Sabitlenmiş Tweet
Paul HABACUC (FHM)
6.8K posts

Paul HABACUC (FHM)
@triodor509
·Journaliste🎙🎧, D.I Focus Haiti Média ·Communicateur📣, C.E.O ETK ·Graphiste 💻📲, C.E.O Connexion Graphic
Port St Lucie, FL Katılım Eylül 2012
2K Takip Edilen2.2K Takipçiler

Dè fwa ou ka leve isit la ou pa wè kisa pou w pòs, epi…
Mister Football@leevensvilme
Si w bezwen konprann sosyete nou an, jis voye zye gade ⬇️ Kont tiktok: Ariana vs Dumornay
HT

@GouasyPolivalan @DavesStark1 @Kanta_Nia 😂se ti mesye ki konn jwe football nan espas parking nan ki te rele l konsa.
Nb: m poko Janm jwenn yon edifis, nouvo kòm ansyen, nan peyi a ki gen yon parking nan nivo l te ye a.
HT

M panse se yon pwopozisyon moun k ap itilize konpayi a te fè nou.
Avèk difikilte ki genyen pou majorite jèn Ayiti gen yon kat debi/kredi avèk bank tradisyonèl yo kote menm sèvis yo ofri yo pa a la wotè atant itilizatè yo.
Reyalize yon pwojè konsa t ap benefik anpil.
Antouka !
Digicel Haïti@DigicelHT
⚠️ ENFÒMASYON SA A PA REYÈL ‼️
HT

@mr_too_much_20 Se ti kat sa kap fè aktyalite pv bro…
M poko gen kontrol li!
HT


@djelo0 Sitem sa egziste sou tou 2 rezo yo, se pito majorite machaon yo ki poko vle antre nan sa.
Rezon:
Pou digicel, frè sèvis yo trò wo.
Pou Natcom, li poko rive tout kote menm jan ak lòt la.
Nb: Gen biznis ak antrepriz k ap itilize sèvis tou 2 sa yo san problèm
HT

🔴🔴🔴 M SOT NAN YON ENTÈVYOU AN ANGLÈ… M PRAN BAL MWEN AK FYÈTE
M rantre nan yon rankont an mòd Barack Hussein Obama, m soti an mòd eksperyans sosyal. Se pa ti dekadans non !
Gen yon òganizasyon entènasyonal k ap opere nan kèk peyi tankou Benngladèch, Nijerya, RDC, Irak, Somali, Ikrèn, Kolommbi, Wannda, Kenya ak End, pou m site sa yo sèlman, ki enterese ak konpetans mwen nan kesyon kominikasyon.
Tout echanj yo fèt nan mesaj ekri (an anglè). Sou kesyon lang mwen metrize, mwen di yo (m metrize lang haytien an : matènèl), mwen ka kominike an fransè nivo pwofesyonèl, epi m di yo, m pa pale anglè, sinon m ka sèlman ekri nan yon minimòm nivo pwofesyonèl.
Malgre tout sa, yo di yo enterese fè yon entèvyou (oral) ak mwen. Mwen reponn yo, mwen pa gen pwoblèm entèvyou a, men mwen swete se an fransè, pou m ka alèz. Si se an anglè, m p ap ka di tout sa m vle ak fasilite. Yo fè m konnen moun ki vle diskite ak mwen yo, se sèlman anglè yo pale, men m pa bezwen panike, se pa yon echanj wo nivo, se jis pou familyarize pandan 30 minit sèlman.
Randevou fikse maten an, sou #GoogleMeet soti 10 zè 30 pou 11 am. Men sa ki bèl la, se pa dire a, se jan m dwe kondui machin nan pandan tout vwayaj la.
Nan premye 5 minit yo, m te santi m tankou Barack Obama. Kòm mwen konnen m pa metrize lang lan, m te ale dousman ak bèl ti souri nan vizaj mwen, m te di tèt mwen, sa m pèdi nan longè (lang), m a tire l nan lajè (bote). M ap fè ti jès ak menm, m te menm kòmanse panse m te yon sitwayen k ap viv Brooklyn, men ki anfouraye nan Pòtoprens, kay Madan Kolo..
Lè m rive nan 15 minit yo, ti kantite anglè m posede a te kòmanse epuize. Fraz yo te kontinye soti, men yo pa te gen menm kanti fòs ak kantite mo lè m te fenk kòmanse a, m te santi anglè m te tankou yon telefòn ki a 15% batri.
Sou 20yèm minit yo, se te mòd ekonomi enèji konplètman. M pa te menm ka fè fraz ankò. M te jis ap teke grenn mo. Yon seri de mo ki t ap mache pou kont yo, san gran estrikti ak respè pou gramè. Men, chak m fin pale, m tande yo felisite m, sa ki pouse m pran konfyans nan tèt mwen pou m kontinye pale.
Rive sou 25yèm minit yo,… anglè m nan te lage pye l, kite m pou kont mwen, tankou lè teworis VivAnsanm yo ap kouri pou cha PNH. Mwen menm ak sa moun yo ap di m yo te tankou 2 advèsè, m tande tout sa yo di m, m anvi ajoute ti nyans pou yo, men m pa jwenn mo, m oblije ap di « mwen konprann ».
Kèk fwa, m ajoute kèk ti fraz ak lafwa, san m pa te menm konvenki de sa m ap di yo, si yo bon ou pa. Men, m te sitou ap eksprime m ak konviksyon ak kouraj. Paske m te konvenk tèt mwen, nan lavi, si w pa metrize lang w ap itilize pou w eksprime w la, fè yon jan pou w metrize konfyans nan tèt ou. Erezman yo pa te poze m kesyon vrèman, se te jis yon rapèl eksplikatif.
Finalman… nou rive sou 28yèm minit lan, epi moun yo kòmanse konkli pou di m yo te kontan diskite ak mwen, se yon bèl konvèsasyon trè rich. Menm kote a m te santi m soulaje, m te santi m depoze pwa 50 ki te sou do m nan atè. Epi yonn nan moun yo poze m yon dènye kesyon : « Do you have any questions for us? »
Anpil moun ki t ap anvi retire bout kòd la nan kou yo ta ka di « No, thank you. ». Malerezman, fyète ak entelijans mwen pa te dakò di non, m pa gen kesyon. Konsa m te deside poze yon kesyon filozofik sou valè etik pwojè a.
Pati 1/2

HT
Paul HABACUC (FHM) retweetledi













