PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸

326 posts

PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸 banner
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸

PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸

@sage_panda2

If you doubt your powers, you give power to your doubts. Follow me I'll follow you Back Sage,Cool,NBA #1804

Katılım Eylül 2022
847 Takip Edilen885 Takipçiler
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸 retweetledi
Dorvilus F. Baeur
Dorvilus F. Baeur@dennly109·
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou. Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi. ▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire. ▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje. ▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj… Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale. Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an. Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt. #Security #SafetyFirst
Dorvilus F. Baeur tweet media
HT
83
286
1K
62.5K
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸 retweetledi
Dorvilus F. Baeur
Dorvilus F. Baeur@dennly109·
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Sispann achte tikè avyon sòti Ayiti pou vini Etazini byen chè. Se yon vòl mwens 2è tan, avan ou achte tikè swiv konsèy tweet sa, mwen garanti w wap ”save ” yon valè lajan: (shorturl.at/fACFK) ▪️Pou kòmanse, si se pa yon maryaj wap vini fè isi bat pou w « flexible » nan achte tikè, rezon an senp yon jou sèlman kapab ede w save plis pase $150. ▪️An jeneral, ou pa ta dwe achte tikè w bridsoukou si w pa genyen yon ijans. Vwayaje nan jou semènn yo se pi bon lè pou « book » tikè w paske lasemènn gen mwens aktivite epi lè vòl la pral fèt la se lè sa konpayi avyon yo pwofite monte pri an. ▪️Toujou eseye konpare pri tikè yo sou plizyè vòl sa vle di yon zouti tankou Kayak, Skyscanner, Google flights se pi bon fason pou konpare pri epi chwazi sa ki mwens chè a. Platfòm sa souvan bay bon deal ki ede w « save » lajan. ▪️Toujou eseye wè ki Ayewopò ki pi prè kote w ta renmen desann lan sa kapab ede yon gwo diferans nan pri, kòm ekzanp si wap desann Ayewopò Fort Lauderdale, yon ti chanjman desann Ayewopò Miami konn ede w « save » anpil lajan men sa depann de moun ki ap vin chèche w. ▪️Lè wap veye bon pri konsa toujou “clean browser “ pou retire “cookies”oubyen ale an mode incognito paske “cookies” an ede konpayi avyon yo swiv ou, yo ka menm monte pri a sou ou rapid rapid. ▪️Espesyalman si yon benefisyè pwogram Biden lan ap antre isi Etazini li kapab achte yon “one way” tikè , si ou ta achte yon “round trip” se yon lajan pèdi. Epi pa bliye achte tikè w lè “Travel Authorization “ ou nan men ou pou si gen chanjam pou pa pèdi kòb ou. ▪️ Dènye pwen an se fason sa, imajine w ou ta gen lide antre isi semènn 20 Janvye , pri nòmal tikè sa yo preske $400 depann de avyon wap pran men ak link sa ki souvan bay gwo “discount”menm tikè sa ap koute w $182 dola. “Save” preske $200 dwe nan avantaj ou kèlkeswa nan “state”ou prale a. Kidonk #bookmark link sa pou lè w bezwen : 👉 shorturl.at/fACFK #travel #Airport #bestprice
Dorvilus F. Baeur tweet mediaDorvilus F. Baeur tweet mediaDorvilus F. Baeur tweet mediaDorvilus F. Baeur tweet media
HT
24
166
438
48.7K
Clarens Charles
Clarens Charles@Clarenscharles_·
Kòmanse gen moun 24 Janvye kap konfime wi 🇺🇸🇺🇸🇺🇸🇺🇸🇺🇸🔥🔥🔥🔥
Clarens Charles tweet media
HT
9
3
256
16.6K
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸@sage_panda2·
Gade yon sezisman, Ha vye koze, uscis USCIS ap maltretem yon bò X la ap blom yon lot Bò. Mw t 1750 Abonnés yo desan ladan 😭😭😭😭 Edem remonter guys please.
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸 tweet media
HT
0
0
1
66
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸@sage_panda2·
....
Dorvilus F. Baeur@dennly109

#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Se vre Pwogram #Biden lan fè anpil kè kontan men li kreye anpil fristraksyon ak konfizyon tou. 𝐌𝐞𝐧 𝟕 𝐩𝐢 𝐠𝐰𝐨 𝐟𝐫𝐢𝐬𝐭𝐫𝐚𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐏𝐰𝐨𝐠𝐫𝐚𝐦 𝐁𝐢𝐝𝐞𝐧 𝐬𝐚 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐞 𝐝𝐞𝐩𝐢 𝐥𝐢 𝐤𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐣𝐨𝐮𝐬𝐤𝐚 𝐣𝐨𝐮𝐧𝐞𝐧 𝐣𝐨𝐝𝐢 𝐚: ✔️ Pwogram lan pa chita sou “First come first serve “ vre, daprè anpil moun li pa fè okenn sans pou yon moun ki aplike depi an Janvye toujou ap tann repons aloske youn ki aplike an Jiyè, 7 mwa aprè gentan jwenn repons, rantre #Etazini e menm kòmanse travay epi moun ki te aplike avan ap tann toujou. ✔️ Se vre Ajan ki ap pran dezisyon pou asepte oubyen rejte yon aplikasyon gen pouvwa pou pran desizyon sou nenpòt “case” jan yo vle men daprè konsta anpil nan desizyon yo pa vrèman jistifye. Ou ka mande sou ki baz, yon sipòtè jwenn yo reponn plis pase 16 aplikasyon li fè youn aprè lòt alòske yon lòt ki se yon potansyèl sipòtè ki ta dwe kalifye daprè kritè yo pa jwenn yo reponn youn nan aplikasyon li fè yo. ✔️ Youn nan lòt gwo fristraksyon ankò se tan Humanitarian Affairs Branch (HAB) pran pou korije yon aplikasyon yo reponn men ki gen kèk erè ladan l. Gen erè ki pran 3 jouska 4 mwa pou korije poutan yon senp koreksyon tap sifi. Wi, yo gen anpil dosye yap manyen vre men yon dosye ki apwouve deja ta dwe gen priyorite paske l apwouve deja. ✔️ Jiskaprezan Ayisyen pa Jann kapab jere pwoblèm “double authentification ” ak nimewo telefòn digicel/Natcom yo an lè yap fè #CbpOne. Pwoblèm sa lakòz gen benefisyè ki fristre anpil lè yap vanse sou etap sa. ✔️Men youn nan fristraksyon ankò benefisyè yo pa sispann plenyen pou li, se fristraksyon ki kreye lè yon benefisyè gen yon timoun ki apwouve. Anpil monte desann nan zafè sosyal, monte desann devan jij pou jwenn papye pou timoun lan vwayaje si li ap pati ak yon fanmi. Benefisyè yo estime li te kapab pi senp paske gen timoun ki apwouve alòske tou 2 paran li yo deja ap viv Etazini deja. Yon senp otorizasyon paran ak yon moun responsab ta dwe rann dosye a pi fasil. ✔️ Zafè pwoblèm imèl lan kreye anpil fristraksyon jouska jounen jodi a. Se yon konsta ki verifye si te gen 2 fason pou resevwa konfimasyon an li tap pi bon, sèl kominikasyon ki genyen se imèl tout moun ap tann, imèl la menm anpil mal ekri , anpil bloke nan eseye chanje modpas, benefisyè yo estime li tap plis ede yo tou si yo te ka jwenn alèt sou telefòn yo tou paske preske chak fanmi an Ayiti gen yon telefón pòtab. ✔️ Lòt gwo fristraksyon an se Konpayi avyon yo ki pwofite fè anpil lajan ak ayisyen yo lakòz Pwogram lan. Nou tout konnen pri biyè avyon sòti Ayiti rive Etazini. Benefisyè yo estime si pat gen yon presyon pou rantre Etazini nan 90 jou ou fin apwouve a, Konpayi avyon yo te ka desann pri yo tou. ✔️Dènye fristraksyon an mwen chwazi di l tou ba, kòm mwen konnen nou entèlijan anpil na konprann. Konsekans friskasyon yo anpil, yo lakòz anpil moun ki tap tann repons Pwogram Biden lan lage pye yo. Yo fè lòt wout… Nou ka konprann nou nan mitan gwo kriz, yon moun ki te gentan aktive t ap toujou chèchè lòt mwayen. Bourik chaje pa kanpe. Men tout sa se konsekans Pwogram lan ki pa reponn jan li te pwomèt li avan - yon repons nan 90 jou- , moun ki aplike avan ap jwenn repons avan . Tout sa lakòz pil fristraksyon nou wè la yo. Note: Li di pou asepte verite sa men se yon reyalite nou dwe anbwase, pa vann sa nou genyen pou fè lòt wout paske gen anpil dout sou reyisit wout sa yo. Pandan nap tann imèl tou, pa kanpe rèv nou yo, kontinye ale Lekòl, jwenn lòt altènativ, kontinye viv jan nou te konn viv pou si “case” nou pa apwouve pou sa pa ogmante doulè nou. 𝑌𝑜𝑛 𝑚𝑒𝑠𝑎𝑗 𝑘𝑜𝑛𝑠𝑎, 𝑠𝑖 𝑙𝑖 𝑟𝑖𝑣𝑒 𝑛𝑎𝑛 𝑧𝑜̀𝑟𝑒̀𝑦 𝐻𝑢𝑚𝑎𝑛𝑖𝑡𝑎𝑟𝑖𝑎𝑛 𝐴𝑓𝑓𝑎𝑖𝑟𝑠 𝐵𝑟𝑎𝑛𝑐ℎ (𝐻𝐴𝐵) 𝑚𝑤𝑒𝑛 𝑔𝑎𝑟𝑎𝑛𝑡𝑖 𝑤 𝑦𝑜 𝑝𝑎𝑝 𝑟𝑒𝑡𝑒 𝑠𝑎𝑛 𝑦𝑜 𝑝𝑎 𝑎𝑗𝑖, 𝑠𝑒̀𝑙 𝑠𝑎 𝑜𝑢 𝑔𝑒𝑛𝑦𝑒𝑛 𝑝𝑜𝑢 𝑓𝑒̀ 𝑠𝑒 𝑝𝑎𝑡𝑎𝑗𝑒 𝑙, 𝑙𝑖𝑘𝑒 𝑙𝑖, 𝑘𝑜̀𝑚𝑎𝑛𝑠𝑒 𝑘𝑖 𝑓𝑟𝑖𝑠𝑡𝑟𝑎𝑘𝑠𝑦𝑜𝑛 𝑃𝑤𝑜𝑔𝑟𝑎𝑚 𝑙𝑎𝑛 𝑘𝑟𝑒𝑦𝑒 𝑏𝑜̀ 𝑘𝑜𝑡𝑒 𝑤.

QST
0
0
0
95
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸 retweetledi
ENLOJA
ENLOJA@enloja·
Canada 🇨🇦 lanse program humanitaire la, lap pran 11 mil moun , Haitien, Colombiens ak Venezuelien. Plis détails 👇🏾 enloja.ca/actualites/le-…
HT
18
70
285
29.6K
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸
PANDA🐼🐻🇭🇹🇺🇸@sage_panda2·
💥💥💥💥
Dorvilus F. Baeur@dennly109

#𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐨𝐥𝐨𝐠𝐢𝐞𝐬: Depi #Nude pran lari se anpil panik, sa tout moun ka konprann sa e sa kapab rive tout moun. Erezman gen yon solisyon pou desann tout nude ki pran lari sou tout platfòm yo pataje. Pran san w li tweet lan byen. ✔️Jiskaprezan takeitdown.ncmec.org se youn nan pi bon website ki ede retire billion foto / videyo nude, seksyèl online. ✔️Pou kòmanse #TakItDown gratis. Ou pa bezwen voye foto oubyen videyo pou yo ede ou. Dayè #TakItDown se yon sèvis @MissingKids yon gwo òganizasyon ki la pou ede jere pwoblèm sa yo. ✔️Ann di nan moman lanmou, ou te pataje yon #nude ak yon patnè ki pral menase w pou pataje l pou fè w mache. Ke moun lan fè l oubyen non, ONG sa la pou ede w. ✔️ Li te mèt yon foto lè ou te gen 18 an oubyen plis, wap jwenn èd pi rèd ak stoppncii.org. ✔️Pou m montre nou kijan #TakItDown pran pwoblèm sa yo serye pi gwo soutyen finansye li genyen se #Meta. Wi, Meta platform ki ap jere, #Facebook, #Instagram ak #Thread. Ou pa menm bezwen telechaje imaj ki ap vire sou internet la yap prepare yon “fingerprint “ pou #Nude lan depi ou repote l. ✔️ Aprè #TakItDown kòmanse fè travay li kelkeswa platfòm ki pataje foto a ap #flag jis pou ba nou yon lide kòm pa gen jwèt nan zafè pataje foto toutouni moun sou entènèt la san yo pa bay avi yo. ▪️Se te teknoloji, yon topic ki rale tout detay sou technoloji ki pase sou @dennly109 . Pa bliye pataje ak lòt zanmi.

ART
0
0
1
104