
1- Koulè yon drapo pa yon varyasyon grafik. Li pa yon logo nou adapte selon sipò. Se yon senbòl. Yon referans. Yon memwa kolektif. 2- Se pa drapo a ki dwe ajiste ak sipò a. Se sipò a ki dwe respekte drapo a, pou l rete rekonesab imedyatman, nan koulè li, nan senbolis li ak nan prezans li. 3- Mayo a te ka rete ble, san yo pa modifye ble drapo a. Gen solisyon vizyèl ki egziste deja: espas negatif, kontou, separasyon entèlijan, ki pèmèt 2 menm koulè kowabite ansanm san yo pa melanje nan lòt.



















