mCo.@mcollinx17
An jwèt konsa m travay ak krèm krèm moun nan tout gran sektè kreyasyon yo wi. M fè 3 lane + ap fè liv pou tout kalte otè tankou Lyonel Trouillot, Michel Soukar... anpil liv timoun ap etidye lekol jodi a Haiti mwen gen touch mwen nan yo.
Mwen fè 3 edisyon ap fè kominikasyon vizyèl pou youn nan pi gwo festival teyat nan peyi a 4Chemins. Apre m fè 3 ou 4 lane ap fè yon lot gwo festival teyat ankò ki se En Lisant. M fè 2 ou 3 lane ap fè Festival Nègès Mawon.
M travay ak Gaëlle Bien-Aimé, Gessica Géneus... M fè plizyè lane ap bay konsiltazyon vizyèl pou Nasyonzini Ayiti, UNFPA, MDM Suise etc...
Li pwobap pou biznis ou renmen an ou atache ak li an, se akoz travay mwen fè ni nan estrateji ni nan vizyèl. Mwen gen touch mwen nan yon gwo kantite lide pwojè ki ateri deja ou pa nan kominote nou an.
Nan mizik se menm bagay la m travay ak BélO, BIC, Rutshelle, Tafa, Darline Desca, Vanessa Désiré, Pierre Jean, Jeff Prosper, Fabrice Rouzier..
Pou entènasyonal gen travay m paka revele non konpayi yo men mwen aktyèlman ap fè mentoring pou adobe nan yon pwogram ki rele "Adobe Creative Apprenticeship program" kote m ap gide jèn tout kote pou bati karyè kreyatif e jwenn opotinite travay dirèk nan ekosistèm Adobe a.
Le yo mande m pòtfolyo m di se mwen ki pòtfolio a. E lè yo banm chans pou pale de vizyon m ak apwoch kreyatif mwen pwochen sa ki fèt la se louvri pòt la epi banm kle a.
M fè tout sa anba chal, san vrèman di vin achte, san papye "legit" sèlman kreyativite, sans pwofesyonèl pouse, lidèchip, serye ak respè pou kenbe angajman mwen pran.
Mwen pataje sa pou m enspire w ou menm pou di w chwa pou fè sa w renmen toutbon yo san abandone youn difisil anpil men si w fè vwa ki nan ou an konfyans, si w pare pou fè sakrifis yo, pòt yo ka louvri e w ka viv de pasyon w yo men sitou kontribiye nan amelyore lavi ak yo.