Chief
15.3K posts

Chief
@Expandableme
I was born an original & I will not die a copy. SN@chief509
New York Katılım Mayıs 2013
297 Takip Edilen217 Takipçiler

Miami BEATS Ole Miss to advance to the College Football Playoff Championship🙌
on3.com/teams/miami-hu…

English

Premye fwa m kwaze Wilson Isidor, se te an 2018, mwen te la Frans ak ekip medam yo nan Mondyal U20 an e nan menm moman an, misye ak Monaco t ap jwe yon tounwa nan Ploufragan.
Se te yon bèl anbyans ant misye (malgre l te tou timid e trè jèn) ak tout delegasyon Ayiti an. E m ka temwanye ke pat menm yon fwa, li te di l pa Ayisyen.
Tan pase, jounen jodia li nan Sunderland e misye pa janm sispann pale de Ayiti. Nou sonje nan mwa Me pase an, kòman l andose drapo Ayiti a nan Wembley a san moun pat mande l anyen. E nan plizyè lòt okazyon, li toujou kontinye pale an byen de peyi a.
Men aprè, li fèt an Frans, li fòme la e gen redevans anvè peyi sa. Answit, li sou pik nan karyè li, se tou nòmal pou l reflechi, pran desizyon san moun pa fòse l ni san l pa nan yon mache prese. Chwa sa yo dwe fèt nan tèt repoze, ak tout lisidite epi paske l gen lanmou pou peyi an ak ekip la. Li enpòtan pou l deside ak antouraj li tou, paske chwa Seleksyon Nasyonal konn dèfwa gen konsekans sou karyè yon jwè. Tout ti detay yo dwe jere pou tou 2 pati yo ka soti genyen.
Li klè ke fòk ekip la ranfòse pou Mondyal la. Nou pa bezwen moun ki pral vin pran "frame" epi k ap disparèt aprè Koup di Mond lan. Men sou yon pwojè dirab, nou swete wè pitit peyi an, sa ki fyè tout bon yo, ke yo fèt Ayiti oubyen lòtbò dlo, reprezante nou ak diyite. E nan ka sa, pòt lan dwe toujou gran ouvè pou moun tankou Isidor, yon jwè ki gen anpil kalite e ki pa janm kache ke l se Ayisyen.
SELEKSYON NASYONAL LAN AP TOUJOU GEN PLAS POU TOUT AYISYEN KI VLE METE MEN POU AVANSMAN LI. 🇭🇹
✍🏽 Caleb Jephté Pierre

HT
















