Ing Pekenito Le Recteur IPK

18.8K posts

Ing Pekenito Le Recteur IPK banner
Ing Pekenito Le Recteur IPK

Ing Pekenito Le Recteur IPK

@Ing_Pekenito

https://t.co/JIEmfQHfPR Disponible sur 👉FB: Ing Pekenito Le Recteur👉IG: @ingpekenito👉TikTok: @ingpekenito YouTube👉 Ing Pekenito

Cap-Haïtien, Nord, Haïti Katılım Ağustos 2015
890 Takip Edilen6.7K Takipçiler
Sabitlenmiş Tweet
Ing Pekenito Le Recteur IPK
Ing Pekenito Le Recteur IPK@Ing_Pekenito·
Anpil fwa moun ki VLE ede ou a se pa li KAPAB. Sa ki KAPAB la se pa li ki VLE. Yonn nan fason lavi a ye.
HT
3
66
134
0
Ing Pekenito Le Recteur IPK
Ti gason sa fè koze sou batri sa yèswa dimanch 03 Me 2026 la nan premye anivèsè jazz sa ki rele KAÏMIT LA nan vil Okap. Koman nou wè l pase? Nap jwenn tout live la sou YouTube Ing Pekenito ak 2 lot Mizik li jwe ankò, klike la 👉🏾 youtu.be/KLjtPSvmSfI?si… Relèv la asire! 🔥🔥🔥
YouTube video
YouTube
HT
0
0
1
28
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
WhatsApp ap prepare pwòp sèvis cloud pa li pou moun ka sovgade foto, videyo ak fichye yo pataje sou aplikasyon an, san yo pa depann sèlman de Google Drive sou Android oswa iCloud sou iPhone. Sa ki fè nouvèl la enteresan, se paske WhatsApp vle mete chifreman bout-an-bout kòm règ prensipal la, sa vle di menm Meta pa ta dwe kapab li kontni sa yo dirèkteman; men sa pa vle di pa gen okenn done ditou ki rete vizib, paske enfòmasyon tankou kantite espas ou itilize, konbyen fwa ou fè backup, ak jan done yo òganize kapab toujou egziste kòm metadone. Sou yon bò, sèvis sa a ka bay itilizatè yo plis kontwòl ak plis konfidansyalite; sou yon lòt bò, li montre tou kijan gwo platfòm yo ap chèche fè nou rete pi fon andedan ekosistèm pa yo. Lè WhatsApp pwopoze 2 GB gratis epi petèt yon plan 50 GB anviwon 152 goud (1,16 USD), sa parèt tankou yon ti sèvis senp, men lè w sonje WhatsApp gen plizyè milya itilizatè atravè mond lan, menm yon ti abònman konsa ka tounen yon gro sous lajan pou Meta. Nan epòk n ap viv la, cloud pa sèlman yon kote pou sere foto; li vin tounen yon nouvo teren batay pou kontwòl done, fidelizasyon itilizatè ak pouvwa ekonomik. Kesyon an pa sèlman “kote m ap sere backup WhatsApp mwen?”, men pito “ki konpayi k ap vin gen pi gwo wòl nan lavi dijital mwen?” #TEKTEK
HT
0
4
22
1.6K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
YouTube fè yon gwo chanjman ki pral fè anpil moun kontan : fonksyon Picture-in-Picture la ap vin gratis pou tout moun, sou Android ak iPhone. Sa vle di ou ka ap gade yon videyo YouTube, ou soti nan aplikasyon an, epi videyo a kontinye jwe nan yon ti fenèt pandan w ap reponn mesaj, tcheke imel, navige sou entènèt oswa itilize lòt app. Men gen yon ti detay enpòtan : sa ap mache sitou pou videyo long ki pa mizik; videyo mizik yo ap toujou rete plis pou moun ki peye YouTube Premium. Donk, se yon bon nouvèl pou moun ki renmen aprann, swiv podcast, gade emisyon, fòmasyon ak analiz san yo pa rete bloke sou YouTube sèlman. Men si ou poko wè opsyon an sou telefòn ou, pa panike : Google ap aktive li piti piti. #TEKTEK #YouTube #Android #iPhone
HT
7
15
98
3.8K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Pwoteksyon sivil
Pwoteksyon sivil@Pwoteksyonsivil·
#𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 #𝐌𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨🌦️🌦️🌧️𝐣𝐞𝐝𝐢 𝟑𝟎 𝐚𝐯𝐫𝐢𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Vapè dlo nan atmosfè a, ak lòt kondisyon meteyo jodia, ka pwovoke aktivite lapli ak kout loray nan anpil zòn nan 𝐝𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐆𝐫𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧𝐬, 𝐒𝐢𝐝 𝐚𝐤 𝐤𝐞̀𝐤 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐠𝐫𝐚𝐧 𝐧𝐨̀ 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚…
Pwoteksyon sivil tweet media
HT
1
2
3
327
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Pwoteksyon sivil
Pwoteksyon sivil@Pwoteksyonsivil·
#𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢 #𝐌𝐞𝐭𝐞𝐲𝐨🌧️🌤️⛈️𝐦𝐚𝐝𝐢 𝟐𝟖 𝐚𝐯𝐫𝐢𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Fwon fwa ki tabli nan nò zile Ayiti ka lakòz aktivite lapli ak kout loray nan depatman 𝐋𝐰𝐞̀𝐬, 𝐍𝐨̀, 𝐍𝐨̀𝐝𝐞̀𝐬, 𝐒𝐚𝐧𝐭 𝐚𝐤 𝐆𝐫𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧𝐬, nan finisman jounen an ak aswè a.
Pwoteksyon sivil tweet media
HT
0
4
5
587
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Gamy Marcellus | Gami Maselis
Gamy Marcellus | Gami Maselis@theyounggamy·
5 bagay k ap fè Ayisyen rete zanmi w : • Kite li itilize w. • Ou paka di l non nan nenpòt sèvis li mande w. • Fòk ou toujou disponib pou rann li sèvis. • Toujou ba li rezon menm lè li konnen ke li antò. • Di sa li vle tande yo. NB : Apresa se ou k ap devni vye moun lan.
HT
11
32
71
2.3K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
Nou pa dwe li Fenòmèn Ariana a sèlman tankou yon siksè yon jèn fi sou entènèt la; nou dwe li li tankou yon siy ki trè fò sou fason pouvwa ap deplase nan epòk dijital nou ye la a, kote enfliyans pa soti sèlman nan televizyon, radyo oswa gwo enstitisyon ankò, men nan kapasite yon moun pou l kaptire atansyon, emosyon, idantite ak imajinasyon kolektif la sou yon platfòm tankou TikTok; teknikman, sa montre jan rekòmandasyon algoritm yo, videyo kout yo, mande pou vote yo, repetisyon kontni yo ak mobilizasyon kominote yo ka transfòme yon patisipasyon dijital an evènman nasyonal, men pi fon pase sa, sa revele yon verite patriyotik anpil moun santi san yo pa toujou rive esplike l: chak fwa yon Ayisyen leve drapo a deyò, genyen, epi tounen ak diyite, pèp la pa selebre sèlman moun nan, li selebre pwòp bezwen li pou l wè Ayiti egziste yon lòt jan nan je mond lan; se poutèt sa nou wè anpil moun akeyi Ariana, se pa paske moun yo wè sèlman yon vedèt entènèt, men paske yo te wè yon pitit peyi a ki rive antre nan yon sistèm mondyal kote vizibilite se pouvwa, epi ki fè non Ayiti sikile nan yon espas kote anpil lòt nasyon ap lite pou yo parèt tou; se la pi gwo leson an ye: nou antre nan yon tan kote teknoloji pa sèvi konsa konsa, li sèvi pou konstwi senbòl, rasanble emosyon, fòme nouvo lidè opinyon, epi bay yon pèp ki souvan blese, fatige ak fristre, yon ti moman fyète kote li ka di ak tout fòs li, nou la, nou konte, epi nou kapab briye tou. #TEKTEK
HT
9
31
105
13.2K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨@cheelovejunior2·
Konfyans lan pa vini yon sèl kou, se sak fè moun k ap trèt ou a pa parèt vrè vizaj li avan tou.
HT
0
8
35
1.1K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨@cheelovejunior2·
Lè w dezobeyi zansèt ou li fè w peye pri an doub, vrè fòs yo la se nou ki pran yo pou jwèt, pa plenyen lè yo fè nou kriye an jwèt tou.
HT
0
5
18
742
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Amerique.info7
Amerique.info7@AmeriqueInfo7·
Men kijan anbyans lan te ye nan Sitadèl la anvan dram ki lakòz lanmò 30 jèn fi ak gason, jodi samdi 11 avril 2026 la. N ap raple espas Sitadèl la pa fèt pou kalite aktivite sa yo. Sa montre aklè nan ki nivo iresponsabilite otorite ki alatèt peyi a ye.
HT
16
13
48
7.4K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
Meta fè yon gwo antre nan lagè entèlijans atifisyèl la ak lansman Muse Spark, yon nouvo asistan AI yo mete GRATIS pou tout moun itilize, ki deja disponib sou meta.ai epi ki pral byento entegre dirèkteman nan WhatsApp, Instagram, Messenger ak menm linèt entelijan Ray-Ban Meta yo; sa ki fè li espesyal, se kapasite li pou konprann foto ou pran ak telefòn ou, ede w rezoud pwoblèm teknik, analize sa w ap manje, epi menm reponn kesyon medikal avèk plis presizyon (yo di plis pase 1 000 doktè te ede antrene li), pandan li gen kapasite pou reflechi sou pwoblèm konplèks ak lojik tankou yon moun; sou plan pèfòmans, Muse Spark deja klase nan TOP 5 pi bon AI nan mond lan, dèyè kèk modèl tankou GPT-5.4 ak Gemini 3.1 Pro, men li gen yon gwo avantaj: li pi efikas, li itilize mwens resous pou bay rezilta, sa ki ka rann li pi rapid ak plis aksesib pou itilizatè yo; Meta klè sou objektif li: pran plas nan tèt mache AI a epi fè konpetisyon dirèk ak ChatGPT, e Gemini, men gen kesyon ki rete sou sekirite, transparans (paske modèl la pa open source), ak limit li nan kèk travay avanse; yon bagay ki sèten, batay ant gwo konpayi teknoloji yo ap vin pi cho chak jou, epi Muse Spark ka chanje fason plizyè milyon moun pral itilize AI nan lavi yo chak jou rete branche ak TekTek pou w konprann tout sa kap vini yo. #TEKTEK
HT
0
5
19
987
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨@cheelovejunior2·
Si lannwit ak lajounen pa sanble li fasil pou konprann pouki nou menm lèzòm nou diferan.
HT
2
8
23
738
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
DADE
DADE@josephvergentz·
Konte sou moun ka fè w fè tout vi w pa janm regle anyen pou tèt ou.
HT
1
7
20
559
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
iPhone 17 Pro Max la fè yon gwo antre nan listwa teknoloji: pandan misyon Artemis II an , astwonòt yo itilize li pou pran foto Latè ak menm Lalin nan depi lespas , sa ki fè li premye smartphone ki rive fè sa nan yon misyon konsa. Sa ki pi enteresan an, Apple pa t menm patisipe nan okenn patenarya ofisyèl ak NASA; se ajans lan menm ki teste, valide sekirite telefòn nan epi otorize astwonòt yo sèvi avè l pou itilizasyon pèsonèl, tankou pran foto. Rezilta a? Yon “publicité” gratis ki pa gen pri, paske imaj sa yo ap fè tour mond lan epi yo montre klèman kapasite kamera iPhone lan nan kondisyon ekstrèm. Menm EXIF foto yo konfime se vre iPhone ki pran yo. Sa vin voye yon mesaj fò bay lòt mak tankou Samsung, Xiaomi oswa Google Pixel ki toujou ap fè gwo pwomosyon sou kamera yo: nan youn nan misyon espasyal ki pi enpòtan nan epòk nou an, se iPhone yo te chwazi. Sa montre jan pwodwi a vin tounen yon zouti chak jou ki ka menm rive jis nan lespas, e li mete Apple nan yon pozisyon kote li pa bezwen pale twòp pou pwouve valè li… reyalite a pale pou li #TEKTEK
Tektek tweet media
HT
5
11
65
4.4K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
DADE
DADE@josephvergentz·
Aprè Direksyon Depatmantal Edikasyon Nò fin Entèdi Aktivite ki rele Festi Color a nan tout Lekòl yo. N ap mande pou Komisè Gouvènman ak tout Lòt Otorite ki konsène yo pou yo Entèdi Minè rantre nan Espas ki vann Alkòl sèlman ak Espas ki gen jwèt Paryaj yo. Pito Minè yo gen Pwoblèm ak nou Kounye a , olye pi devan yo ba nou pote Chay di se nou ki te pi gran , nou pat janm di anyen. @Jhanedouze @angiebell1804
DADE tweet media
HT
4
26
42
2.8K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨@cheelovejunior2·
Moun ki prèske envizib nan zye sosyete a, se yo menm ki gen reyalite lavi a nan men yo.
HT
2
10
32
1.2K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
Tektek
Tektek@iam_tektek·
Jodi a, teknoloji rive nan yon nivo kote entèlijans atifisyèl ka kreye mizik ki sanble ak sa moun fè a tèlman byen, prèske pèsonn pa ka fè diferans ankò: yon etid montre 97% moun pa rive rekonèt ki mizik ki soti nan IA ak kiyès ki fèt pa yon atis reyèl. Sa vle di demen ou ka ap tande yon mizik ou renmen anpil, men ou pa menm konnen si gen yon moun dèyè li oswa se yon òdinatè ki pwodwi li depi nan kòmansman rive nan fen. IA la ka analize milye mizik, konprann stil, vwa, ritm, epi kreye nouvo mizik ki adapte ak gou moun yo, sa ki fè li vin trè pwisan pou dekouvèt nouvo son. Men an menm tan, anpil moun kòmanse enkyete, paske si mizik vin twò otomatik, li ka pèdi orijinalite li, emosyon imen an, ak kreyativite ki fè yon mizik espesyal. Se pa kesyon si IA ka fè mizik ankò, paske li deja fè li trè byen; kesyon an se pito: èske nou pral kontinye bay menm valè ak mizik si nou pa menm konnen kiyès ki vrèman kreye li? #TEKTEK
HT
3
2
26
1.4K
Ing Pekenito Le Recteur IPK retweetledi
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨
CH££LOV£…♏️🌐🫧✨@cheelovejunior2·
Anpil moun se flè sezon yo ye, jodia yo avè w demen w ap chèche yo ou pa wè yo.
HT
2
14
35
1K