Dancy
216 posts

Dancy retweetledi

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Byeneme lapè avèk nou! Jodi a dimanch, mwen panse tweet sa byen tonbe. Anpil nan nou ale legliz, ale pran tigras pa nou nan Tanp lan. Men sa anpil nan nou pa prete atansyon, legliz pa sèlman kote nou ale priye, nou fè bèl KONEKSYON la tou.
▪️ “Religāre” (grecque) vle di konekte, atache, makònnen tout se fanmi mo relijyon. Sa vle di lè tout moun manifeste menm fwa, pataje menm espas pou yo priye yo konekte, men pa sèlman nan lafwa men sosyalman tou.
▪️Bon! ann desann balon an sou lestomak nou avan nou fè pas la, poukisa lè ou fèk vini viv nan yon lòt peyi moun ki te la deja toujou konseye nou ale legliz? Repons: pandan wap pran gras la ou tou kreye yon fanmi tou.
▪️Sa valad pou kèlkeswa gwoup oubyen asanble ou konekte a, ke l te legliz, ke l nan sinagòg ke l te “mosque”, ke l te anba mapou, ke l te kay pastè Armel. Se sa anpil moun pa wè ki kache dèyè relijyon tou, yon bèl koneksyon pandan nap priye ansanm.
▪️Sa w pa ta panse, se nan asanble a anpil moun jwenn travay poutèt referans, se nan Tanp lan frè Tibòb te jwenn madanm li, se nan menm Tanp sa Jolibwa te jwenn yon kontra pou ti biznis li an kidonk asanble kreye bèl koneksyon.
▪️Nou tout konnen deja, anpil jenn fi konn marye lapoula pandan yo rejwenn asanble a paske nan rele Tipòl frè msye tou tonbe damou Maryela, li pral marye la tou! Legliz pa sèlman kote nou jwenn gras men nou kreye lyen, nou renmen , nou marye, nou bay papye tou. Sa nou pa bezwen sosyològ pou montre nou sa.
▪️Eske mwen konseye nou ale Legliz sitou pou pèmèt yon bèl entegrasyon? Sa depann de ou, men mwen ba nou tout rezon yo, sitou nou nan yon peyi ki trè liberal ki bakòp, menm vye panse yon moun ta dwe rejte, poutèt rezon politik nan non minorite tou. ( Protected group). Menm lè nou konn sa pou nou fè men timoun yo plis frajil li enpòtan pou nou ede yo.
▪️Mwen fèmen tweet la ak 111 Kreyòl “Chants D’espérance”, pase yon bon dimanch! 🙏
#Sunday #Churches

HT
Dancy retweetledi

#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Si wap chèche fè plis kòb mete sou ti pise krab wap resevwa men 7 pi bon fason ou ka fè plis lajan ak ti bogota ki kanpe devan lakay ou an.
Sòti nan “ride-sharing”, pase nan “delivery services" pou rive nan lwe l gen solisyon pou tout moun. Pase senti w mwen pral montre ki mwayen sa yo pou fè plis lajan.
▪️ Ride-sharing: Enskri sou #Uber oubyen #Lyft koulye a epi kòmanse niche dwèt ou. Li trè fleksib, ou ka fè l avan oubyen aprè travay ou, nan wikenn tou san pwoblèm. Kòmanse pote moun jan w vle lè w vle, bèl fason pou fè plis lajan.
▪️Delivery services: Konekte sou #DoorDash, #Postmates oubyen #Instacart epi kòmanse delivre market bay pèp la. Se youn nan pi bon opsyon si w vle fè pwòp orè ou. Mwen gen yon kòd pou yo, lap fasilite ou pa pèdi tan, si w entèrese DM mwen.
▪️Rent out your car: Ann di ou gen yon lòt bogota ki andedan garaj ou an, si w vle fè l ba w kòb lage l nan #Turo oubyen #Getaround. Platfòm sa yo ede ou fè lajan ak machin ou lè w pa itilize l souvan.
▪️Eske w te konnen yon Platfòm tankou #Carvertise oubyen #Wrapify ede ou fè kòb pandan wap fè piblisite pou yo? Wi, li fasil sèlman konekte epi mete flyer yap ba ou daprè marketing yo genyen koulye a epi kòmanse fè bous ou gwo.
▪️Anpil biznis lokal ap chèche chofè epi peye yo pou travay yo fè. Domino’s nan lis la tou, nan bay pèp la pizza.Tyeke biznis ki nan zòn ou an pou plis detay epi panse fè lajan.
▪️ Pa etone w si mwen di w ou ka menm lwe paking ki devan lakay ou a pou fè lajan. Platfòm tankou #JustPark oubyen #SpotHero ka fè w jwenn moun ki ap chèche #parking pou lwe.
▪️Mwen mete sa an dènye paske m konnen sa pa nan kilti nou twòp pou nou damou bèt nan nivo moun isi dayè si ou di yon moun ou konn manje chat mawon ak bon tafya yap rele anmwe pou ou men pote chen, chat… pou ale wè veterinè gen lajan ladan l. Gen anpil website ki konekte moun ki bezwen sèvis sa.
Bonus: Mwen gen yon vye zanmi ki pa ale travay tèlman li fè lajan nan #Instacart mwen finalman ba li rezon. Madam lan konn fè $250 a $300 nan yon jou. Fè kalkil la: $31.25 per/hour.
#sidehustle #money

HT
Dancy retweetledi

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou.
Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi.
▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire.
▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje.
▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj…
Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale.
Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an.
Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt.
#Security #SafetyFirst

HT
Dancy retweetledi

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Ke w te vini sou Viza, nan Pwogram Biden, sou Fwontyè, nan Bato, ak rezidans kelkeswa jan w te vini an, “le ou la façon”, nou tout gen 7 gwo baryè pou nou janbe kòm imigran ki vini viv #Etazini. Banm chita byen pou m esplike nou yo youn aprè lòt:
▪️Baryè Legalizasyon: Isi pa tankou #Canada dayè dosye imigrasyon mare byen di ak politik, moun isi mennen kanpay ak sa pou montre w zafè papye se gwo zafè men an reyalite se feblès sistèm lan ki lakòz, se pa nou, yo ka fè tout lavi yon imigran chita sou yon bout papye. Sa se yon gwo baryè pou nou janbe, dosye rezidans.
▪️Baryè Lengwistik: Pa bay tèt nou manti ak bwa fransè sa nou ta dwe plis prepare pou yon peyi frankofòn malezman se pa reyalite a sa, nou oblije boule 7 klas anglè avan nou ale aprann yon bagay pou naje nan sistèm lan, ak tout sa nou toujou frape fò nou batay ak baryè sa. Nou konn janbe l.
▪️Baryè Diskriminasyon: bagay sa fè kenken pa bò isi, anpil prejije dayè nou tande diskou yo nan laprès. Nou fè fas ak diskriminasyon preske tout kote, mete moral nou wo, li fèt sou kote nou sòti, koulè po nou, estati imigran, yon estati sistèm lan ankò kreye. Wi, menm sistèm lan menm bati sou sa, chak lè yo di w « Alien » ou ka pa wè sa men se tankou yo di w te sòti nan yon lòt planèt.
▪️ Aksè Limite: Pou m klè ak nou, depann de estati ou, ou gen yon aksè limite nan anpil sèvis . Pou kòmanse toutotan ou pa gen rezidans ou pap jwenn èd Leta pou peye kolèj ak inivèsite pou ou, erezman gen kèk bon ONG ki konprann sa e vle ede ak scholarship. Depann de estati ou gen kèk job ki byen peye ou pap kapab jwenn kidonk sistèm lan toujou kreye ti dezòd pa li tou. Baryè sa ap pran titan avan li brize m’en fòk nou kraze l.
▪️Baryè Ekonomik: Nap souvan jwenn baryè sa kanpe anfas nou, li pa toujou fasil pou jwenn job sou sa w te aprann si w poko etidye isi, toujou aprann sa tou job ki plis difisil yo se yo ki tonbe nan lestomak ou plis. Erezman, nou entèlijan, fè ti biznis nou sou kote se yon solisyon nou pa ka neglije.
▪️Adaptasyon: Li ap toujou pran ti tan pou adapte w ak lwa yo, prensip yo ak kilti a an jeneral. Li ap pran ti tan pou renmen sa moun yo renmen men se konsa wap fini pa adapte w kanmenm. Rete pozitif, pa bliye se lèt nou vin bwè nou pa konte konbyen tete bèf la genyen.Sajès peyizan!
Sa ki pi enpòtan nan tout sa m si la yo, nou ka janbe baryè sa yo paske gen anpil nan nou ki janbe yo deja. Se pa nou sèlman tou ki fè fas ak menm baryè sa yo, enpòtan se konnen li se yon baryè epi chèche konnen kòman nap janbe li pou nou pase.
Nou pap di Amen? Frè m ak sè m yo.
M’ale!
#barriers #Immigrants #Haitians

HT
Dancy retweetledi

Lem te piti anpil zanmim te konn dim sansal le yo wem ak jwe ak pov
le map grandi yo dim vagabon paske relasyon m te neg lari otan kem te gen lot zanmi ak paran rich
le seten fi te kon wem pale ak yon fi ki pa nan nivo yo , yo te dim renmen kokorat
Sosyete nou Malad , yo elve nou ak diferans koule po , Ran sosyal , depi Lekol .. Met sou li istwa yo rakonte nou met plis divizyon nan Pwop san nou ..
Mwen toujou di tout mounn Msori pou nou , mpa responsab peson ki konplekse paske nan tet mwen tout mounn se mounn , konte sou mwen poum fe nou sonje sa chak jou 🇭🇹
HT
Dancy retweetledi
Dancy retweetledi
Dancy retweetledi

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: 3 Etap sa yo rezoud pwoblèm “Online Access Code”. Swiv pwosès lan epi rete tann. Menm jan nou konnen l, depi nou konnen l nap pataje l pou yon lòt konnen l tou. 👇
#Immigration #Humanitarianparole



HT
Dancy retweetledi

Siw gen chans ale sou Google map, ou mete location w, siw mandel detay location kotew ye an, lap baw
Latitude 27.6648° N,
Longitude 81.5158° W
Tout otan w pa bal yon address, li pap janm baw direksyon kotew bezwen ale an! Li pa itil..
Se menm Jan pou ou nan la vie..
Tout otan, ou pa bay tèt ou yon direksyon, yon oryantasyon, yon opòtinite, ou pap janm itil tèt ou, fiti jenerasyon w!
Jodi a, bay tèt ou yon direksyon!
Kreye fòtinn gen yon address
Devlopman pèsonèl ou gen yon address
Lidèchep ou gen yon address
Standard ou gen yon address
Chanje vie w, gen yon address
Siw bezwen leve altitude ou, se booster🚀 talent w, valeur, idée w, rèv ou, nan mache ekonomi an!



HT
Dancy retweetledi

@clarenscharles_ Epa pou koze paskel wè li pèdi batay kanal, Men Ann swiv poukisa e pandan vòl Nicaragua a knpe li chwazi ouvè pal lan ?
Afè kob li lap jere 🤷🏾♂️
HT

❇️Sou lòd Prezidan Luis Abinader ak konsèy sekirite nasyonal la,yo mande pou konsèy avyasyon sivil la leve tout restrisyon yo te pran pou pat gen Vòl ant Sendomeng🇩🇴 avèk Ayiti 🇭🇹Prezidan Abinader di li pran mezi se pou relasyon Sendomeng ak Ayiti ka tounen nòmal jan li te ye avan. Luis Abinader wè li pèdi batay la paske kanal la ap fèt malgre li te fèmen tout fwontyè yo ak Ayiti epi sispann sou tout vòl ak Ayiti. @DiarioLibre

HT
Dancy retweetledi

Dancy retweetledi
Dancy retweetledi

🔴Èske "Entèlijans Atifisyèl" la pral Ranplase Travay nap fè yo ?
Entèlijans atifisyèl la pral gen yon enpak enpòtan sou mond travay la, an tèm de travay kreye ak travay elimine. AI yo deja itilize pou otomatize travay moun ap fè, e tandans sa gen chans pou kontinye pandan AI ap kontinye devlope.
Daprè yon rapò bank Mondyal, Entèlijans Atifisyèl la kapab antrene yon pèt 800 milyon travay disi 2030. Sepandan, rapò a tou fè remake ke AI pral kreye tou nouvo djòb, ki kapab konpanse pèt la nan travay.
Travay ki gen plis chans pou yo ranplase pa AI se sa yo ki repete, woutin, epi yo ka fasilman otomatize. Sa gen ladan travay tankou kesye, operatè sant apèl, ak travayè faktori avèk kèk bagay ki gen rapò ak enfòmatik.
Travay ki gen mwens chans pou yo ranplase pa AI se sa ki nesesite kreyativite, entèlijans sosyal, oswa kapasite pou rezoud pwoblèm.
Sa kapab enkli travay tankou: Medsen, avoka ak pwofesè.
Enpak AI sou mond travay la pral enpòtan. Li enpòtan poun prepare pou chanjman sa pandan nap envesti nan edikasyon ak fòmasyon.
Source: objetconnecte.com/ia-emplois/

HT
Dancy retweetledi
Dancy retweetledi

#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Nan pòs avan, mwen te esplike kòman ou kapab kòmanse yon biznis online ki kapab jenere lajan, bon lajan.Nan tweet sa mwen pral glise kèk gwo biznis oubyen òganizasyon ki sipòte ti biznis, pou verifye ale swiv kòmantè epi wap wè valè ti biznis ki rive jwenn sipò pou piti sòti nan $25K epi rive byen wo. Sa ki pi bèl la, sèlman yon ti fòmalite epi jwenn lajan gratis pou bakòp biznis ou.
Se vre li pran tan ak efò pou fè rechèch epi aplike pou jwenn fon ki disponib men jwenn yon $50K pou kenbe biznis ou woule san w pa konnen w pral peye
bak rekonpanse efò w yo.
Men lis 7 gwo sipò ki disponib pou ede sipòte ti biznis ki pran baf , tanpri konprann byen mwen pap pale sipò nan moman Konoraviris, map pale kout men ki toujou la.
✔️ Grants.gov: Se pi gwo database kote ti bizinis kapab jwenn lajan kòm don pou sipòte ti biznis pliske li se don federal, li gen anpil konpetisyon men yo sipòte biznis jiska $1M men banm desann pi ba kote se gwo biznis ki sipòte ti biznis yon fason pou ankouraje yo.
✔️ Konpayi FedEx anpil nan nou konnen gen yon $300K ki disponib chak ane pou 10 ti biznis ki genyen ladan $30K kòm don epi $1K pou kapab prente flyers men se yon konpetisyon tou.
✔️ Pou moman map ekri sa la “US Business Grants”ap asepte aplikasyon pou non profit ak profit biznis pou ede yo vanse. Yo gen plizyè kategori èd, tankou èd pou biznis fanm elatriye.
✔️ Amazon gen program pou ti biznis tou ki rele “Amazon Small Business Grant” ki bay bourad ak ti biznis ki gen yon kont biznis ki fè mwens $1M kòm revni.
✔️ Ann di ti biznis lan te pran kèk pataswèl pandan mwa ki sot pase la yo, Etsy gen yon pwogram espesyal pou sa.Pou kalifye fòk omwens ou te gen yon kont ak @Etsy oubyen te gen yon dezas nan zòn ou nan mitan ane a.
✔️ Pou fanm ki ap kòmanse yon biznis oubyen ki gen youn deja ki ap pran frap pasi pala. “Amber Foundation” se
youn nan pi bon kote pou lanse yon aplikasyon. Krab la pa gra ($1K- $10K ) men li ede w kòmanse biznis ou epi jere kèk bagay biznis ou bezwen, mwen te sijere yon zanmi li jodi a biznis epis li ak piman li nan tout makèt Bravo.
✔️ Si w gen ti biznis tou l ou kapab konekte ak “National Association for the Self-Employed”. Ou kapab aplike pou jwenn èd yo genyen pou ti biznis, ou pat bezwen gen anpil tan ak ti biznis ou depi ou byen ranpli fòm lan pou pi piti wap jwenn yon $4K men pa bliye fòk ou bay ti detay sou kòman w pral jere don sa.
---------------------
Si w bezwen plis detay sitou pou ti biznis ki byen pase deja, swiv Channel mwen sou #WhatApp epi rete konekte avè m. Ou la Jerry ! 😂
WhatApp Channel:
👉rb.gy/bh5uk

HT
Dancy retweetledi
Dancy retweetledi








