiste sou enpòtans reyalizasyon sa a, ki pa sèlman mete non Ariana an valè, men ki leve drapo Ayiti byen wo nan je lemonn. Pou rapèl, Ariana se yon jèn enfliyansèz trè aktif sou TikTok, ki rive make listwa apre li ranpòte gran pri a samdi 11 avril la nan peyi Togo, nan kad konkou entènasyonal “House of Challenge”. Viktwa sa a vini kòm yon gwo sous fyète pou jenès ayisyèn nan, e li montre kapasite, talan ak detèminasyon jèn yo sou sèn mondyal la.
HT
1
3
8
641
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Ariana finalman pran lapawòl apre viktwa li nan konkou House of Challenge ki te dewoule nan peyi Togo. Jenn enfliyansèz ayisyèn nan, ki briye sou TikTok, pwofite moman an pou li eksprime rekonesans li anvè tout pèp ayisyen an ki te kanpe dèyè li san febli pandan tout konpetisyon an. Avèk emosyon, li rann omaj espesyal bay paran li, li dekri kòm poto mitan ki pa janm lage men li, menm nan moman ki pi difisil yo. Li pa bliye non plis kontribisyon enpòtan donatè yo, ki te jwe yon wòl kle nan chemen viktwa li. Men pi lwen pase selebrasyon an, Ariana lanse yon apèl ki gen anpil pwa: li envite tout Ayisyen pran konsyans de reyalite peyi a ap travèse jounen jodi a. Daprè li, moman an rive pou dyalòg serye, pou refleksyon kolektif, ak pou aksyon konkrè, nan lide pou trase yon nouvo chemen pou Ayiti.
HT
0
4
21
802
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Ayè, lendi 13 avril, Ministè Kilti ak Kominikasyon Ayiti an te fè yon katriyèm entèvansyon piblik pou prezante mezi gouvènman an adopte apre trajedi ki te frape zòn Milo, nan nò peyi a. Nan menm kontèks la, Premye Minis Ayiti an dekrete twa (3) jou dèy nasyonal an omaj ak viktim yo ki pèdi lavi yo nan dram ki te dewoule anndan Citadelle Laferrière a.
HT
0
1
2
320
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Ministè Kiltirèl Komoninikasyon sòti yon odyo pou bay plis eksplikasyon sou dram ki pase nan Citadelle la 17 moun mouri sou kabann lopital 13 lòt toujou anndan Citadelle la
HT
0
0
0
175
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Ministè Kilti ak Kominikasyon an pibliye yon nòt odyo pou pote plis presizyon sou dram ki te rive nan Citadelle la. Dapre enfòmasyon yo bay, 17 moun deja mouri sou kabann lopital, pandan 13 lòt rete toujou andedan Citadelle la.
HT
0
1
2
488
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Avan Dram nan E pandan Dram nan Plis pase 15 moun ta pèdi lavi yo nan espas mitik Citadelle
HT
2
3
5
1.4K
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Joe Dwèt File te pase bay Ariana love nan yon live TikTok Li pwomèt li nenpòt sa li te bezwen pa ezite kontaktel.
HT
0
3
20
921
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Diskou Ariana pandan seremoni konkou a,avan menm yo kòmanse jwèt la Ariana fè yon diskou ki vin trè viral sou nèt la
HT
0
3
11
443
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Mesaj Ariana Voye bay chèf gang ak Lapolis pou debloke wout la
HT
0
2
6
466
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Picture by Fatima
KAMOKEN NEWS tweet mediaKAMOKEN NEWS tweet mediaKAMOKEN NEWS tweet media
English
0
1
4
463
KAMOKEN NEWS
KAMOKEN NEWS@KAMOKENNEWS·
Yo libere biznisman Reginald Boulos Ozetazini madi 7 avril la, aprè 8 mwa li te pase nan prizon lèl te fin jwenn arestasyon nan men imigrasyon ameriken. Dapre enfòmasyon ki soti bò kote pwòch li yo, Boulos deja sou wout pou ale Kolonbi aprè liberasyon li.
KAMOKEN NEWS tweet media
HT
0
0
0
274