UCEFACAP MENFP retweetledi

🇭🇹 #Bonjou_Konpatriyòt 🇭🇹
Ou ka ekri lejann pa w la
sou gwo paj listwa
San w pa chifonnen
ni tan ki ale
ni tan k ap vini
Si w vle ou kapab make non w nan liv lavi a
Ou ka kite tras ou sou chemen pèseverans ak detèminasyon
san w pa mache prese
san w pa dechire twal rekonesans
Paske make listwa w nan listwa
pa yon kous ni kont pèsonn ni kont òlòj
Se pa yon batay pou fè moun wè ou
Men se kouri pou w depase pwòt tèt ou nan tout limit ou
Se koule san kanpe tankou larivyè
ki pran tan l pou grave lenfini sou wòch
san l pa kraze yon moso an miyèt moso
Ekri memwa w avèk pasyans
kote vizyon w kapab depase
pwent je moun k ap gade
Paske mo ki ap dire lontan
se mo ki chita sou fondasyon rèv ou ak reyalite anndan liv lavi pa w
Fè yo tande vwa w
san w pa bezwen kwense eko lòt moun
Kite anprent ou sou tout sa w manyen
Konsa ou va grave egzistans ou
avèk mak ki p ap janm efase.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽

HT





















