

Joey
58 posts







Lè w wè Pjay, atitid li, look li, estil li pa ka ba w manti non. E miche se nèg ki konnen sa l ap fè a tou. Pandan miche pale de rapè k t ap fè Rap pou viza a, genyen k jwenn viza a, ki rive dèyè a, epi k al chante pito. Mouvman snitch nèt wi.




Lè m te mete SPACKARIOUS nan lis sa a, men de kiyès mwen t ap pale :📍📍📍 Track 1 - BLOW BLOW Track 2 - Gun Shot (yon vèsyon pèsonèl miche te fè ak beat Replik Delmafia a) Miche se nèg Bèlè ! Fred Hype te f on kout travay ak li yon epòk. Ou te konn rapè sa a ?

Eud soti nan ASRAP Pase nan Mystik 703 Duo ak Dade Crazy En solo Burning pa gen pakou sa nan rap san retire anyen sou talan l Men vès Eud sou youn nan pi gwo kolaborasyon rap kreyòl Kay Madan Bruno,Eud nan rap 2002 yo wi,se te Fanm Izi One menm si engra pa janm fè yon omaj pou Goat la. Eud fwote ak tout Goat rap kreyòl yo