Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹

494 posts

Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹 banner
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹

Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹

@PJacquespie

Lecturing Fellow in🇭🇹 Kreyòl & Culture at Duke 📖 & Stanford 📖. PrDir. 4 DukeEngage in Miami☀️. Join me in moving Kreyòl forward ✈️ . Kay pou ou🌹KREYOLIS🪘!

Durham-NC-USA || Okap-Nò-Ayiti เข้าร่วม Mart 2014
1.5K กำลังติดตาม1.5K ผู้ติดตาม
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Viv lavi w ak disiplin ak prensip pou demen pou zanmi ak fanmi pa mande w sa w t ap regle lè w te jenn fanm/gason oswa lè w t ap travay. Pa bliye pwovèb la di : “Jan w ranje kabann ou se konsa w dòmi .”
HT
0
0
0
346
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Ayiti kalifye, se byen. An nou pwofite momentum nan pou rantre lajan pou seleksyon an. Pou ki federasyon an (FHF) pa travay ak yon antrepriz pou fabrike yon milyon mayo, e menm plis, prese prese ? Konsa, Ayisyen tout kote va jwenn yon fason pou sipòte seleksyon an ? E lajan sa a ta ka sèvi seleksyon an nan preparasyon li pou Mondyal 2026 la. Mayo yo te sipoze disponib menm kote nouvèl la di Ayiti kalifye. Domaj ! Si sa ta rive se mwen ak de twa moun ki pa konnen si mayo yo disponib. FHF, tanpri di nou kote n ap jwenn mayo yo. Moun ki nan dyaspora a ap kontan achte mayo pa yo pou sipòte ekip la. Ayisyen anndan kou deyò ap kontan fè sa. Epi de twa moun ki zanmi Ayiti ka achte tou. Antan n ap selebre, an nou jenere lajan pou nou kore ekip la. Pou fini, FHF ta sipoze deja ap travay sou konsepsyon yo lo mayo ki ta dwe disponib 2 senmenn anvan Ayiti jwe premye match li nan Mondyal 2026 la. Konsa, moun ki prale nan match la va mete mayo sa a pou pote sipò yo bay ekip la, e sila yo ki pa kapab deplase va mete mayo a antan yo chita lakay yo ap gade match la. Si FHF pa ka fè sa, se pou l jwenn yon antrepriz ki ka ede l fè sa. Pa rate momentum nan.
HT
0
0
0
399
Anthony Ballas
Anthony Ballas@tonyjballas·
M ap aprann kreyòl Ayisyen kounye a, epi, mwen dwe di, li vrèman agreyab, plis pase anpil lòt lang.
HT
2
3
22
939
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Pou Grenadye yo Nou fè Ayiti bèl bravo pou nou bèl viktwa douvan Nikaragwa nou konn sa Ayiti vo Grenadye yo viv pou Ayiti Ayisyen tout kote ka di viv Ayiti randevou kase pou 2026 fwa sa a Ayiti p ap soti tris Yon nouvo jenerasyon boul nesesite pou nouvo dirijan yon lòt Ayiti kote lavi fleri katon wouj pou sila yo k ap mate li
HT
0
1
3
461
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
2025 Haitian Film Series. Nov. 7, 14, and Dec. 5, 12 at 7:00 pm EST. Fim se yonn nan pi bon zouti ki gen pou konnen sa k ap pase nan yon sosyete. Kite kout kamera yo pale ak nou pou nou sa wè nan ki mera nou ye. Konsa, n a konprann se pa kamera yo pou n kraze, ni choute sou moun ki dèyè kamera yo. Men, se chita n ak atitid nou pou n ranje. N ap tann ou depi orè a/yo bon pou ou. Klike sou lyen an sa a lè lè a/yo rive. Mèsi davans. duke.zoom.us/j/95905047959 959 0504 7959
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹 tweet media
HT
0
2
3
681
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Pou Papa Nasyon an Nou lonmen non w nou pa detounen w kote w kouche a la se pa de kesyon w ap poze Ki sa n ap fè ak Ayiti Ki Ayiti n ap kite pou timoun yo Ki timoun n ap kite pou Ayiti Ki lè n ap ranmase karaktè n Vwa w pa sispann klewonnen libète ak jistis pou tout moun chapo ba devan fòs kouraj ou rèspè pou ou Papa libète ak diyite
HT
0
1
1
417
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Ayiti peyi defi Ayiti peyi diri Ayiti peyi mayi Ayiti peyi maji Ayiti peyi beni Ayiti peyi Simbi Ayiti peyi vivi Ayiti peyi kouri Ayiti peyi zonbi Ayiti peyi modi Ayiti peyi grigri Ayiti peyi Èzili Ayiti peyi Mari Ayiti peyi Jezi Ayiti peyi lavi Ayiti peyi pèdi Ayiti peyi jeni
HT
0
1
2
447
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Pasyon ak pasyans se de (2) eleman kle ou bezwen nan tout sa w ap antreprann. Plis ou devlope yon pasyon pou sa w ap fè a, plis ou motive pou chèche zouti ki pou ede w byen fè travay ou. Plis w ap chèche zouti, se plis w ap devlope kapasite w pou vin kreye pwòp zouti pa w. E se plis w ap aprann, plis w ap poze kesyon. Konsa, w ap anrichi konesans ou nan domèn pa w san kanpe. Plis w ap kontinye devlope yon pasyon pou sa w renmen, se plis w ap anvi pataje sa w konnen, sa w dekouvri ak tout lòt moun ki enterese nan domèn ou, e menm sa ki pa ladan. Pasyans mande tan, anpil tan ak angajman. Plis ou pasyan, plis ou gen posiblite pou travay nan lapè, plis ou bay tèt ou tan pou aprann/enfòme w sou sa w ap fè a, rekonèt kote w fè erè pou ka amelyore travay ou. Epi, se plis w ap konsantre w sou travay ou pase w pèdi tan w nan plede konpare w ak lòt moun. Konsa, w ap rive kreye pwòp zouti w pou devlope bonjan estrateji, aprann fè koneksyon epi bati yon rezon ki djanm pou travay w ap fè a rive touche plis moun. Plis ou gen pasyans, plis ou bay tèt ou rezon pou kwè nan lasyans, e se plis tou ou pral aji ak bon sans. Sa pa vle di ou pa ka twonpe w, men chans pou twonpe w lan mwens pase lòt moun ki kwè nan bouyi vide/tout voum se do/ nan kote sa bon/nan kote van an vire a. Plis nivo pasyon w ap ogmante pou sa w ap antreprann nan, plis ou kwè nan inovasyon/kreyasyon e se plis ou bay tèt ou tan pou kolekte enfòmasyon nan domèn pa w la pou ka toujou amelyore fòmasyon w. De (2) eleman kle sa yo, pasyon ak pasyans, ap ede w anpil nan lavi a. Konnya, konnen ki jan pou devlope yo se enpòtan. E nenpòt jan w manyen/anbrase yo, you tou de mande tan. Depi w chwazi tan kòm pi bon zanmi/alye w, se difisil anpil pou pa kite yon bèl eritaj pou peyi w, pou kominote pa w la nan domèn ou te chwazi a, kote pasyon ak pasyans se (te) bousòl ou. Viv lavi w ak pasyon, aji ak pasyans.
HT
0
0
1
308
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Mèsi konpatriyòt. M wè se yon plim wouj ou gen nan men w vre. Se byen to remak la. M nan lojik kote lè 2 fòm yo posib, moun k ap ekri a gen chwa paske sa pa chanje anyen nan sans fraz la. Epi li pa fè kontraksyon an tounen yon grenn mo nan vèsyon ekri a. Konsa, okenn nan fòm yo pa fouti twouble yon leksikograf (natif oswa etranje) ki vle kolekte mo nan lang lan pou l kouche yo nan yon diksyonè swa bileng swa monoleng.
HT
1
0
0
46
Plim Wouj
Plim Wouj@plimwouj·
@PJacquespie Viv pwofesyon ou ak anpil pasyon, se youn nan pi bèl fason pou ogmante nivo pwodiksyon w. Nivo pasyon ou, nivo kreyasyon/inovasyon ou, epi bilan misyon ou.
Plim Wouj tweet media
HT
1
0
0
104
Jacques Pierre || AN NOU VIV AN/POU KREYÒL ❤️ 🇭🇹
Pa kite moun fè w kwè paske w twò jèn oswa twò granmoun ou pa kapab pote koutmen pa w nan leve eskanp figi peyi w. Erè total kapital. Nou bezwen yon bèl dozaj ant jèn moun ak granmoun ki konpetan, kalifye, onèt, patriyòt, vizyonè ak devwe pou fè peyi a mache. Chak tranch laj yo gen fòs pa yo ak feblès pa yo. Se resèt dozaj la pou nou jwenn.
HT
0
1
8
1.4K