mCo.

3.6K posts

mCo. banner
mCo.

mCo.

@mcollinx17

Multipotential soul blending CREATIVITY & PSYCHOLOGY to craft stories, seek meaning, and guide others toward purpose & self-discovery.

Canada Katılım Temmuz 2017
1.1K Takip Edilen2.3K Takipçiler
Sabitlenmiş Tweet
mCo.
mCo.@mcollinx17·
TRAVÈSE Nouvo mizik Byento mCo. ____ 📹 Amazan Charly
HT
1
10
34
1.4K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Wi wi mizapa anje sou sante mantal kreyatè yo, pi gwo anje a rete ekonomik. E gwo defi a se kijan n ka pwoteje zèv atis eyo e sitou pèmèt atis yo ka viv de li. Pou kounya menm pou deklarasyon dwa dotè mwen t ap tande youn nan responsab direksyon sa nan Canada ki t ap di se sèlman sou bònfwa atis k ap deklare zèv yo yo konte pou kounya pou di eske zèv la otantik oubyen kreye pa AI. Yon lòt bò, se kijan atis yo ka kontinye jwi dwa sou zèv yo lè lòt moun deside re-adapte yo ak AI. Se yon pakèt konvèsasyon ki merite fèt. Pa bò lakay nou m swete n pa anreta anko.
Carel Pedre@carelpedre

Nou ekzakteman nan menm kafou lè Consumer CD burning ak Napster. Anpil atis ayisyen te fè mizik epi se lòt moun ki fè kòb sou do yo nan kopi CD ak Jump Drive. M renmen Teknoloji e M renmen remix yo, men si se yon moun ki ap fè kòb la sou do kreyatè orijinal la, fòk nou kòmanse mete baryè.

HT
1
0
0
395
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Bagay sa efreyan anpil pou atizay🥺 mwen patisipe lòtjou nan yon somè sou enpak AI nan mizik la m sezi wè jan seri atis ap ekspoze laperèz yo ak fason zouti AI yo nan mizik detenn sou byennèt yo... ant santiman initilite, sendwom enpostè ak lòt se yon pwoblematik ki mande abòde ak anpil laswenyay.
HT
1
0
4
5.1K
Carel Pedre
Carel Pedre@carelpedre·
Nan kèk mwa ankò sou 10 mizik ayisyen DJ pral jwe nan pwogram 8 ap remix ak cover AI.
HT
18
4
100
14.1K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
8 Avril 2026 Travèse mCo. ---- 📷 Pierre Montas Jacquet Edit : Charly Amazan Artwork : Collinx Mondesir
HT
0
3
15
427
Ado Ado™
Ado Ado™@AdoAdo02·
Jan pèp Ayisyen ap retire kle Chouchou pèp lan nan men Nazon pou bay Izidò a. Men l poko vle…
HT
35
13
146
18.1K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Nou deja apresye sousi transparans lan. Mèsi pou sa. Tan ak eksperyans ap fini pa valide naratif nou vle kreye a. Mwen vrèman kwaze dwèt pou n pa franchi okenn liy wouj k ap fè pèp Ayisyen a mete n nan menm kategori ak konpayi ki pa respekte l ditou kòm kliyan. Nou konprann tou nou p ap gen ni tan sa ak resous tou pou n ap eksplike chak grenn ayisyen ki petèt a tò pral asosye n ak move naratif akoz koulè oranj lan. Se pou sa m mwen soulve pwen estratejik sa e mande pouki n oblije al nan oranj lan si mak la pa rezime ak koulè a vre e si valè n ap defann yo, vizyon nou pote ak esperyans nou vle ofri a lòt koulè diferan te ka rakonte l, ki sa ki tèlman peze nan balans lan ki fè n oblije chwazi oranj lan kanmenm alòske sou mache nou vini an li dekriye deja. Se aspè estratejik sa mwen atire atansyon n sou li e si l pa two ta m t ap ankouraje n reflechi byen sou sa. Mwen ap youn nan moun ki teste eksperyans nou an🙏🏾
Zed Airlines@zedairlines

Mèsi anpil pou mesaj ou ak pou refleksyon ou pote sou sijè sa. Nou konprann trè byen enpòtans senbolis koulè yo ak enpak yo ka genyen sou eksperyans ak santiman kliyan yo. Se yon pwen ki lejitim e nou pran li trè oserye. Sepandan, sa nou vle asire tout kliyan ak patnè nou yo, sèke idantite ZED Airlines pa limite sèlman ak yon koulè. Pi gwo angajman nou, se nan kalite sèvis nou, respè nou genyen pou chak pasaje, ak eksperyans nou vle bati avèk chak grenn moun k’ap vwayaje avèk nou. Nou kwè se atravè pwofesyonalis, ponktyalite, transparans ak atansyon nou pote bay kliyan yo ke nou pral konstwi konfyans lan ki pi enpòtan pase nenpòt eleman vizyèl. Sa pa vle di kestyon koulè a pa enpòtan. Nou rete angaje pou konstwi yon konpayi ki pote fyète, konfyans ak yon nouvo eksperyans pou tout moun. Mèsi ankò pou patisipasyon w,nou apresye sa anpil. @mcollinx17

HT
1
2
3
1.7K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Je m’attendais à une justification beaucoup plus orientée stratégique plutôt que générique. Des réponses à certaines questions, comme les liens émotionnels que vous souhaitez construire avec le public, la perception idéale que vous voulez activer dès votre lancement, les bénéfices émotionnelles dont vous voulez offrir à votre audience, votre positionnement unique, etc. vous auraient amenés à comprendre que les Haïtiens sont particuliers dans leur manière d’interagir avec les marques. Vous sauriez également que l’expérience de marque passe d’abord par les points de contact. Le visuel, notamment le logo, constitue le premier élément de reconnaissance et de connexion. Il est donc assez risqué de choisir une couleur simplement parce qu’elle n’appartient à personne, alors que, sur le marché que vous ciblez, il existe déjà un narratif très négatif associé à un concurrent utilisant cette couleur et ce dégradé. Vous disposez sans doute de moyens importants pour contourner cette situation, mais cela n’enlève en rien le déficit stratégique qui y est associé. Je vous souhaite du succès et vous remercie de contribuer à briser le monopole.
Zed Airlines@zedairlines

Pourquoi utilisons-nous une couleur similaire à une autre compagnie ? Une couleur n’appartient à aucune compagnie en particulier. Elle fait partie d’un langage universel, accessible à tous, et son utilisation ne saurait en aucun cas être interprétée comme une appartenance, une continuité ou une similitude. ZED Airlines s’inscrit dans une démarche profondément différente, avec une vision propre, des standards distincts et une approche centrée sur la qualité, la ponctualité, la flexibilité et surtout la proximité humaine. Nous respectons chaque acteur du secteur, sans aucune discrimination, mais notre identité, notre mission et notre engagement tracent une voie totalement indépendante. Plus qu’une couleur, c’est une expérience que nous construisons. Et cette expérience sera résolument différente…

Français
0
0
5
1K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
@JoMorency Egzakteman, e se la enpòtans moun ki ala fwa konn teren an men ka fè yon lekti avize pou oryante a chita. Akizizyon nouvo mache nan lòt kilti toujou mande founi je gade nan fondamantal kilti a. Pyès gwo mak pa pisan ase pou soumèt kilti yo. Se envès la ki toujou fèt.
HT
0
1
4
180
Jonathan Morency 🇭🇹
sou pwen mCo a, haitibrand devlope yon mak pou yon gwoup afriken/fransè kap rantre sou mache a. yo te vle koulè woz vif la paske yo gen mak la deja an afrik. mw te klè sou yon pwen: woz + lajan pa gen bon pèsepsyon pou anpil ayisyen. erezman yo tande ekspètiz nou. @mcollinx17
HT
1
0
7
1.1K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Mwen totalman dakò ak nyans lan. Mwen sitou kirye pou m wè estrateji ki pral pote demakasyon sa. Nou menm nou patikilye nan jann konekte ak mak, nou bati lyen emosyonèl pasyonèl ak sa nou konsidere kòm pa nou "made in Haiti" lè n gen desspsyon tou nivo degou nou koresponn tou ak nivo pasyon. M twouve l enpridan pou yon mak plonje nan espas nou an sa n pa konsidere dimansyon sosyolojik sa nan nou. Men pa gen anyen ki arete. Se sa k mayifik la e m te di sa talè a gen fason w ka menm itilize sa kòm levye pou chita nouvo mak sa ak yon lòt imaj.
HT
1
0
1
119
Jonathan Morency 🇭🇹
ou fè yon bon pwen mCo. nan airline branding yo rele avyon sa yo “jellybean liveries” e saw dekri a se “color contamination” nan branding. sèlman mw tap nyanse sou sa. jodi a 80% koulè solid sou avyon gen yon sèl lekti toupatou nan mond lan. epòk 70 anpil avyon kòmanse ak yon sèl koulè. se te fashion epòk la, sa te mache. aprè sa, tout lòt konpayi avyon ki vle parèt premium jwenn yon lòt fòmil. 80% blan, 20% aksan. jodia full koulè rete pou konpayi bon mache yo, kliyan kap ap plenyen… EasyJet oranj, Spirit jòn. pou Ayiti, ou dil deja. oranj lan deja gen yon non, yon konpayi, yon souvni, yon repitasyon moun poko bliye. se pa fòseman koulè a ki erè a, se pito pwopòsyon an ak istwa a. konpayi sa antre sou mache a ak tou de sou do yo.
mCo.@mcollinx17

Si sèlman n te konprann jan senbolis koulè gen gwo pwa nan jan moun kreye lyen afektif, si ekip sa te konnen tou move naratif ki gen sou koulè oranj sa pa rapò ak movè eksperyans kliyan lòt konpayi Avyon n genyen an bay, nenpòt jan pa gen okenn fason pou yo ta chwazi oranj lan kòm koulè tou🥺 Menm si l ka gen ekonomi estratejik pou yo pa rapò ak rekonesans fasil, risk yo twòp e ap mande twòp resous pou dekonstwi move naratif yo ka erite gratis de lòt konpetitè yo jis akòz koulè degrade oranj sa. Antouka nap swiv.

HT
1
0
1
587
mCo.
mCo.@mcollinx17·
M pa di konsèp la pa reponn ak okenn estanda, ni pa reprezantatif tou, men pou valè kalifikasyon sa gen nan je Ayisyen, pou paske se yon moman k ap rete nan listwa, m te espere ekip k ap dizay la pouse kreyativite a pi wo pou n kite yon gwoo tras nan memwa kolektif la a travè mayo sa. Se yon okazyon inik pou n rakonte tèt nou e di lemond me kiyès nou ye vreman, pa sèlman nan pase nou ( Ewo Vètyè) men nan prezan nou ak tout pespektiv lavni nou vle desinen ansanm pou montre nanm peyi a pa mouri malgre tibilans yo. Rive rann materyèl yon senbòl dinamik konsa mande anpil refleksyon, anpati, konesans pwofon listwa men yon rega ki pa bloke tou sou sa k ap kwit nan espas lavi Ayiti a lajman laj nan tout kominote Ayisyen yo.
mCo. tweet media
HT
5
4
16
2.3K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Li pa senp men m ka diw deja gen anpil konplèks bò kote Ayisyen nan travay ak pwòp Ayisyen. Anpil moun k ap bay travay souvan panse yo jwenn plis valè ajoute jis paske moun yo anplwaye a pa Ayisyen. Menm bò kote piblik la, li sifi pou di w pa travay ak Ayisyen pou pran sa w fè a o serye menm si kalite a atè plat.
HT
0
0
2
176
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Validite yon naratif pa chita sou eske l vre ou pa non. Li chita sou kwayans ak pèsepsyon ki rive tabli yo nan imajinè kolektif yo. Pa egzanp anpil naratif ki konstwi sou Ayiti nan entènasyonal la pa chita sou laverite men sa pa anpeche le yon Ayisyen rive yon kote se linèt sa yo mete pou gade yo e trete yo. Se pou sa anpil resous envesti pou pran kontwòl naratif. E pran kontwòl naratif pa vle di bay laverite men pito kanalize pesepsyon an pou redwi preska 0 eka ki gen ant sa moun yo wè ak sa ou vle yo wè. Se pa sèlman manti ki ka fè mal nan naratif. Ni laverite tou depi l pa aliye ak vizyon an. Se pa tout verite ki bèl🤗
HT
0
0
0
78
Peterson Benjamin Noel
Peterson Benjamin Noel@PetersonBNoel·
@mcollinx17 Anpil nan naratif yo kreye sou baz mansonj sipozisyon ak swadizan eksperyans yon moun ki pa teni kont de tout reyalite , tout sa ki konstwi sou manti kapab dekonstwi san gwo efò…
HT
1
0
0
99
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Si sèlman n te konprann jan senbolis koulè gen gwo pwa nan jan moun kreye lyen afektif, si ekip sa te konnen tou move naratif ki gen sou koulè oranj sa pa rapò ak movè eksperyans kliyan lòt konpayi Avyon n genyen an bay, nenpòt jan pa gen okenn fason pou yo ta chwazi oranj lan kòm koulè tou🥺 Menm si l ka gen ekonomi estratejik pou yo pa rapò ak rekonesans fasil, risk yo twòp e ap mande twòp resous pou dekonstwi move naratif yo ka erite gratis de lòt konpetitè yo jis akòz koulè degrade oranj sa. Antouka nap swiv.
mCo. tweet media
HT
10
4
20
9.4K
mCo.
mCo.@mcollinx17·
Epi tou, move naratif yon mak k ap sèvi ak yon koulè kreye sou tèt li paretire senbolis koulè sa nan imajinè kolektif la. Men piske asosyasyon moun yo fè ak yon mak nan koulè l dekoule de yon pwosesis kote 1- yon wè mak la, 2 yo al nan imajinè kolektif la pou ranmase inite sans lan, 3 yo asosye l epi reprezante l, li vin frajil anpil lè pou menm sektè a, menm pwodui a, menm òf la, 2 konpayi konpetitè chwazi menm koulè a pandan gen youn ki te gentan kreye move naratif sou eksperyans li bay. Toujou gen fason pou kontoune... gen fason pou itilize sa menm kòm levye. M sèlman di pou janm konnen pèp ayisyen an emosyonèl, li ka mande plis resous pou dekonstwi e rekonstwi sou menm baz senbolik la.
HT
1
0
2
481
mCo.
mCo.@mcollinx17·
@AngelotStVil Sase yon bon pwen wi. Men si se menm ekip la to ta kache nan on lòt bagay diferan nèt a mwenske yo pran pèp la pou bonjan egare🤣
HT
0
0
2
360
mCo.
mCo.@mcollinx17·
@PetersonBNoel Sa m di a pa nwa ou blan. M sèlman diw risk ki genyen nan fason yo ka erite move naratif jis akoz koulè a. M pa di tou yo pap reyisi m pa di tou pa gen ekonomi nan kenbe l. M sèlman di gen risk
HT
0
0
0
51
mCo.
mCo.@mcollinx17·
@saetasport ak @fhfhaiti fè egzakteman menm erè CFI te fè lè l te angaje #FutureBrand pou devlope Mak Payi a san enpliasyon tout kouch nan sosyete a. Sa k rive? Bèl logo, bèl vizyèl men okenn atachman ni lyen emosyonèl popilasyon ak mak sa. Yo pa idantifye yo ak li. Se te yon bèl inisyativ men enpak la jiskounya rete zwilit.
HT
0
1
7
287