Ado Ado™@AdoAdo02
Lè w boule kouwòn yon atis ki prezante tèt li kòm wa, sa literalman gen gwo sans senbolik, sitou nan koze mizik, atizay, oubyen kilti “clash”
M gen ti tan maten an la banm fè yon ti rale
Se yon Defi dirèk!
Sa vle di w pa rekonèt otorite l ankò, Ou jis pa di sa klèman:
“Ou pa wa ankò, m pran plas ou a”
Se tankou w lanse yon gè lirik oubyen imaj kont lòt atis la…
Dekouwònman
Kouwòn lan se senbòl pouvwa, respè, ak dominasyon
Lè w boule l, se tankou w fè yon “destitisyon” piblik (tande byen wi peyi a) YON DESTITISYON PIBLIK
Ou retire tit li nan boul figi tout moun.
Se yon Provokasyon / clash
Nan mond atis (rap, afro, dancehall), sa yo se detay ki kreye tansyon, lanse yon bif, fè fanatik yo pran kan yo
Rebirth pou tèt ou
Gen lòt sans ki pi pwofon toujou, Ou pa jis atake l, Ou otopwoklame tèt ou kòm nouvo lidè a
M espere kèlkeswa moun ki nan kan 286 lan konprann ke si lidè yo fè back sou yon bif li fin leve l ap pèdi respè lari a, a jamè!
E nou menm kòm fan nou otomatikman pèdi dwa a la pawòl paske lidè nou an lari an ap wè l KÒM YON LACH…
Rap se konpetisyon, lè w pa ka asime pa PWOVOKE!