Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
494 posts

Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
@PJacquespie
Lecturing Fellow in🇭🇹 Kreyòl & Culture at Duke 📖 & Stanford 📖. PrDir. 4 DukeEngage in Miami☀️. Join me in moving Kreyòl forward ✈️ . Kay pou ou🌹KREYOLIS🪘!
Durham-NC-USA || Okap-Nò-Ayiti Katılım Mart 2014
1.5K Takip Edilen1.5K Takipçiler

Ayiti kalifye, se byen. An nou pwofite momentum nan pou rantre lajan pou seleksyon an. Pou ki federasyon an (FHF) pa travay ak yon antrepriz pou fabrike yon milyon mayo, e menm plis, prese prese ? Konsa, Ayisyen tout kote va jwenn yon fason pou sipòte seleksyon an ? E lajan sa a ta ka sèvi seleksyon an nan preparasyon li pou Mondyal 2026 la. Mayo yo te sipoze disponib menm kote nouvèl la di Ayiti kalifye. Domaj !
Si sa ta rive se mwen ak de twa moun ki pa konnen si mayo yo disponib. FHF, tanpri di nou kote n ap jwenn mayo yo. Moun ki nan dyaspora a ap kontan achte mayo pa yo pou sipòte ekip la. Ayisyen anndan kou deyò ap kontan fè sa. Epi de twa moun ki zanmi Ayiti ka achte tou. Antan n ap selebre, an nou jenere lajan pou nou kore ekip la.
Pou fini, FHF ta sipoze deja ap travay sou konsepsyon yo lo mayo ki ta dwe disponib 2 senmenn anvan Ayiti jwe premye match li nan Mondyal 2026 la. Konsa, moun ki prale nan match la va mete mayo sa a pou pote sipò yo bay ekip la, e sila yo ki pa kapab deplase va mete mayo a antan yo chita lakay yo ap gade match la.
Si FHF pa ka fè sa, se pou l jwenn yon antrepriz ki ka ede l fè sa. Pa rate momentum nan.
HT

@tonyjballas Bon travay. Kontinye konsa.
HT

Pou Grenadye yo
Nou fè Ayiti bèl
bravo pou nou
bèl viktwa douvan Nikaragwa
nou konn sa Ayiti vo
Grenadye yo viv pou Ayiti
Ayisyen tout kote ka di viv Ayiti
randevou kase pou 2026
fwa sa a Ayiti p ap soti tris
Yon nouvo jenerasyon boul
nesesite pou nouvo dirijan
yon lòt Ayiti kote lavi fleri
katon wouj pou sila yo k ap mate li
HT

2025 Haitian Film Series. Nov. 7, 14, and Dec. 5, 12 at 7:00 pm EST. Fim se yonn nan pi bon zouti ki gen pou konnen sa k ap pase nan yon sosyete. Kite kout kamera yo pale ak nou pou nou sa wè nan ki mera nou ye. Konsa, n a konprann se pa kamera yo pou n kraze, ni choute sou moun ki dèyè kamera yo. Men, se chita n ak atitid nou pou n ranje. N ap tann ou depi orè a/yo bon pou ou. Klike sou lyen an sa a lè lè a/yo rive. Mèsi davans.
duke.zoom.us/j/95905047959
959 0504 7959

HT

Pou Papa Nasyon an
Nou lonmen non w
nou pa detounen w
kote w kouche a la
se pa de kesyon w ap poze
Ki sa n ap fè ak Ayiti
Ki Ayiti n ap kite pou timoun yo
Ki timoun n ap kite pou Ayiti
Ki lè n ap ranmase karaktè n
Vwa w pa sispann klewonnen
libète ak jistis pou tout moun
chapo ba devan fòs kouraj ou
rèspè pou ou Papa libète ak diyite
HT

Bèl bonjou/bonswa tout moun. Selebrasyon jounen lang kreyòl la se jounen nou tout. Kreyòl pale, Kreyòl konprann, Kreyòl deside. Nou sou 13yèm ane a. An nou pote kole pou nou fè lang nou an rive pi lwen. Klike sou lyen sa a lè lè a rive pou vin tande, brase lide ak nou.
duke.zoom.us/j/98649338909
Meeting ID: 986 4933 8909

HT

Pasyon ak pasyans se de (2) eleman kle ou bezwen nan tout sa w ap antreprann. Plis ou devlope yon pasyon pou sa w ap fè a, plis ou motive pou chèche zouti ki pou ede w byen fè travay ou. Plis w ap chèche zouti, se plis w ap devlope kapasite w pou vin kreye pwòp zouti pa w. E se plis w ap aprann, plis w ap poze kesyon. Konsa, w ap anrichi konesans ou nan domèn pa w san kanpe. Plis w ap kontinye devlope yon pasyon pou sa w renmen, se plis w ap anvi pataje sa w konnen, sa w dekouvri ak tout lòt moun ki enterese nan domèn ou, e menm sa ki pa ladan.
Pasyans mande tan, anpil tan ak angajman. Plis ou pasyan, plis ou gen posiblite pou travay nan lapè, plis ou bay tèt ou tan pou aprann/enfòme w sou sa w ap fè a, rekonèt kote w fè erè pou ka amelyore travay ou. Epi, se plis w ap konsantre w sou travay ou pase w pèdi tan w nan plede konpare w ak lòt moun.
Konsa, w ap rive kreye pwòp zouti w pou devlope bonjan estrateji, aprann fè koneksyon epi bati yon rezon ki djanm pou travay w ap fè a rive touche plis moun.
Plis ou gen pasyans, plis ou bay tèt ou rezon pou kwè nan lasyans, e se plis tou ou pral aji ak bon sans. Sa pa vle di ou pa ka twonpe w, men chans pou twonpe w lan mwens pase lòt moun ki kwè nan bouyi vide/tout voum se do/ nan kote sa bon/nan kote van an vire a.
Plis nivo pasyon w ap ogmante pou sa w ap antreprann nan, plis ou kwè nan inovasyon/kreyasyon e se plis ou bay tèt ou tan pou kolekte enfòmasyon nan domèn pa w la pou ka toujou amelyore fòmasyon w.
De (2) eleman kle sa yo, pasyon ak pasyans, ap ede w anpil nan lavi a. Konnya, konnen ki jan pou devlope yo se enpòtan. E nenpòt jan w manyen/anbrase yo, you tou de mande tan.
Depi w chwazi tan kòm pi bon zanmi/alye w, se difisil anpil pou pa kite yon bèl eritaj pou peyi w, pou kominote pa w la nan domèn ou te chwazi a, kote pasyon ak pasyans se (te) bousòl ou. Viv lavi w ak pasyon, aji ak pasyans.
HT

Mèsi konpatriyòt. M wè se yon plim wouj ou gen nan men w vre. Se byen to remak la. M nan lojik kote lè 2 fòm yo posib, moun k ap ekri a gen chwa paske sa pa chanje anyen nan sans fraz la. Epi li pa fè kontraksyon an tounen yon grenn mo nan vèsyon ekri a. Konsa, okenn nan fòm yo pa fouti twouble yon leksikograf (natif oswa etranje) ki vle kolekte mo nan lang lan pou l kouche yo nan yon diksyonè swa bileng swa monoleng.
HT

@PJacquespie Viv pwofesyon ou ak anpil pasyon, se youn nan pi bèl fason pou ogmante nivo pwodiksyon w. Nivo pasyon ou, nivo kreyasyon/inovasyon ou, epi bilan misyon ou.

HT

Pa kite moun fè w kwè paske w twò jèn oswa twò granmoun ou pa kapab pote koutmen pa w nan leve eskanp figi peyi w. Erè total kapital. Nou bezwen yon bèl dozaj ant jèn moun ak granmoun ki konpetan, kalifye, onèt, patriyòt, vizyonè ak devwe pou fè peyi a mache. Chak tranch laj yo gen fòs pa yo ak feblès pa yo. Se resèt dozaj la pou nou jwenn.
HT

