Sabitlenmiş Tweet

facebook.com/pawoltek
📢 𝐊𝐢𝐬𝐚 𝐤𝐢 𝐲𝐨𝐧 𝐍𝐚𝐯𝐢𝐠𝐚𝐭è 𝐄𝐧𝐭è𝐧è𝐭 𝐘𝐞? 🌍💻
Yon 𝐧𝐚𝐯𝐢𝐠𝐚𝐭è 𝐞𝐧𝐭è𝐧è𝐭 🌐 se yon aplikasyon lojisyèl 📱💻 ki pèmèt ou eksplore Entènèt 🌍 pou vizite sit entènèt fè rechèch 🔎 gade videyo 🎥 li nouvèl 📰 achte sou entènèt 🛒 ak plis ankò! Pami navigatè ki pi popilè yo, nou jwenn :
𝟏. 𝐆𝐨𝐨𝐠𝐥𝐞 𝐂𝐡𝐫𝐨𝐦𝐞
⚡ Rapid, stab ak sekirite avanse. Li genyen anpil ekstansyon.
🔥 Byen entegre ak lot sèvis Google yo, senkwonize sou plizyè aparèy.
❌ Konsome anpil Memwa RAM.
𝟐. 𝐌𝐢𝐜𝐫𝐨𝐬𝐨𝐟𝐭 𝐄𝐝𝐠𝐞
🔒 Bon pèfòmans ak fòma sekirite avanse kont menas sou entènèt.
💻 Li entegre byen ak sèvis Microsoft yo ak entelijans atifisyèl Copilot.
❌ Senkronizasyon ak Bing ki enpoze Bing kòm motè rechèch prensipal.
𝟑. 𝐌𝐨𝐳𝐢𝐥𝐥𝐚 𝐅𝐢𝐫𝐞𝐟𝐨𝐱
🔒 Pwoteje konfidansyalite, "Multi-Account Containers" pou login diferan.
🛠️ Open Source ak anpil ekstansyon ak pèsonalizasyon.
❌ Pwoblèm konpatibilite ak kek sit, mwens rapid ke lot yo.
𝟒. 𝐒𝐚𝐟𝐚𝐫𝐢
🍏 Optimize pou aparèy Apple (macOS, iOS, iPadOS).
⚡ Pèfòmans rapid ak bon konsomasyon batri.
❌ Limite sèlman pou aparèy Apple.
𝟓. 𝐎𝐩𝐞𝐫𝐚
🌐 Inovatif ak VPN entegre, orijinalite nan design.
💻 Rapid, entèfas itilizatè modèn ki fasil pou itilize.
❌ Pa konpatib ak kek sit ki lakòz pwoblèm afichaj ak fonksyonalite limite.
Ki navigatè ou prefere?
#Navigatè #TechTips #Internet
HT













