TEAM BAN DÈYÈ A

12.7K posts

TEAM BAN DÈYÈ A banner
TEAM BAN DÈYÈ A

TEAM BAN DÈYÈ A

@TeamBanDeyeA

Nou valab, nou kapab ✊💪💡🧠🇭🇹! Kèk ayisyen ki rankontre sou twitè, ki vin zanmi, jodi a ki fòme yon fanmiy, sou non #TBDA.

Katılım Mayıs 2023
169 Takip Edilen151 Takipçiler
Sabitlenmiş Tweet
TEAM BAN DÈYÈ A
TEAM BAN DÈYÈ A@TeamBanDeyeA·
Jodi a @TeamBanDeyeA ap fete, n ap woule tapi wouj pou n akeyi bèl nanm sa ki rele @PFineus, avan n kòmanse pete chanpay, benyen nan gato, rense bouch nou avèk kleren pou n ka kraze vyann anba dan nou jouk mayi mi epi jete zo yo san mwèl. Bon lavi beni Pripri cheri, nou renmen w.
TEAM BAN DÈYÈ A tweet media
HT
4
7
21
1.4K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Ado Ado™
Ado Ado™@AdoAdo02·
Mwen m pa gen pwoblèm ak yon moun ki twouve sa k te di an funny, se dwa l, se chwa l, men pa mande pou m wè l funny tou paske m gen dwa sa ak chwa sa🙂 Nan maryaj lè yo di “nan sante kou maladi, nan richès kou povrete”, se pa jis yon bèl pawòl pou seremoni an, Se yon angajman pwofon ki rekonèt yon verite ase senp: vi an gen 2 fas, gen moman wo, gen moman ba, Gen lajwa, gen difikilte, sesi se sa yo k fè yon relasyon reyèl tout bon. Lè yon moun di “nan richès sèlman”, li klèman retire mwatye nan angajman sa lol (m pa bezwen konn si l te gen milyon sou kont pa l la, se yon fay nan yon moman sakre konsa) Sa vle di klèman l dispoze rete sèlman lè bagay yo bon, relasyon pa teste sèlman nan fasilite 🙂 li teste nan difikilte tou, Se lè gen ti moman razè a, lè gen sante k febli, lè lavi bay bon jan presyon, pou w wè vrè valè yon patnè w genyen😉 Sa gen plizyè danje ladan l: Li montre yon vizyon relasyon ki baze sou enterè, pa sou lanmou ni respè. (Menm si se an blag li fè mesaj la pase) Li tou fè konprann si sitiyasyon an chanje, li ka vire do l fasil ( dayè l te avèti w) Li kraze prensip solidarite ki fè yon koup solid, li klèman kreye yon relasyon ki depann de kondisyon, olye l chita sou yon angajman… (nou pral di m egzajere, men m jis pale selon mesaj ki fè pase a🙂) Yon moun ki rantre nan maryaj ak lide sa pa pare pou tout dimansyon relasyon koze maryaj mande a, ( li pa t oblije dakò marye tou🙂) Paske maryaj pa yon senp kontra pou pwofi sèlman, se yon alyans pou travèse tout sezon vi sa ansanm. Se poutèt sa pawòl sa pou mwen m di byen wi “POU MWEN” sa k repete nan moman seremoni sakre sa se yon “red flag” klè, e l pa jis yon blag mal plase; li revele klèman yon mantalite ki ka mennen gwo pwoblèm pita, Nan lanmou, ou pa sèlman chwazi solèy, nou dakò mache ansanm menm nan moman lapli ak gwo loray k ap gwonde… Si yon moun pa pare pou tou 2, li pa vrèman pare pou maryaj😉 Osi senp kòm bonjou!
HT
38
59
179
16.9K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Dad'Art
Dad'Art@Dadacollection·
Dad'Art Collection ap nan Cap Plaza jodya Nap tann tout moun vin enkouraje pwodwi atizana. Tel:47288944
Dad'Art tweet media
HT
0
13
17
292
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
TABLE RONDE
TABLE RONDE@TableRonde2024·
MICRO-CHEATING Èske w tande pale de MICRO-CHEATING deja ? E si kèk jès nou te konsidere ki nòmal, men depi w an koup yo vle di byen plis pase sa ? YON LIKE tanzantan, yon MESAJ nou pa vle montre, yon FLIRT ki pa vle di anyen. ÈSKE SE AVÈK INOSANS YO FÈT OUBYEN SE YON LIMIT KI FRANCHI ? Alòs : • Jis ki kote nou ka ale san trayi ? • ⁠Èske n oblije KOUCHE pou nou TWONPE ? • ⁠Èske tout sa nou kache gentan di yon bagay ? Vini nou pale sa aswè a, 9è pil ! Vin bay avi ou, osinon vin koute pou w ka aprann. #tableronde #microcheating
HT
0
10
17
2.7K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
✦✧ CHENÈT ✧✦
✦✧ CHENÈT ✧✦@given_official1·
Yon ti istwa tou kout!!! COMING SOON. ❤️➡️💍
HT
25
66
219
33.5K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
✦✧ CHENÈT ✧✦
✦✧ CHENÈT ✧✦@given_official1·
Jan nou konnen l deja li nòmal pou w pran ti poz chak lè lespri w/kò w ak nanm ou mande l, tout bagay anfòm nan non granmèt la, nou ak moun nou epi kè n kontan… Mèsi a chak grenn moun ki te tcheke sou mwen yo, nou konnen m apresye sa deja. Nou tounen kòmsi n pa t janm ale… Pa bliye pase abòne ak chanèl YouTube mwen an, mizik mwen “A Distans” ap soti byento. #Chenèt😎
✦✧ CHENÈT ✧✦ tweet media✦✧ CHENÈT ✧✦ tweet media
✦✧ CHENÈT ✧✦@given_official1

Yon ti istwa tou kout!!! COMING SOON. ❤️➡️💍

HT
11
31
148
11.4K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Mister Football
Mister Football@leevensvilme·
Se pa kote w soti a, se kote w vle rive a. Dènyeman, mwen te nan yon sal klas ki gen yon seri etidyan ki soti nan divès peyi. Sa vle di, chak etidyan gen istwa ak kilti ki diferan youn de lòt. Pwofesè a te bay chak etidyan yon ti bwat ki ranpli ak kreyon koulè epi yon ti fèy papye blan. Aprè sa, li mande pou chak etidyan ekri non yo ak depatman/eta kote yo soti a. Jan nou ka wè l sou premye imaj la, mwen te ekri "Leevens-> Artibonite". Pou kontinye, pwofesè a mande pou chak etidyan fè yon desen ki reprezante yon pakèt bagay pou li. Aprè sa, chak etidyan ap pase devan klas la pou eksplike istwa ki kache dèyè desen an. Gen etidyan ki desine montay, gen sa ki fè desen rivyè, gen lòt ki desine yon manje ki vrèman komen nan peyi yo... Nan ka pa m, se te yon pwoblèm pou mwen paske m pa bon nan fè desen. Mwen t ap ezite sou ki chwa mwen dwe fè kòm bagay pou m deside. Epi mwen di m ap kite kè m pale. Mwen panse ak tèt mwen; kote m ye, kote m soti ak kote m vize. Epi m deside fè desen yon animal ki reflete kwayans mwen: se tòti. Tòti se yon ki pa prese. Li ale ak ritm li kapab. Tout lòt mèt pase devan l, sa pa deranje l. Sa ki enpòtan pou li, se destinasyon final la. Ak vitès li prale a, li se youn pami animal ki viv pi lontan pami tout lòt yo sou tè a. Pou m rezime istwa ki kache dèyè desen an, mwen te deside pran pawòl Medjy itilize nan mizik ki titre "PASYANTE" a. Nan mizik sa a, Medjy (@MedjyA_ENPOSIB) di :《 sa ka pran, men w ap kontan 》. Pawòl sa se yon pawòl mwen toujou ap repete a chak fwa mwen pran yon echèk, a chak fwa mwen ap konnen yon peryòd difisil, a chak fwa mwen vle doute, a chak fwa mwen vle dekouraje, a chak fwa mwen pa wè ni anwo ni anba, mwen sonje "sa ka pran tan, men m ap kontan". Lè m t ap prezante klas la istwa ki dèyè desen an, tout moun te rete silans pou yo tande m. Se te yon moman ranpli ak emosyon. Ou menm ki ap li ti piblikasyon sa a, mwen vrèman swete kè kontan pa ou a ap rive byento. Leevens -> Artibonite (Sa ka pran tan, men w ap kontan 🐢)
Mister Football tweet mediaMister Football tweet media
HT
12
47
228
19.2K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Filoklès
Filoklès@CarlyPhilocles·
Lendi a m tapral fè kou Vodrèy, manifestan yo te entèdi 3wou yo travèse. M te oblije foure pye m nan dlo Vètyè a. M fè jounen an ak soulye m mouye. Lè m rive lakay mwen m santi doulè a.
Malèb Jozèf (Merite).@relemmoun

Nan eta Okap ak lòt zòn yo sal la a, m panse enstitisyon piblik kou prive, ta dwe bay anplwaye yo otorizasyon pou yo brize kòd vestimantè abityèl la, pou yo ta vin travay avèk pantouf oubyen sandal kawoutchou, epi mete nenpòt rad depi kò yo pa twò ekspoze. Pa ka gen chèlbè la a.

HT
0
4
6
187
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽
🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : #Reveye_w #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #21
🇭🇹 Sherly Tanis CATOR ✍🏽@SherlyTanis

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹 Yon ribrik chak semèn #Sherly_Tanis_CATOR prezante Pwodiksyon : #DOR_VISIO_COM Tit : Pa_gen_pran_tan_ nan_ pèdi_tan #Ribrik_Bonjou_Konpatriyòt #Sezon_2 #20

HT
2
12
13
229
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
HAKIM
HAKIM@hakimvrn·
Se pa Selman renmen bèl lanmè, mòn , rivyè , manje Ayiti 🇭🇹 yo. Men fòk nou apran renmen Youn lòt kòm Moun tou !!!
HT
2
23
77
1.5K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
🧔NègSimTekA🧔
Se pa Selman renmen bèl lanmè, mòn , rivyè , manje Ayiti 🇭🇹 yo. Men fòk nou apran renmen🫂Youn lòt kòm Moun tou !!! Tankou @lamygeorges Yon pawòl de @hakimvrn Bon #Mwa_Me @EnomyGer @TheNancyRoc @relemmoun @SherleyEd19 @AdoAdo02 @BeaussejourFils @hakimvrn @lamygeorges @WindyDera
HAKIM@hakimvrn

Se pa Selman renmen bèl lanmè, mòn , rivyè , manje Ayiti 🇭🇹 yo. Men fòk nou apran renmen Youn lòt kòm Moun tou !!!

HT
2
6
9
284
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Malèb Jozèf (Merite).
Bòs Joz pinga w fè m frape w non 🤣😂...
HT
0
7
10
353
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Malèb Jozèf (Merite).
Nan eta Okap ak lòt zòn yo sal la a, m panse enstitisyon piblik kou prive, ta dwe bay anplwaye yo otorizasyon pou yo brize kòd vestimantè abityèl la, pou yo ta vin travay avèk pantouf oubyen sandal kawoutchou, epi mete nenpòt rad depi kò yo pa twò ekspoze. Pa ka gen chèlbè la a.
Malèb Jozèf (Merite). tweet media
HT
2
6
10
429
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Malèb Jozèf (Merite).
Jounalis k ap viv Tigwav ann Ayiti oubyen ki gen kontak Tigwav, m ta renmen nou verifye sa pou mwen, tanpri : "M wè foto yon fiyèt ann inifòm, avèk yon kreyon nan je dwat li, yo fè di m se yon lòt elèv parèy li ki foure kreyon an nan je l, nan yon lekòl kongreganis Tigwav".
HT
0
4
6
462
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Ado Ado™
Ado Ado™@AdoAdo02·
Pran san n re tande mizik sa🥺
HT
14
39
151
15.1K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Fleo_Official
Fleo_Official@Fleo_Flo·
Se pa sèlman yon EP… se yon vwayaj. 📀 Disponib 10 Me 2026 — make dat la🗓️. Mèsi ak tout moun ki toujou la, ki kwè, ki sipòte…sa a se pou nou tou. Rete branche…istwa a ap kòmanse. #LANP #LaviAnPwezi #NewEP #ComingSoon
Fleo_Official tweet media
HT
0
14
33
1.8K
TEAM BAN DÈYÈ A retweetledi
Cheedly ~Marcelo12🤍100K SABY John Snow💙The King
M pa konnen w vre non, men gen yon bagay ki atire m. Jan w eple “l.an.p” lan, san fot, epi jan w defini l lan, “Lavi AN pwezi, maryaj limyè, lavi, pwezi a, monchè, m twouve sa entèresan, li difisil pou w wè jèn atis gen metriz sa sou grafèm kreyòl la! Felisitasyon pou sa.🔥 N ap tann pwojè a 10 Me pou n sipòte kòmsadwa.
Fleo_Official@Fleo_Flo

Se pa sèlman yon EP… se yon vwayaj. 📀 Disponib 10 Me 2026 — make dat la🗓️. Mèsi ak tout moun ki toujou la, ki kwè, ki sipòte…sa a se pou nou tou. Rete branche…istwa a ap kòmanse. #LANP #LaviAnPwezi #NewEP #ComingSoon

HT
0
4
7
74