
#SpaceX ap pwoche pou fè yon antre istorik sou Wall Street, e mouvman sa a ka chanje anpil bagay nan ekonomi mondyal la. Avèk yon evalyasyon ki ta ka rive jiska 1750 milya dola, konpayi Elon Musk la ap pare pou vin youn nan pi gwo antrepriz nan Etazini, devan menm Tesla ak Meta, sa ki deja leve anpil kestyon sou si “Magnificent Seven” lan ap oblije vin “Magnificent Eight”. Sou entènèt, gen yon gwo efervescence: sou platfòm tankou Polymarket, moun ap mete dè milyon dola nan pary sou ki non aksyon an (ticker) SpaceX pral chwazi, pandan sou Reddit ak lòt rezo yo, diskisyon ap pran dife. Pi enteresan an, Musk ap reflechi pou bay jiska 30% IPO a bay ti envestisè yo, yon bagay ki ta bay piblik la plis pouvwa pase sa nou konn wè nòmalman. Si operasyon sa a reyisi, li pa sèlman pral yon IPO, men yon evènman ki ka redefini relasyon ant teknoloji, finans ak piblik la. #TEKTEK
HT




