Le sage
326 posts

Le sage
@WilbertRemy
Je suis un homme réservé et unique à ma manière, ma qualité fait de moi ce que je suis dans ma vie. Il est juste de me faire évoluer d’avantage.
Katılım Mart 2021
175 Takip Edilen63 Takipçiler


Kisa yon moun pral espere de chanje Ayiti si nou pa deside pran konsyans. Pwoblèm grangou pa janm yon faktè pou w vòlè, kraze epi fè sa k pa bon. Ou ka toujou grangou men diyite w kòm moun pata dwe janm kanalize w pou wè se sa ki pa bon an ou dwe fè. Rezon gang di y ap batay kont sistèm men plan yo se boule tout byen yon moun posede epi vòlè sa pou yo vòlè kilès ankò moun ki swa dizan sanble yo. Tèt yo se déchet ki pwodui ladan yo, w ap goumen kont sistèm ou rich ladan nan mete pòs peye sou wout nasyonal epi fè kidnapin, nou fin kraze yon peyi sou pretèks yon sektè ki ban nou zam epi n ap mande dyalòg se tankou sa nou fè a se pa fòt nou se itilize yo itilize nou. Nou fout mantò nou grandi ak lide kraze a nou te gen chwa pou lè yo te pote zam ban nou yo pou nou te refize l. Moun tankou nou paka jis fin fè zak sa yo épi se tankou sa pat anyen se jwe nou t ap jwe li t ap twò fasil. Swa nou mouri oubyen yo pini nou pou kantite dega nou fè malere ak malerèz pase.
HT

Ou pap janm wè yon politisyen ameriken, fransè elatriye ap janm pran zam pou ame nèg ki nan geto pou kraze peyi. Men vye ranyon san idewoloji nou gen nan Ayiti Desalin te goumen an sou pretèks defann enterè mesken chwazi pran yon ekip san sèvèl pou di y ap goumen kont sistèm detwi tout yon peyi epi tout bagay prale byen pou anvi nou mouri pou po nou pa kale vè. Sa k pi rèd gen yon ekip nèg ki swa dizan fè etid se menm ranyon yo ki nan detwi peyi pou enterè ti koulout. Madichon pou nou anvan nou mouri se pou nou soufri pou mal nou fè peyi sa. Bann rès moun!
HT

@claudejoseph03 Ede pral vini pou piye. Tout rasanble pou montre nou gen yon vizyon politik pa chita sou okenn kredibilite paske sou plan sosyal, politik ak ekonomik nou poko janm pran vrè angajman pou renmen peyi sa se koze ti koulout k ap regle. Claude Joseph pa yon egzanp sou pwen sa.
HT

@lamygeorges Se tankou se yon Pasteur k ap fòse fidèl yon di Amen. Bon Wikenn @lamygeorges
HT

Ayiti sa n ap suiv la se anpil ayisyen ki trèt li épi ki pa renmen l tou. Kijan w konprann nenpòt bagay yon moun fè sou baz zanmitay w ap defann li pafwa se pran rekil pou suiv sa k ap pase a. @WendyPhele ki montre l gen doktora pa gen kapasite pou li fè yon bon refleksyon.
HT

@windyphele Anplis si Guerrier yo repwoche de kèk bagay ou pa dakò fason DCPJ ki gen dwa mennen ankèt sou yon moun sanble w nan manje lajan sal tou. Menm si yon moun ta zanmi w li ta fè bagay mal se pa moman pou w ap pote solidarité nou gen sa pou defo twòp. Nou nan kraze peyi a fon!
HT

@WilbertRemy Avan m te fè tèz la, mwen te moun, mwen te ayisyen, mwen te yon viktim enjistis, mwen te jounalis…Afè tèz w ap pale la a, mete l devan kouri dèyè l.
HT

@windyphele Sa w dekri la pa montre okenn refleksyon nòmal ou asosye ak moun k ap fè zak mal pou asosye avèk yo. Moun ki moun tout bon pran tan pou réfléchi anvan yo ekri nenpòt betiz. Al repanse sou fason w ap réfléchi anvan w ekri nenpòt tenten nan figi moun sou baz santiman.
HT

@iamlaurie_ This lawyer is very carrying about his money. Sometimes is better to do something for free instead of you keep your mind up on the money all time.
English













